< Abakouk 3 >

1 Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la.
A prayer of Habakkuk the prophet upon Shigionoth.
2 SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.
O LORD, I have heard thy speech, [and] was afraid: O LORD, revive thy work in the midst of the years, in the midst of the years make known; in wrath remember mercy.
3 Bondye soti nan Théman; (Sila) ki Sen an soti nan Mòn Paran. Tan Bèlte Li kouvri syèl la, e tè a vin plen ak lwanj Li.
God came from Teman, and the Holy One from mount Paran. (Selah) His glory covered the heavens, and the earth was full of his praise.
4 Ekla Li tankou reyon solèy la. Gen tras klate limyè ki soti nan men L, e nanpwen anyen ki kache de pouvwa Li.
And [his] brightness was as the light; he had horns [coming] out of his hand; and there [was] the hiding of his power.
5 Devan Li, tout kalite touman mache; dèyè Li, epidemi a swiv sou pye L.
Before him went the pestilence, and burning coals went forth at his feet.
6 Li te kanpe; tè a te sikwe. Li te gade; nasyon yo te etone. Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, ansyen kolin yo te vin efondre. Chemen li yo dire jis pou tout tan.
He stood, and measured the earth: he beheld, and drove asunder the nations; and the everlasting mountains were scattered, the perpetual hills did bow: his ways [are] everlasting.
7 Mwen te wè tant a Cush yo anba detrès. Rido tant a Madian yo t ap tranble.
I saw the tents of Cushan in affliction: [and] the curtains of the land of Midian trembled.
8 Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo? Èske se ak rivyè yo Ou te fache? Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a, ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo, sou cha delivrans Ou yo?
Was the LORD displeased against the rivers? [was] thy anger against the rivers? [was] thy wrath against the sea, that thou didst ride upon thy horses, [and] thy chariots of salvation?
9 Ou te rale banza a soti nan fouwo l; Ou te rele flech ou yo fè semàn an. (Selah) Ou te fann tè a ak rivyè yo.
Thy bow was made quite naked, [according] to the oaths of the tribes, [even thy] word. (Selah) Thou didst cleave the earth with rivers.
10 Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble. Flèv dlo yo te kouri desann. Pwofondè a te gwononde. Li te leve men l anlè.
The mountains saw thee, [and] they trembled: the overflowing of the water passed by: the deep uttered his voice, [and] lifted up his hands on high.
11 Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solay ak lalin nan te kanpe sou plas.
The sun [and] moon stood still in their habitation: at the light of thy arrows they went, [and] at the shining of thy glittering spear.
12 Nan gwo kòlè Ou, Ou te mache travèse tè a. Nan kòlè Ou, Ou te foule mache sou nasyon yo.
Thou didst march through the land in indignation, thou didst thresh the heathen in anger.
13 Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. (Selah)
Thou wentest forth for the salvation of thy people, [even] for salvation with thy anointed; thou woundedst the head out of the house of the wicked, by uncovering the foundation to the neck. (Selah)
14 Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo. Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. Ak gwo lajwa yo te tankou (sila) ki devore malere an sekrè yo.
Thou didst strike through with his staffs the head of his villages: they came out as a whirlwind to scatter me: their rejoicing [was] as to devour the poor secretly.
15 Ou te foule mache sou lanmè a ak cheval Ou yo, sou lam lanmè a k ap boulvèse dlo a.
Thou didst walk through the sea with thy horses, [through] the mire of great waters.
16 Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouiti la lantre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.
When I heard, my belly trembled; my lips quivered at the voice: rottenness entered into my bones, and I trembled in myself, that I might rest in the day of trouble: when he cometh up to the people, he will invade them with his troops.
17 Menmsi pye fig la pa ta fleri, ni pa gen fwi sou branch rezen yo, menmsi donn oliv la vin sispann, e chan yo pa pwodwi manje, menmsi bann mouton an ta koupe separe de pak la, e pa gen bèf nan pak la,
Although the fig-tree shall not blossom, neither [shall] fruit [be] in the vines; the labor of the olive shall fail, and the fields shall yield no food; the flock shall be cut off from the fold, and [there shall be] no herd in the stalls:
18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a. Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen. Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
Yet I will rejoice in the LORD, I will joy in the God of my salvation.
19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen. Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf; Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo. Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.
The Lord GOD [is] my strength, and he will make my feet like hinds' [feet], and he will make me to walk upon my high places. To the chief singer on my stringed instruments.

< Abakouk 3 >