< Jenèz 42 >

1 Alò, Jacob te wè ke te gen sereyal an Égypte, e Jacob te di fis li yo: “Poukisa nou ap gade youn sou lòt konsa?”
וירא יעקב כי יש שבר במצרים ויאמר יעקב לבניו למה תתראו
2 Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, pou nou kapab viv, e pa mouri.”
ויאמר--הנה שמעתי כי יש שבר במצרים רדו שמה ושברו לנו משם ונחיה ולא נמות
3 Alò, dis frè Joseph yo te desann pou achte sereyal an Égypte.
וירדו אחי יוסף עשרה לשבר בר ממצרים
4 Men Jacob pa t voye frè Joseph la, Benjamin avèk lòt frè li yo, paske li te di: “Mwen pè pou yon mal ta kab rive li.”
ואת בנימין אחי יוסף לא שלח יעקב את אחיו כי אמר פן יקראנו אסון
5 Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou.
ויבאו בני ישראל לשבר בתוך הבאים כי היה הרעב בארץ כנען
6 Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.
ויוסף הוא השליט על הארץ--הוא המשביר לכל עם הארץ ויבאו אחי יוסף וישתחוו לו אפים ארצה
7 Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”
וירא יוסף את אחיו ויכרם ויתנכר אליהם וידבר אתם קשות ויאמר אלהם מאין באתם ויאמרו מארץ כנען לשבר אכל
8 Men Joseph te rekonèt frè l yo, malgre yo pa t rekonèt li.
ויכר יוסף את אחיו והם לא הכרהו
9 Joseph te sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye! Nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans peyi nou an.”
ויזכר יוסף--את החלמות אשר חלם להם ויאמר אלהם מרגלים אתם לראות את ערות הארץ באתם
10 Alò, yo te di li: “Non, mèt mwen, men sèvitè ou yo te vin achte manje.”
ויאמרו אליו לא אדני ועבדיך באו לשבר אכל
11 “Nou tout se fis a yon sèl mesye. Nou se moun onèt, sèvitè ou, e nou pa espyon.”
כלנו בני איש אחד נחנו כנים אנחנו לא היו עבדיך מרגלים
12 Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.”
ויאמר אלהם לא כי ערות הארץ באתם לראות
13 Men yo te reponn li: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e youn pa la ankò.”
ויאמרו שנים עשר עבדיך אחים אנחנו בני איש אחד--בארץ כנען והנה הקטן את אבינו היום והאחד איננו
14 Joseph te di yo: “Se tankou mwen te di nou, se espyon nou ye.
ויאמר אלהם יוסף הוא אשר דברתי אלכם לאמר--מרגלים אתם
15 Men se konsa nou va pase a leprèv. Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la!
בזאת תבחנו חי פרעה אם תצאו מזה כי אם בבוא אחיכם הקטן הנה
16 Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.”
שלחו מכם אחד ויקח את אחיכם ואתם האסרו ויבחנו דבריכם האמת אתכם ואם לא--חי פרעה כי מרגלים אתם
17 Konsa, li te mete yo nan prizon pou twa jou.
ויאסף אתם אל משמר שלשת ימים
18 Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye:
ויאמר אלהם יוסף ביום השלישי זאת עשו וחיו את האלהים אני ירא
19 Si nou se moun onèt, kite youn nan frè nou yo rete anprizone nan prizon nou an; men pou nou lòt yo, ale pote sereyal pou grangou ki lakay nou yo.
אם כנים אתם--אחיכם אחד יאסר בבית משמרכם ואתם לכו הביאו שבר רעבון בתיכם
20 Men mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè.
ואת אחיכם הקטן תביאו אלי ויאמנו דבריכם ולא תמותו ויעשו כן
21 Yo te di youn a lòt: “Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande. Pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.”
ויאמרו איש אל אחיו אבל אשמים אנחנו על אחינו אשר ראינו צרת נפשו בהתחננו אלינו ולא שמענו על כן באה אלינו הצרה הזאת
22 Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ men nou te refize tande? Konsa, fwi san li an vin parèt.”
ויען ראובן אתם לאמר הלוא אמרתי אליכם לאמר אל תחטאו בילד--ולא שמעתם וגם דמו הנה נדרש
23 Men yo pa t konnen ke Joseph te konprann, paske te gen yon entèprèt antre yo.
והם לא ידעו כי שמע יוסף כי המליץ בינתם
24 Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.
ויסב מעליהם ויבך וישב אלהם וידבר אלהם ויקח מאתם את שמעון ויאסר אתו לעיניהם
25 Konsa, Joseph te bay lòd pou plen sak yo avèk sereyal, remèt lajan a chak moun nan sak li, e bay yo pwovizyon pou vwayaj la. Epi se konsa sa te fèt pou yo.
ויצו יוסף וימלאו את כליהם בר ולהשיב כספיהם איש אל שקו ולתת להם צדה לדרך ויעש להם כן
26 Alò, yo te chaje bourik pa yo avèk sereyal yo, e yo te soti la.
וישאו את שברם על חמריהם וילכו משם
27 Pandan youn nan yo t ap ouvri sak li pou bay bèt la manje, li te wè lajan pa li a. Gade byen, se la li te ye, nan bouch sak la.
ויפתח האחד את שקו לתת מספוא לחמרו--במלון וירא את כספו והנה הוא בפי אמתחתו
28 Epi li te di a frè l yo: “Lajan mwen an remèt wi! E gade byen, li la menm nan sak mwen an!” Konsa kè yo plonje desann. Yo te vire, tou ap tranble, youn ak lòt, e te di: “Kisa Bondye gen tan fè nou la a?”
ויאמר אל אחיו הושב כספי וגם הנה באמתחתי ויצא לבם ויחרדו איש אל אחיו לאמר מה זאת עשה אלהים לנו
29 Lè yo te rive kote papa yo Jacob, nan peyi Canaan an, yo te di li tout sa ki te rive yo. Konsa yo te di:
ויבאו אל יעקב אביהם ארצה כנען ויגידו לו את כל הקרת אתם לאמר
30 “Mesye a, mèt peyi a, te pale byen di avèk nou. Li te panse nou te espyon nan peyi a.
דבר האיש אדני הארץ אתנו--קשות ויתן אתנו כמרגלים את הארץ
31 Men nou te di li: ‘Nou se moun onèt. Se pa espyon nou ye.
ונאמר אליו כנים אנחנו לא היינו מרגלים
32 Nou se douz frè, fis a papa nou. Youn nan nou pa viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’
שנים עשר אנחנו אחים בני אבינו האחד איננו והקטן היום את אבינו בארץ כנען
33 “Epi nonm nan, mèt peyi a, te di nou: ‘Pa sa mwen va konnen ke nou se moun onèt: kite youn nan frè nou yo avè m, pran sereyal la pou pwoblèm grangou lakay nou yo, e ale.
ויאמר אלינו האיש אדני הארץ בזאת אדע כי כנים אתם אחיכם האחד הניחו אתי ואת רעבון בתיכם קחו ולכו
34 Men mennen pi jenn frè ou a kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men ke nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè ou a, e w ap kapab fè komès nan peyi a.’”
והביאו את אחיכם הקטן אלי ואדעה כי לא מרגלים אתם כי כנים אתם את אחיכם אתן לכם ואת הארץ תסחרו
35 Alò, li te rive ke lè yo t ap vide sak yo, ke gade byen, bous lajan chak moun te nan sak li. Lè yo menm avèk papa yo te wè lajan an, yo te sezi.
ויהי הם מריקים שקיהם והנה איש צרור כספו בשקו ויראו את צררות כספיהם המה ואביהם--וייראו
36 Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”
ויאמר אלהם יעקב אביהם אתי שכלתם יוסף איננו ושמעון איננו ואת בנימן תקחו עלי היו כלנה
37 Alò, Reuben te pale avèk papa l. Li te di: “Ou kapab mete de gason mwen yo a lanmò si mwen pa mennen li retounen kote ou. Mete li sou kont mwen, e mwen va fè l retounen kote ou.”
ויאמר ראובן אל אביו לאמר את שני בני תמית אם לא אביאנו אליך תנה אתו על ידי ואני אשיבנו אליך
38 Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.” (Sheol h7585)
ויאמר לא ירד בני עמכם כי אחיו מת והוא לבדו נשאר וקראהו אסון בדרך אשר תלכו בה והורדתם את שיבתי ביגון שאולה (Sheol h7585)

< Jenèz 42 >