< Jenèz 38 >

1 Epi li te vin rive nan lè sa a ke Judas te kite frè l yo, pou te vizite yon sèten Adilamit ki te rele Hira.
那时,犹大离开他弟兄下去,到一个亚杜兰人名叫希拉的家里去。
2 La, Juda te wè fi a yon sèten Kananeyen ki te rele Schua. Li te pran li e te antre an relasyon ak li.
犹大在那里看见一个迦南人名叫书亚的女儿,就娶她为妻,与她同房,
3 Konsa, li te vin ansent, li te fè yon fis, e li te nonmen li Er.
她就怀孕生了儿子,犹大给他起名叫珥。
4 Epi li te vin ansent ankò, li te bay yon fis, ki te nonmen Onan.
她又怀孕生了儿子,母亲给他起名叫俄南。
5 Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li Schéla. Li te nan Czib lè li te fè li.
她复又生了儿子,给他起名叫示拉。她生示拉的时候,犹大正在基悉。
6 Alò, Juda te pran yon madanm pou Er, premye ne li a, e non li te Tamar.
犹大为长子珥娶妻,名叫她玛。
7 Men Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li.
犹大的长子珥在耶和华眼中看为恶,耶和华就叫他死了。
8 Konsa, Juda te di a Onan: “Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.”
犹大对俄南说:“你当与你哥哥的妻子同房,向她尽你为弟的本分,为你哥哥生子立后。”
9 Onan te konnen ke posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li.
俄南知道生子不归自己,所以同房的时候便遗在地,免得给他哥哥留后。
10 Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te pran vi li tou.
俄南所做的在耶和华眼中看为恶,耶和华也就叫他死了。
11 Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.
犹大心里说:“恐怕示拉也死,像他两个哥哥一样”,就对他儿妇她玛说:“你去,在你父亲家里守寡,等我儿子示拉长大。”她玛就回去,住在她父亲家里。
12 Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès alanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.
过了许久,犹大的妻子书亚的女儿死了。犹大得了安慰,就和他朋友亚杜兰人希拉上亭拿去,到他剪羊毛的人那里。
13 Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè Thimna pou taye lenn mouton li yo.”
有人告诉她玛说:“你的公公上亭拿剪羊毛去了。”
14 Alò, li te retire vètman vèv li a, li te kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante li devan li kòm madanm.
她玛见示拉已经长大,还没有娶她为妻,就脱了她作寡妇的衣裳,用帕子蒙着脸,又遮住身体,坐在亭拿路上的伊拿印城门口。
15 Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li.
犹大看见她,以为是妓女,因为她蒙着脸。
16 Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”
犹大就转到她那里去,说:“来吧!让我与你同寝。”他原不知道是他的儿妇。她玛说:“你要与我同寝,把什么给我呢?”
17 Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.” Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”
犹大说:“我从羊群里取一只山羊羔,打发人送来给你。”她玛说:“在未送以先,你愿意给我一个当头吗?”
18 Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm.
他说:“我给你什么当头呢?”她玛说:“你的印、你的带子,和你手里的杖。”犹大就给了她,与她同寝,她就从犹大怀了孕。
19 Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo.
她玛起来走了,除去帕子,仍旧穿上作寡妇的衣裳。
20 Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li.
犹大托他朋友亚杜兰人送一只山羊羔去,要从那女人手里取回当头来,却找不着她,
21 Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.”
就问那地方的人说:“伊拿印路旁的妓女在哪里?”他们说:“这里并没有妓女。”
22 Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”
他回去见犹大说:“我没有找着她,并且那地方的人说:‘这里没有妓女。’”
23 Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”
犹大说:“我把这山羊羔送去了,你竟找不着她。任凭她拿去吧,免得我们被羞辱。”
24 Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.” Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”
约过了三个月,有人告诉犹大说:“你的儿妇她玛作了妓女,且因行淫有了身孕。”犹大说:“拉出她来,把她烧了!”
25 Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”
她玛被拉出来的时候便打发人去见她公公,对他说:“这些东西是谁的,我就是从谁怀的孕。请你认一认,这印和带子并杖都是谁的?”
26 Juda te rekonèt yo, e te di: “Li pi jis pase mwen, paske mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò.
犹大承认说:“她比我更有义,因为我没有将她给我的儿子示拉。”从此犹大不再与她同寝了。
27 Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen jimo nan vant li.
她玛将要生产,不料她腹里是一对双生。
28 Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”.
到生产的时候,一个孩子伸出一只手来;收生婆拿红线拴在他手上,说:“这是头生的。”
29 Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li Pérets.
随后这孩子把手收回去,他哥哥生出来了;收生婆说:“你为什么抢着来呢?”因此给他起名叫法勒斯。
30 Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li Zerah.
后来,他兄弟那手上有红线的也生出来,就给他起名叫谢拉。

< Jenèz 38 >