< Jenèz 9 >

1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.
上帝賜福給挪亞和他的兒子,對他們說:「你們要生養眾多,遍滿了地。
2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou.
凡地上的走獸和空中的飛鳥都必驚恐,懼怕你們,連地上一切的昆蟲並海裏一切的魚都交付你們的手。
3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.
凡活着的動物都可以作你們的食物。這一切我都賜給你們,如同菜蔬一樣。
4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li.
惟獨肉帶着血,那就是牠的生命,你們不可吃。
5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.
流你們血、害你們命的,無論是獸是人,我必討他的罪,就是向各人的弟兄也是如此。
6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.
凡流人血的,他的血也必被人所流,因為上帝造人是照自己的形像造的。
7 Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”
你們要生養眾多,在地上昌盛繁茂。」
8 Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di:
上帝曉諭挪亞和他的兒子說:
9 “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo,
「我與你們和你們的後裔立約,
10 epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a.
並與你們這裏的一切活物-就是飛鳥、牲畜、走獸,凡從方舟裏出來的活物-立約。
11 “Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”
我與你們立約,凡有血肉的,不再被洪水滅絕,也不再有洪水毀壞地了。」
12 Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo.
上帝說:「我與你們並你們這裏的各樣活物所立的永約是有記號的。
13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.
我把虹放在雲彩中,這就可作我與地立約的記號了。
14 Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la,
我使雲彩蓋地的時候,必有虹現在雲彩中,
15 epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè. Epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè.
我便記念我與你們和各樣有血肉的活物所立的約,水就再不氾濫、毀壞一切有血肉的物了。
16 “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”
虹必現在雲彩中,我看見,就要記念我與地上各樣有血肉的活物所立的永約。」
17 Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”
上帝對挪亞說:「這就是我與地上一切有血肉之物立約的記號了。」
18 Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te Sem, Cham, ak Japhet. Epi Cham te papa Canaan.
出方舟挪亞的兒子就是閃、含、雅弗。含是迦南的父親。
19 Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple.
這是挪亞的三個兒子,他們的後裔分散在全地。
20 Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen.
挪亞作起農夫來,栽了一個葡萄園。
21 Li te bwè diven, e li te vin sou. Konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.
他喝了園中的酒便醉了,在帳棚裏赤着身子。
22 Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.
迦南的父親含看見他父親赤身,就到外邊告訴他兩個弟兄。
23 Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo. Figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li.
於是閃和雅弗拿件衣服搭在肩上,倒退着進去,給他父親蓋上;他們背着臉就看不見父親的赤身。
24 Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la.
挪亞醒了酒,知道小兒子向他所做的事,
25 Konsa li te di: “Canaan se modi. Se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”
就說: 迦南當受咒詛, 必給他弟兄作奴僕的奴僕;
26 Li te di osi: “Beni se SENYÈ a, Bondye a Cham nan. Canaan va sèvitè li.
又說: 耶和華-閃的上帝是應當稱頌的! 願迦南作閃的奴僕。
27 Ke Bondye agrandi Japhet. Kite li viv nan tant Sem yo. Kite Canaan vin sèvitè li.”
願上帝使雅弗擴張, 使他住在閃的帳棚裏; 又願迦南作他的奴僕。
28 Noé te viv twa-san-senkant ane aprè delij la.
洪水以後,挪亞又活了三百五十年。
29 Alò, tout jou a Noé yo te nèf-san-senkant ane, e li te mouri.
挪亞共活了九百五十歲就死了。

< Jenèz 9 >