< Abakouk 2 >

1 Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va veye san rete pou wè ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L.
Stat ću na stražu svoju, postavit se na bedem, paziti što će mi reći, kako odgovorit na moje tužbe.
2 Konsa SENYÈ a te reponn mwen. Li te di: “Ekri vizyon an e montre li klè sou tablo, pou (sila) k ap kouri a, ka li l.
Tada Jahve odgovori i reče: “Zapiši viđenje, ureži ga na pločice, da ga čitač lako čita.”
3 Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.
Jer ovo je viđenje samo za svoje vrijeme: ispunjenju teži, ne vara; ako stiže polako, čekaj, jer odista će doći i neće zakasniti!
4 Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.
Gle: propada onaj čija duša nije pravedna, a pravednik živi od svoje vjere.
5 Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm. (Sheol h7585)
Bogatstvo je odista podmuklo! Ohol je i ne može počinuti tko ždrijelo razvaljuje k'o Podzemlje, tko je kao smrt nezasitan, tko sabire za se sve narode, tko kupi za se sva plemena! (Sheol h7585)
6 “Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a (sila) ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?”
Zar mu se neće svi podrugivati, rugalicu i zagonetku spjevat' protiv njega? Reći će: Jao onom tko množi što nije njegovo (a dokle će?) i opterećuje se zalogama!
7 Èske moun ki dwe w yo p ap leve sibitman? Èske yo p ap vin souleve? Anverite, ou va vin piyaj pou yo.
Neće li naglo ustat' vjerovnici tvoji, neće li se probuditi ljuti tvoji tlačitelji? Tada ćeš im plijen biti!
8 Akoz ou te piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.
Jer si opljačkao mnoge narode, sav ostatak naroda opljačkat će tebe, jer si prolio krv ljudsku, poharao zemlju, grad i sve mu žitelje.
9 “Malè a (sila) ki jwenn avantaj malonèt pou lakay li a, pou mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè!
Jao onom tko otimačinu zgrće nepravednu kući svojoj, da visoko svije gnijezdo svoje i otkloni ruku zla!
10 Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te peche kont pwòp nanm ou.
Nanese sramotu kući svojoj: zatirući mnoga plemena, griješiš protiv sebe.
11 Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.
Jer iz samih zidova kamen kriči, a krovna mu greda odgovara.
12 “Malè a (sila) ki bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite!
Jao onom tko grad diže krvlju i tvrđavu zasnuje na nepravdi!
13 Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?
Nije li to, gle, od Jahve nad Vojskama da se narodi za oganj trude, puci nizašto muče?
14 Paske latè va ranpli ak konesans ak laglwa SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè.
Jer će se zemlja napuniti znanja o slavi Jahvinoj kao što vode prekrivaju more.
15 “Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo!
Jao onom tko bližnjeg navodi na piće, ulijeva otrov dok on pije da bi promatrao njegovu nagost!
16 Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.
Ti si pijan od sramote, ne od slave! Pij samo i pokazuj kapicu. Dolazi ti pehar iz desnice Jahvine i sramota na slavu tvoju!
17 Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout (sila) ki rete ladann yo.
Nasilje nad Libanonom tebe će prestraviti, pokolj zvijeri, jer si ljudsku krv prolio, poharao zemlju, grad i njegove žitelje.
18 “Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fome pa yonpwofesè k ap bay manti? Paske (sila) menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bebe.
Čemu koristi tesan lik da ga umjetnik teše? Čemu lijevan lik, lažno proroštvo, da se tvorac njegov u nj pouzdaje oblikujuć' nijeme kipove?
19 Malè a (sila) ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se (sila) a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e pa gen okenn souf ladann.
Jao onom tko komadu drva kaže: “Probudi se!” Kamenu nijemom: “Preni se!” On da prorokuje? Optočen može biti i zlatom i srebrom, ali nikakva daha životnog nema u njemu.
20 Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”
Ali je Jahve u svojem svetom Hramu: nek' zemlja sva zašuti pred njime!

< Abakouk 2 >