< Jenèz 39 >
1 Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte. Epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men Izmayelit yo, ki te fè l desann la.
igitur Ioseph ductus est in Aegyptum emitque eum Putiphar eunuchus Pharaonis princeps exercitus vir aegyptius de manu Ismahelitarum a quibus perductus erat
2 SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an.
fuitque Dominus cum eo et erat vir in cunctis prospere agens habitabatque in domo domini sui
3 Alò mèt li a te wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l.
qui optime noverat esse Dominum cum eo et omnia quae gereret ab eo dirigi in manu illius
4 Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li.
invenitque Ioseph gratiam coram domino suo et ministrabat ei a quo praepositus omnibus gubernabat creditam sibi domum et universa quae tradita fuerant
5 Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an.
benedixitque Dominus domui Aegyptii propter Ioseph et multiplicavit tam in aedibus quam in agris cunctam eius substantiam
6 Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.
nec quicquam aliud noverat nisi panem quo vescebatur erat autem Ioseph pulchra facie et decorus aspectu
7 Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm Potiphar a, te gade Joseph avèk anvi. Konsa, li te di: “Vin kouche avè m.”
post multos itaque dies iecit domina oculos suos in Ioseph et ait dormi mecum
8 Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen.
qui nequaquam adquiescens operi nefario dixit ad eam ecce dominus meus omnibus mihi traditis ignorat quid habeat in domo sua
9 Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?”
nec quicquam est quod non in mea sit potestate vel non tradiderit mihi praeter te quae uxor eius es quomodo ergo possum malum hoc facere et peccare in Deum meum
10 Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avèk l, oswa pou li ta rete avè l.
huiuscemodi verbis per singulos dies et mulier molesta erat adulescenti et ille recusabat stuprum
11 Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la.
accidit autem ut quadam die intraret Ioseph domum et operis quippiam absque arbitris faceret
12 Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò.
et illa adprehensa lacinia vestimenti eius diceret dormi mecum qui relicto in manu illius pallio fugit et egressus est foras
13 Lè Madanm nan te vin wè ke li te kite vètman li nan men l, e li te kouri deyò,
cumque vidisset mulier vestem in manibus suis et se esse contemptam
14 li te rele tout gason ouvriye lakay li yo, e li te di yo: “Ou wè sa, li pote bannou yon Ebre ki pou vin fè jwèt avèk nou. Li te vin antre sou mwen pou kouche avè m, men mwen te rele fò.
vocavit homines domus suae et ait ad eos en introduxit virum hebraeum ut inluderet nobis ingressus est ad me ut coiret mecum cumque ego succlamassem
15 Lè li tande ke m te leve vwa m pou rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen, e li te sove ale kouri deyò.”
et audisset vocem meam reliquit pallium quod tenebam et fugit foras
16 Konsa, li te kenbe vètman an kote li jiskaske mèt li te rive nan kay la.
in argumentum ergo fidei retentum pallium ostendit marito revertenti domum
17 Alò, li te pale avèk li ak pawòl sa yo: “Esklav Ebre ke ou te mennen bannou an, te antre kote mwen pou fè spò avè m,
et ait ingressus est ad me servus hebraeus quem adduxisti ut inluderet mihi
18 men lè m te leve vwa m pou te rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen pou te sove ale deyò.”
cumque vidisset me clamare reliquit pallium et fugit foras
19 Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” li te vin brile avèk kòlè.
his auditis dominus et nimium credulus verbis coniugis iratus est valde
20 Konsa, mèt Joseph la te pran li e te mete li nan prizon, nan plas kote prizonye ki pou wa yo te ye. Epi li te la nan prizon an.
tradiditque Ioseph in carcerem ubi vincti regis custodiebantur et erat ibi clausus
21 Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.
fuit autem Dominus cum Ioseph et misertus illius dedit ei gratiam in conspectu principis carceris
22 Chèf Kasèl la te fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an, jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab.
qui tradidit in manu ipsius universos vinctos qui in custodia tenebantur et quicquid fiebat sub ipso erat
23 Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph, paske SENYÈ a te avèk li, paske nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.
nec noverat aliquid cunctis ei creditis Dominus enim erat cum illo et omnia eius opera dirigebat