< Jenèz 8 >

1 E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
神记念挪亚和挪亚方舟里的一切走兽牲畜。 神叫风吹地,水势渐落。
2 Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann.
渊源和天上的窗户都闭塞了,天上的大雨也止住了。
3 Dlo a te bese ofiramezi sou tè a. E apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens.
水从地上渐退。过了一百五十天,水就渐消。
4 Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la.
七月十七日,方舟停在亚拉腊山上。
5 Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib.
水又渐消,到十月初一日,山顶都现出来了。
6 Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a.
过了四十天,挪亚开了方舟的窗户,
7 Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a.
放出一只乌鸦去;那乌鸦飞来飞去,直到地上的水都干了。
8 Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a,
他又放出一只鸽子去,要看看水从地上退了没有。
9 men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.
但遍地上都是水,鸽子找不着落脚之地,就回到方舟挪亚那里,挪亚伸手把鸽子接进方舟来。
10 Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la.
他又等了七天,再把鸽子从方舟放出去。
11 Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.
到了晚上,鸽子回到他那里,嘴里叼着一个新拧下来的橄榄叶子,挪亚就知道地上的水退了。
12 Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.
他又等了七天,放出鸽子去,鸽子就不再回来了。
13 Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Konsa, Noé te retire kouvèti lach la. Li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch.
到挪亚六百零一岁,正月初一日,地上的水都干了。挪亚撤去方舟的盖观看,便见地面上干了。
14 Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch.
到了二月二十七日,地就都干了。
15 Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di:
神对挪亚说:
16 Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo.
“你和你的妻子、儿子、儿妇都可以出方舟。
17 Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.
在你那里凡有血肉的活物,就是飞鸟、牲畜,和一切爬在地上的昆虫,都要带出来,叫它在地上多多滋生,大大兴旺。”
18 Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo.
于是挪亚和他的妻子、儿子、儿妇都出来了。
19 Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè yo, te sòti nan lach la selon espès pa yo.
一切走兽、昆虫、飞鸟,和地上所有的动物,各从其类,也都出了方舟。
20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
挪亚为耶和华筑了一座坛,拿各类洁净的牲畜、飞鸟献在坛上为燔祭。
21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
耶和华闻那馨香之气,就心里说:“我不再因人的缘故咒诅地(人从小时心里怀着恶念),也不再按着我才行的灭各种的活物了。
22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”
地还存留的时候,稼穑、寒暑、冬夏、昼夜就永不停息了。”

< Jenèz 8 >

A Dove is Sent Forth from the Ark
A Dove is Sent Forth from the Ark