< Jenèz 45 >

1 Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè l yo.
ולא יכל יוסף להתאפק לכל הנצבים עליו ויקרא הוציאו כל איש מעלי ולא עמד איש אתו בהתודע יוסף אל אחיו
2 Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.
ויתן את קלו בבכי וישמעו מצרים וישמע בית פרעה
3 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.
ויאמר יוסף אל אחיו אני יוסף העוד אבי חי ולא יכלו אחיו לענות אתו כי נבהלו מפניו
4 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la.
ויאמר יוסף אל אחיו גשו נא אלי ויגשו ויאמר אני יוסף אחיכם אשר מכרתם אתי מצרימה
5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou.
ועתה אל תעצבו ואל יחר בעיניכם כי מכרתם אתי הנה כי למחיה שלחני אלהים לפניכם
6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dezane sa yo, e gen senk an toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt.
כי זה שנתים הרעב בקרב הארץ ועוד חמש שנים אשר אין חריש וקציר
7 Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.
וישלחני אלהים לפניכם לשום לכם שארית בארץ ולהחיות לכם לפליטה גדלה
8 “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.
ועתה לא אתם שלחתם אתי הנה כי האלהים וישימני לאב לפרעה ולאדון לכל ביתו ומשל בכל ארץ מצרים
9 “Fè vit, monte vè papa m pou di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.”
מהרו ועלו אל אבי ואמרתם אליו כה אמר בנך יוסף שמני אלהים לאדון לכל מצרים רדה אלי אל תעמד
10 Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’”
וישבת בארץ גשן והיית קרוב אלי--אתה ובניך ובני בניך וצאנך ובקרך וכל אשר לך
11 La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.
וכלכלתי אתך שם כי עוד חמש שנים רעב פן תורש אתה וביתך וכל אשר לך
12 Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou.
והנה עיניכם ראות ועיני אחי בנימין כי פי המדבר אליכם
13 Koulye a nou gen pou di papa m tout richès mwen gen an Égypte, ak tout sa nou te wè. Nou gen pou prese mennen papa m desann isit la.”
והגדתם לאבי את כל כבודי במצרים ואת כל אשר ראיתם ומהרתם והורדתם את אבי הנה
14 Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li.
ויפל על צוארי בנימן אחיו ויבך ובנימן--בכה על צואריו
15 Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.
וינשק לכל אחיו ויבך עלהם ואחרי כן דברו אחיו אתו
16 Alò, lè nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo.
והקל נשמע בית פרעה לאמר באו אחי יוסף וייטב בעיני פרעה ובעיני עבדיו
17 Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo, ‘Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan.
ויאמר פרעה אל יוסף אמר אל אחיך זאת עשו טענו את בעירכם ולכו באו ארצה כנען
18 Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’”
וקחו את אביכם ואת בתיכם ובאו אלי ואתנה לכם את טוב ארץ מצרים ואכלו את חלב הארץ
19 “Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini.
ואתה צויתה זאת עשו קחו לכם מארץ מצרים עגלות לטפכם ולנשיכם ונשאתם את אביכם ובאתם
20 Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’”
ועינכם אל תחס על כליכם כי טוב כל ארץ מצרים לכם הוא
21 Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la.
ויעשו כן בני ישראל ויתן להם יוסף עגלות על פי פרעה ויתן להם צדה לדרך
22 A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak senk echanj abiman.
לכלם נתן לאיש חלפות שמלת ולבנימן נתן שלש מאות כסף וחמש חלפת שמלת
23 A papa li, li te voye kòm swivan: dis bourik chaje avèk pi bon bagay Égypte kab pwodwi, dis bourik femèl chaje avèk sereyal ak pen, ak nouriti pou papa l nan vwayaj la.
ולאביו שלח כזאת עשרה חמרים נשאים מטוב מצרים ועשר אתנת נשאת בר ולחם ומזון לאביו--לדרך
24 Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”
וישלח את אחיו וילכו ויאמר אלהם אל תרגזו בדרך
25 Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob.
ויעלו ממצרים ויבאו ארץ כנען אל יעקב אביהם
26 Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. Li pa t kwè yo.
ויגדו לו לאמר עוד יוסף חי וכי הוא משל בכל ארץ מצרים ויפג לבו כי לא האמין להם
27 Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte.
וידברו אליו את כל דברי יוסף אשר דבר אלהם וירא את העגלות אשר שלח יוסף לשאת אתו ותחי רוח יעקב אביהם
28 Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.”
ויאמר ישראל רב עוד יוסף בני חי אלכה ואראנו בטרם אמות

< Jenèz 45 >