< Aje 2 >

1 Nan venteyen jou nan setyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote Aggée, pwofèt la. Li te di:
El 21 del mes séptimo, la Palabra de Yavé vino por medio del profeta Hageo:
2 “Pale koulye a a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e a retay a pèp la e di:
Habla ahora a Zorobabel, hijo de Salatiel, gobernador de Judá, y a Josué, hijo del sumo sacerdote Josadac, y al resto del pueblo:
3 ‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?
¿Quién de ustedes vio esta Casa en su primer esplendor? ¿Y cómo la ve ahora? ¿No les parece como nada en comparación?
4 Men koulye a, se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.
Ahora pues, esfuérzate, Zorobabel, dice Yavé. Esfuérzate tú también, Josué, hijo del sumo sacerdote Josadac, y esfuércese todo el pueblo de esta tierra. Actúen, porque Yo estoy con ustedes, dice Yavé de las huestes.
5 Selon pwomès ke M te fè nou an, depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M t ap viv pami nou. ‘Pa pè anyen!’
Según el Pacto que hice con ustedes cuando salieron de Egipto, mi Espíritu estará en medio de ustedes. No teman.
6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Yon fwa ankò nan yon ti tan, Mwen va souke syèl yo, tè a, lanmè a ak tè sèch la.
Porque Yavé de las huestes dice: Dentro de poco Yo estremeceré el cielo y la tierra, el mar y la tierra seca.
7 Mwen va souke tout nasyon yo. Konsa, gwo richès de tout nasyon yo va vini, e Mwen va plen kay sa a ak glwa,’ pale SENYÈ dèzame yo.
Estremeceré a todas las naciones y vendrán al Deseado de todas las naciones. Y Yo llenaré de gloria este Templo, dice Yavé de las huestes.
8 ‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo.
Mía es la plata y mío es el oro, dice Yavé de las huestes.
9 ‘Denyè glwa kay sa a, va pi gran ke ansyen an,’ pale SENYÈ dèzame yo: ‘Epi nan plas sa a, Mwen va bay Lapè’, deklare SENYÈ dèzame yo.”
La gloria final de este Templo será mayor que la del primero. En este lugar daré paz, dice Yavé de las huestes.
10 Nan venn-kat nan nevyèm mwa a, nan dezyèm ane Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Aggée, pwofèt la. Li te di:
El día 24 del noveno mes, en el segundo año de Darío, vino la Palabra de Yavé por medio del profeta Hageo:
11 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Kounye a mande prèt yo konsènan Lalwa a. Mande yo:
Yavé de la huestes dice: Pregunta ahora a los sacerdotes con respecto a la Ley:
12 Si yon nonm pote vyann sakre vlope nan ke wòb li, e avèk ke wòb li, li touche pen, manje kwit, diven, lwil, oswa nenpòt lòt manje, èske sa ki touche pa li menm va vin sakre?’” Prèt yo te reponn: “Non”.
Si alguno lleva carne consagrada en la falda de su ropa, y con ella toca algún pan, vianda, vino, aceite o cualquier alimento, ¿son santificados? Y los sacerdotes respondieron: No.
13 Anplis, Aggée te mande: “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?” Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”
Hageo dijo: Si un impuro a causa de un cadáver, toca cualquiera de estas cosas, ¿será impuro? Y contestaron los sacerdotes: Será impuro.
14 Epi Aggée te di: “‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo, ak sa ke yo ofri la yo, vin pa pwòp.
Y Hageo respondió: Así es este pueblo y esta nación delante de Mí, dice Yavé. Toda obra de sus manos y todo lo que ofrecen allí es impuro.
15 Alò, koulye a, m ap priye nou byen konsidere sa soti nan jou sa a pou gade dèyè nèt: avan yon sèl wòch te plase sou yon wòch sou tanp SENYÈ a.
Ahora pues, desde hoy en adelante, reflexionen antes que coloquen piedra sobre piedra en la Casa de Yavé.
16 Pandan tout tan sa a, lè yon moun te rive sou yon pil sereyal ak ven mezi, te gen sèlman dis. Lè yon moun te rive sou gwo ja diven, pou rale retire senkant mezi, te gen sèlman ven.
En aquel tiempo, cuando alguien iba a una pila de 20 medidas, solo hallaba diez, o cuando iba al lagar para sacar 50 cubos, solo había 20.
17 Tout zèv ki te fèt ak men nou yo, Mwen te frape ak destriksyon, lakanni, ak lagrèl. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,’ deklare SENYÈ a.
Los golpeé con honguillo, parásito y granizo en toda obra de sus manos, pero ninguno de ustedes se volvió a mí, dice Yavé.
18 ‘Byen konsidere sa, m ap priye nou. Soti nan jou sa a gade dèyè nèt, soti nan venn-katriyèm jou nan nevyèm mwa a; depi jou lè tanp SENYÈ a te fonde a, konsidere sa:
Reflexionen, pues, desde hoy en adelante, desde el día 24 del mes noveno, a partir del día cuando se echó el cimiento de la Casa de Yavé. Reflexionen:
19 Èske semans lan gen tan rive nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va beni nou.’”
¿Está aún la semilla en el granero? Ni la vid, ni la higuera, ni el granado, ni el olivo produjeron, pero desde hoy en adelante los bendeciré.
20 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini yon dezyèm fwa a Aggée nan venn-katriyèm jou nan mwa a e te di:
El 24 del mismo mes vino la Palabra de Yavé por segunda vez a Hageo:
21 “Pale ak Zorobabel, gouvènè a Juda a e di: ‘Mwen va souke syèl yo ak tè a.
Habla a Zorobabel, gobernador de Judá: Yo haré temblar el cielo y la tierra.
22 Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’
Trastornaré el trono de los reinos y destruiré la fuerza de los reinos de las naciones. Volcaré carruajes y a los que suben a ellos. Y caerán caballos y jinetes, cada uno por la espada de su hermano.
23 ‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi konsa, Mwen va fè ou vin tankou yon bag so, paske Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”
En aquel día, dice Yavé de las huestes, te tomaré, oh Zorobabel, hijo de Salatiel, esclavo mío. Te pondré como un anillo de sellar, porque te escogí, dice Yavé de las huestes.

< Aje 2 >