< Jenèz 44 >

1 Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li.
约瑟吩咐家宰说:“把粮食装满这些人的口袋,尽着他们的驴所能驮的,又把各人的银子放在各人的口袋里,
2 Plase tas mwen an, tas fèt an ajan an nan bouch sak pi jenn nan, ansanm ak kòb li pou sereyal la.” Epi sa te fèt jan Joseph te mande a.
并将我的银杯和那少年人籴粮的银子一同装在他的口袋里。”家宰就照约瑟所说的话行了;
3 Depi li te fè klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo.
天一亮就打发那些人带着驴走了。
4 Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen?
他们出城走了不远,约瑟对家宰说:“起来,追那些人去,追上了就对他们说:‘你们为什么以恶报善呢?
5 Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’”
这不是我主人饮酒的杯吗?岂不是他占卜用的吗?你们这样行是作恶了。’”
6 Alò, li te rive sou yo, e li te pale pawòl sa ak yo.
家宰追上他们,将这些话对他们说了。
7 Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa.
他们回答说:“我主为什么说这样的话呢?你仆人断不能做这样的事。
8 Gade byen, lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la?
你看,我们从前在口袋里所见的银子,尚且从迦南地带来还你,我们怎能从你主人家里偷窃金银呢?
9 Avèk nenpòt kilès nan sèvitè nou yo ke nou ta twouve l, ke li mouri, e nou osi, nou va devni esklav a mèt nou.”
你仆人中无论在谁那里搜出来,就叫他死,我们也作我主的奴仆。”
10 Alò, li te di: “Konsa kite sa fèt tankou pawòl ou; sila avèk kilès li twouve l la, li va devni esklav mwen, e tout rès nan nou va rete inosan.”
家宰说:“现在就照你们的话行吧!在谁那里搜出来,谁就作我的奴仆;其余的都没有罪。”
11 Alò, byen prese, chak moun te desann sak li atè, pou te ouvri sak li.
于是他们各人急忙把口袋卸在地上,各人打开口袋。
12 Li te fè ankèt, kòmanse avèk pi gran, fini avèk pi jenn nan, e tas la te twouve nan sak Benjamin an.
家宰就搜查,从年长的起到年幼的为止,那杯竟在便雅悯的口袋里搜出来。
13 Konsa, yo te chire rad yo, e lè chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen nan vil la.
他们就撕裂衣服,各人把驮子抬在驴上,回城去了。
14 Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e yo te tonbe atè devan li.
犹大和他弟兄们来到约瑟的屋中,约瑟还在那里,他们就在他面前俯伏于地。
15 Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?”
约瑟对他们说:“你们做的是什么事呢?你们岂不知像我这样的人必能占卜吗?”
16 Konsa, Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.”
犹大说:“我们对我主说什么呢?还有什么话可说呢?我们怎能自己表白出来呢? 神已经查出仆人的罪孽了。我们与那在他手中搜出杯来的都是我主的奴仆。”
17 Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”
约瑟说:“我断不能这样行!在谁的手中搜出杯来,谁就作我的奴仆;至于你们,可以平平安安地上你们父亲那里去。”
18 Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske ou menm jan avèk Farawon.
犹大挨近他,说:“我主啊,求你容仆人说一句话给我主听,不要向仆人发烈怒,因为你如同法老一样。
19 Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’
我主曾问仆人们说:‘你们有父亲有兄弟没有?’
20 Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’
我们对我主说:‘我们有父亲,已经年老,还有他老年所生的一个小孩子。他哥哥死了,他母亲只撇下他一人,他父亲疼爱他。’
21 “Konsa, ou te di sèvitè ou yo: ‘Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’
你对仆人说:‘把他带到我这里来,叫我亲眼看看他。’
22 “Men nou te di a mèt nou: ‘Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’
我们对我主说:‘童子不能离开他父亲,若是离开,他父亲必死。’
23 “Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: ‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’
你对仆人说:‘你们的小兄弟若不与你们一同下来,你们就不得再见我的面。’
24 “Se te konsa li te rive ke lè nou te monte vè sèvitè ou, papa m, ke nou te pale li pawòl a mèt nou an.
我们上到你仆人—我们父亲那里,就把我主的话告诉了他。
25 Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’
我们的父亲说:‘你们再去给我籴些粮来。’
26 Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’
我们就说:‘我们不能下去。我们的小兄弟若和我们同往,我们就可以下去。因为,小兄弟若不与我们同往,我们必不得见那人的面。’
27 “Sèvitè ou, papa m, te di nou: ‘Ou konnen ke madanm mwen te fè de fis pou mwen.
你仆人—我父亲对我们说:‘你们知道我的妻子给我生了两个儿子。
28 Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa.
一个离开我出去了;我说他必是被撕碎了,直到如今我也没有见他。
29 Si ou pran sila a osi de mwen, e si malè rive li, nou va mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou mò yo avèk tristès.’ (Sheol h7585)
现在你们又要把这个带去离开我,倘若他遭害,那便是你们使我白发苍苍、悲悲惨惨地下阴间去了。’ (Sheol h7585)
30 “Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an,
我父亲的命与这童子的命相连。如今我回到你仆人—我父亲那里,若没有童子与我们同在,
31 lè li wè ke jènjan an pa avèk nou, l ap mouri. Konsa sèvitè ou yo va mennen cheve blanch a sèvitè ou, papa nou anba nan sejou mò yo avèk tristès. (Sheol h7585)
我们的父亲见没有童子,他就必死。这便是我们使你仆人—我们的父亲白发苍苍、悲悲惨惨地下阴间去了。 (Sheol h7585)
32 Paske sèvitè ou te devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: ‘Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’
因为仆人曾向我父亲为这童子作保,说:‘我若不带他回来交给父亲,我便在父亲面前永远担罪。’
33 “Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen. E kite jènjan an monte avèk frè li yo.
现在求你容仆人住下,替这童子作我主的奴仆,叫童子和他哥哥们一同上去。
34 Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”
若童子不和我同去,我怎能上去见我父亲呢?恐怕我看见灾祸临到我父亲身上。”

< Jenèz 44 >