< Jenèz 46 >
1 Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.
So Israel set out with all that he had, and when he came to Beersheba, he offered sacrifices to the God of his father Isaac.
2 Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: “Jacob, Jacob.” Jacob te reponn: “Men mwen isit la.”
And that night God spoke to Israel in a vision: “Jacob, Jacob!” He said. “Here I am,” replied Jacob.
3 Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va fè nou vin yon gran nasyon la.
“I am God,” He said, “the God of your father. Do not be afraid to go down to Egypt, for I will make you into a great nation there.
4 Mwen va desann avèk nou an Égypte. Mwen va anplis, an verite, fè nou monte ankò. Epi se men Joseph ki va fèmen zye ou.”
I will go down with you to Egypt, and I will surely bring you back. And Joseph’s own hands will close your eyes.”
5 Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba. Fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, ak pitit pa yo, ak madanm yo nan cha ke Farawon te voye pou pote yo.
Then Jacob departed from Beersheba, and the sons of Israel took their father Jacob in the wagons Pharaoh had sent to carry him, along with their children and wives.
6 Yo te pran tout bèt yo avèk tout byen yo, ke yo te vin gen nan peyi Canaan an, e yo te vini an Égypte, Jacob avèk tout desandan li yo, ansanm
They also took the livestock and possessions they had acquired in the land of Canaan, and Jacob and all his offspring went to Egypt.
7 avèk fis li yo, fis a fis li yo, fi li yo avèk fi a fis li yo, ak tout desandan li yo. Li te mennen tout desandan avèk li, ale an Égypte.
Jacob took with him to Egypt his sons and grandsons, and his daughters and granddaughters—all his offspring.
8 Alò, sa yo se non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la.
Now these are the names of the sons of Israel (Jacob and his descendants) who went to Egypt: Reuben, Jacob’s firstborn.
9 Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi.
The sons of Reuben: Hanoch, Pallu, Hezron, and Carmi.
10 Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin avèk Tsochar; e Saul, fis a yon fanm Kananeyen.
The sons of Simeon: Jemuel, Jamin, Ohad, Jachin, Zohar, and Shaul the son of a Canaanite woman.
11 Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
The sons of Levi: Gershon, Kohath, and Merari.
12 Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.
The sons of Judah: Er, Onan, Shelah, Perez, and Zerah; but Er and Onan died in the land of Canaan. The sons of Perez: Hezron and Hamul.
13 Fis a Issacar yo: Tholy, Puva, Job, ak Schimron.
The sons of Issachar: Tola, Puvah, Job, and Shimron.
14 Fis a Zabulon yo: Séred, Élon avèk Jahleel.
The sons of Zebulun: Sered, Elon, and Jahleel.
15 Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trant-twa.
These are the sons of Leah born to Jacob in Paddan-aram, in addition to his daughter Dinah. The total number of sons and daughters was thirty-three.
16 Fis a Gad yo: Tsiphjon, Haggi, Schuni, Etsbon, Éri, Arodi avèk Areéli.
The sons of Gad: Ziphion, Haggi, Shuni, Ezbon, Eri, Arodi, and Areli.
17 Fis Aser yo: Jimna, Jischva, Jischvi, ak Beria; e sè yo, Sérach. Epi fis Beria yo: Héber avèk Malkiel.
The children of Asher: Imnah, Ishvah, Ishvi, Beriah, and their sister Serah. The sons of Beriah: Heber and Malchiel.
18 Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo.
These are the sons of Jacob born to Zilpah—whom Laban gave to his daughter Leah—sixteen in all.
19 Fis a Rachel yo, madanm a Jacob la: Joseph avèk Benjamin.
The sons of Jacob’s wife Rachel: Joseph and Benjamin.
20 Alò, a Joseph nan peyi Égypte la, te ne Manassé ak Éphraïm, ke Asenath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.
Manasseh and Ephraim were born to Joseph in the land of Egypt by Asenath daughter of Potiphera, priest of On.
21 Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard.
The sons of Benjamin: Bela, Becher, Ashbel, Gera, Naaman, Ehi, Rosh, Muppim, Huppim, and Ard.
22 Sila yo se fis a Rachel yo, ki te fèt a Jacob; te gen katòz moun antou.
These are the sons of Rachel born to Jacob—fourteen in all.
23 Fis a Dan yo: Huschim.
The son of Dan: Hushim.
24 Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem.
The sons of Naphtali: Jahzeel, Guni, Jezer, and Shillem.
25 Sila yo se fis a Bilha yo, ke Laban te bay a fi li, Rachel, e li te fè sa yo pou Jacob; te gen sèt moun antou.
These are the sons of Jacob born to Bilhah, whom Laban gave to his daughter Rachel—seven in all.
26 Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasant sis moun antou.
All those belonging to Jacob who came to Egypt—his direct descendants, besides the wives of Jacob’s sons—numbered sixty-six persons.
27 Fis a Joseph ki te fèt pou li an Égypte yo te de. Tout moun lakay Jacob ki te vini an Égypte yo te swasann-dis.
And with the two sons who had been born to Joseph in Egypt, the members of Jacob’s family who went to Egypt were seventy in all.
28 Alò, li te voye Juda devan li vè Joseph, pou montre li chemen an devan l nan Gosen, epi yo te vini nan peyi Gosen.
Now Jacob had sent Judah ahead of him to Joseph to get directions to Goshen. When Jacob’s family arrived in the land of Goshen,
29 Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.
Joseph prepared his chariot and went there to meet his father Israel. Joseph presented himself to him, embraced him, and wept profusely.
30 Konsa Israël te di a Joseph: “Koulye a kite mwen mouri, paske mwen gen tan wè figi ou, ke ou toujou vivan.”
Then Israel said to Joseph, “Finally I can die, now that I have seen your face and know that you are still alive!”
31 Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: “Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: ‘Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen.
Joseph said to his brothers and to his father’s household, “I will go up and inform Pharaoh: ‘My brothers and my father’s household from the land of Canaan have come to me.
32 Mesye sa yo se bèje, paske yo te konn okipe bèt. E yo te mennen bann mouton pa yo avèk twoupo pa yo, ak tout sa yo posede.’
The men are shepherds; they raise livestock, and they have brought their flocks and herds and all that they own.’
33 “Lè Farawon rele nou e di: ‘Kisa nou fè kòm metye.’
When Pharaoh summons you and asks, ‘What is your occupation?’
34 Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.”
you are to say, ‘Your servants have raised livestock ever since our youth—both we and our fathers.’ Then you will be allowed to settle in the land of Goshen, since all shepherds are detestable to the Egyptians.”