< Jenèz 7 >

1 Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.
سپس خداوند به نوح فرمود: «تو و اهل خانه‌ات داخل کشتی شوید، زیرا در بین همهٔ مردمان این روزگار فقط تو را عادل یافتم.
2 Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li. Nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li.
از همۀ حیوانات حلال گوشت، هفت جفت، نر و ماده، با خود بردار، و نیز از حیوانات نجس، یک جفت، نر و ماده،
3 Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a.
و از پرندگان هفت جفت، نر و ماده؛ تا بعد از طوفان، نسل آنها روی زمین باقی بماند.
4 Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
پس از یک هفته، به مدت چهل شبانه روز باران فرو خواهم ریخت و هر موجودی را که به وجود آورده‌ام، از روی زمین محو خواهم کرد.»
5 Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la.
پس نوح هر آنچه را که خداوند به او امر فرموده بود انجام داد.
6 Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.
وقتی که آن طوفان عظیم بر زمین آمد، نوح ششصد ساله بود.
7 Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la.
او و همسرش به اتفاق پسران و عروسانش به درون کشتی رفتند تا از خطر طوفان در امان باشند.
8 Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo,
همه نوع حیوان، چه حلال گوشت چه حرام گوشت، و نیز پرندگان و خزندگان،
9 tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a.
همراه نوح به داخل کشتی رفتند. همان‌طوری که خدا فرموده بود، آنها جفت‌جفت، نر و ماده، در کشتی جای گرفتند.
10 Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.
پس از هفت روز، آب طوفان زمین را فرا گرفت.
11 Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.
وقتی نوح ششصد ساله بود، در روز هفدهم ماه دوم، همۀ آبهای زیرزمینی فوران کرد و باران به شدت از آسمان بارید.
12 Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.
باران چهل شبانه روز بر زمین می‌بارید.
13 O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la,
اما روزی که طوفان شروع شد، نوح و همسر و پسرانش، سام و حام و یافث و زنان آنها داخل کشتی بودند.
14 yo menm avèk chak bèt selon espès yo, tout bèt domestik selon espès pa yo, tout reptil ki kouri atè selon espès pa yo, ak tout kalite zwazo.
همراه آنان از هر نوع حیوان اهلی و وحشی، و پرنده و خزنده نیز در کشتی بودند.
15 Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi.
از هر نوع حیوان که نَفَس حیات در خود داشتند، دو به دو، داخل کشتی شدند.
16 Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
پس از آنکه حیوانات نر و ماده، طبق دستور خدا به نوح، وارد کشتی شدند خداوند درِ کشتی را از عقب آنها بست.
17 Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a.
به مدت چهل شبانه روز باران سیل‌آسا می‌بارید و به تدریج زمین را می‌پوشانید، تا اینکه کشتی از روی زمین بلند شد.
18 Dlo a te monte. Li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a.
رفته‌رفته آب آنقدر بالا آمد که کشتی روی آن شناور گردید.
19 Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri.
سرانجام بلندترین کوهها نیز به زیر آب فرو رفتند.
20 Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri.
باران آنقدر بارید که سطح آب به پانزده ذِراع بالاتر از قلهٔ کوهها رسید.
21 Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun.
همهٔ جاندارانِ روی زمین یعنی حیواناتِ اهلی و وحشی، خزندگان و پرندگان، با آدمیان هلاک شدند.
22 Tout sa ki te sou tè sèk la, ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri.
هر موجودِ زنده‌ای که در خشکی بود، از بین رفت.
23 Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
بدین‌سان خدا تمام موجودات زنده را از روی زمین محو کرد، به‌جز نوح و آنانی که در کشتی همراهش بودند.
24 Dlo a te monte kouvri tout tè a pandan san-senkant jou.
آب تا صد و پنجاه روز همچنان روی زمین را پوشانیده بود.

< Jenèz 7 >

The Great Flood
The Great Flood