< Jenèz 43 >
1 Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a.
地上的饑荒仍然嚴重。
2 Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”
他們吃完了由埃及帶來的糧食,父親對他們說:「你們再去給我們買點糧食來吃! 」
3 Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
猶大立即回答父親說:「那人明明告訴我們說:你們若不帶弟弟一起來,你們休想見我的面。
4 Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje.
你若讓我們的弟弟與我們一同去,我們下去給你買些糧食來;
5 Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”
你若不讓他去,我們也不下去;因為那人對我們說過:你們若不帶弟弟與你們一同來,你們休想見我的面。」
6 Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”
以色列說:「你們為什麼這樣害我,告訴那人你們還有個弟弟﹖」
7 Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’”
他們回答說:「那人再三再四問我們和我們的家庭說:你們的父親是否還活著﹖你們是否另有個兄弟﹖我們只得照這些話答覆他。那裏會知道他要說:帶你們的兄弟一同下來﹖」
8 Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen. Nou va leve ale, pou nou kapab viv e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo.
猶大又對他父親以色列說:「你叫孩童與我同去,我們就起身前去;這樣,我們和你並我們的幼兒,可以生活,不致餓死。
9 Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan.
我為他擔保,你可由我手中要人;如果我不將他帶回,交在你面前,我在你前終生負罪。
10 Paske si nou pa t mize, asireman kounye a nou ta gen tan retounen de fwa deja.”
假使我們沒有遲延,現在第二次也回來了! 」
11 Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann.
他們的父親以色列對他們說:「如果必須如此,你們就這樣做:在行李內帶些本地最好的出產,一些香液、蜂蜜、樹膠、香料、榧子和杏仁,下去送給那人當作禮物。
12 Pran doub lajan nan men nou, e anplis, pran pou remèt nan men nou kòb ki te retounen nan bouch sak la. Petèt se te yon erè.
手中多帶一倍銀錢,將那放在你們糧袋口的銀錢,也一併帶上,這或者是出於一時的錯誤。
13 Pran frè nou an tou, e leve retounen vè mesye a.
並且帶著你們的弟弟起身往那人那裏去。
14 Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”
願全能的天主使你們在那人面前蒙恩,放回你們那個兄弟和本雅明;至於我,如要喪子,就喪子罷! 」
15 Alò, mesye yo te pran kado sila yo, e yo te pran doub lajan nan men yo avèk Benjamin. Konsa, yo te leve desann an Égypte, e yo te kanpe devan Joseph.
這一夥人於是帶了那些禮物,手中帶上雙倍銀錢,帶本雅明起身下道埃及去,到了若瑟面前。
16 Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.”
若瑟一看見他們和本雅明,就對自己的管家說:「帶這些人到家裏去,宰殺設宴,中午這些人要與我一起吃飯。」
17 Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph.
管家就依照若瑟吩咐的做了,將這些人帶到若瑟家中。
18 Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph. Konsa, yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.”
這些人一進入了若瑟的家,就害怕起來,心裏想:「他帶我們到這裏來,定是為了上次放回我們袋裏銀錢的事,想找我們的錯處,加害我們,拿住我們當奴隸,奪取我們的驢。」
19 Pou sa a, yo te vin pwoche chèf domestik la. Yo te pale ak li nan antre kay la,
他們於是走到若瑟的管家,前在房門口同他談起這事,
20 e yo te di: “O mèt mwen, vrèman nou te desann premye fwa a pou achte manje,
說:「我主,請原諒:我們上次下到這裏來購買糧食,
21 men sa te fè ke lè nou rive nan lojman nou, pou louvri sak nou, konsa, nou jwenn kòb chak moun nan bouch sak li! Tout kòb nou nèt! Konsa, nou te retounen pote li nan men nou.
當我們到了客棧,打開我們的布袋時,發見各人的銀錢仍在各人的布袋口,我們的銀錢一分不少;現在我們又親手帶回來了。
22 Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje. Nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.”
此外我們手中又帶了些銀錢,來購買糧食;我們不知道是誰將我們的銀錢放在我們的布袋內。」
23 Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi li te mennen Siméon deyò bay yo.
管家答說:「請你們放心,不必害怕! 是你們的天主,你們祖先的天主,在你們的布袋裏給你們放上了財寶;你們的銀錢我已經收了。」以後給他們領出西默盎來。
24 Epi nonm nan te mennen mesye yo antre lakay Joseph. Li te bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo. Li te bay bourik yo manje.
管家卡領這些人到了若瑟家裏,先給他們拿水洗了腳,然後拿草料餵了驢。
25 Konsa, yo te prepare kado yo pou lè Joseph ta vin parèt a midi, paske yo te tande ke yo te gen pou manje la.
他們遂將禮物預備好,等候若瑟中午回來;因為聽說,他們要在那裏吃午飯。
26 Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li.
若瑟回到家裏,他們就將手中的禮物獻給他,俯首至地向他下拜。
27 Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”
若瑟先向他們問安,然後說:「你們以前所說的老父好麼﹖還健在麼﹖」
28 Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” Yo te bese ba pou bay respè.
他們答說:「你的僕人,我們的父親還好,還健在。」遂又鞠躬下拜。
29 Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Konsa, li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.”
若瑟舉目,見了他母親生的弟弟本雅明,就問說:「這就是你們對我說的那小弟弟嗎﹖」繼而說:「孩子,願天主保佑你! 」
30 Konsa, Joseph te fè vit ale deyò, paske li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye. Li te antre nan chanm li an, e li te kriye la.
若瑟愛弟情切,想要流淚,趕快進了自己的內室,在那裏哭了一場;
31 Alò, li te lave figi li, e li te vin parèt deyò. Li te kontwole tèt li, e te di: “Sèvi manje a.”
然後洗臉出來,勉強抑制自己,吩咐說:「擺飯罷! 」
32 Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.
人就給若瑟擺了一席,為他們擺了一席,為與若瑟一起吃飯的埃及人另擺了一席;因為埃及人不能同希伯來人一起吃飯,這為他們是個恥辱。
33 Alò, yo te chita devan li, premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone.
他們便在若瑟前,安排就坐,全按長幼的次序,長者在上,幼者在下;眾兄弟彼此相看,驚奇不已。
34 Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li.
若瑟將自己面前的食物分開,分給他們;但本雅明的一分,比其餘的人多五倍。他們遂與若瑟飲酒宴樂。