< Jenèz 37 >

1 Alò, Jacob te viv nan peyi kote papa li te konn demere a, nan peyi Canaan an.
וישב יעקב בארץ מגורי אביו--בארץ כנען
2 Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon move rapò sou yo, bay papa li.
אלה תלדות יעקב יוסף בן שבע עשרה שנה היה רעה את אחיו בצאן והוא נער את בני בלהה ואת בני זלפה נשי אביו ויבא יוסף את דבתם רעה אל אביהם
3 Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè.
וישראל אהב את יוסף מכל בניו--כי בן זקנים הוא לו ועשה לו כתנת פסים
4 Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
ויראו אחיו כי אתו אהב אביהם מכל אחיו--וישנאו אתו ולא יכלו דברו לשלם
5 Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis.
ויחלם יוסף חלום ויגד לאחיו ויוספו עוד שנא אתו
6 Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a.
ויאמר אליהם שמעו נא החלום הזה אשר חלמתי
7 Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”
והנה אנחנו מאלמים אלמים בתוך השדה והנה קמה אלמתי וגם נצבה והנה תסבינה אלמתיכם ותשתחוין לאלמתי
8 Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.
ויאמרו לו אחיו המלך תמלך עלינו אם משול תמשל בנו ויוספו עוד שנא אתו על חלמתיו ועל דבריו
9 Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”
ויחלם עוד חלום אחר ויספר אתו לאחיו ויאמר הנה חלמתי חלום עוד והנה השמש והירח ואחד עשר כוכבים משתחוים לי
10 Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?”
ויספר אל אביו ואל אחיו ויגער בו אביו ויאמר לו מה החלום הזה אשר חלמת הבוא נבוא אני ואמך ואחיך להשתחות לך ארצה
11 Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.
ויקנאו בו אחיו ואביו שמר את הדבר
12 Epi frè li yo te ale mennen bann mouton an Sichem.
וילכו אחיו לרעות את צאן אביהם בשכם
13 Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Sichem? Vini pou mwen ka voye ou bò kote yo.” Epi li te reponn: “Mwen va ale”.
ויאמר ישראל אל יוסף הלוא אחיך רעים בשכם--לכה ואשלחך אליהם ויאמר לו הנני
14 Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Hébron an e li te rive Sichem.
ויאמר לו לך נא ראה את שלום אחיך ואת שלום הצאן והשבני דבר וישלחהו מעמק חברון ויבא שכמה
15 Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an. Konsa, mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?”
וימצאהו איש והנה תעה בשדה וישאלהו האיש לאמר מה תבקש
16 Li te di: “Mwen ap chache frè m yo. Souple, fè m konnen kote yo ap fè patiraj pou bann mouton an.”
ויאמר את אחי אנכי מבקש הגידה נא לי איפה הם רעים
17 Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la, paske mwen te tande yo di: ‘Annou ale Dothan.’” Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan.
ויאמר האיש נסעו מזה--כי שמעתי אמרים נלכה דתינה וילך יוסף אחר אחיו וימצאם בדתן
18 Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te fè konplo pou mete li a lanmò.
ויראו אתו מרחק ובטרם יקרב אליהם ויתנכלו אתו להמיתו
19 Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini!
ויאמרו איש אל אחיו הנה בעל החלמות הלזה--בא
20 Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
ועתה לכו ונהרגהו ונשלכהו באחד הברות ואמרנו חיה רעה אכלתהו ונראה מה יהיו חלמתיו
21 Men Reuben te tande sa, li te retire li nan men yo, e li te di: “Annou pa pran lavi li.”
וישמע ראובן ויצלהו מידם ויאמר לא נכנו נפש
22 Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l.
ויאמר אלהם ראובן אל תשפכו דם--השליכו אתו אל הבור הזה אשר במדבר ויד אל תשלחו בו למען הציל אתו מידם להשיבו אל אביו
23 Alò li te rive ke lè Joseph te rive kote frè li yo, yo te retire vètman an sou li, (sa ki te gen anpil koulè ladann nan);
ויהי כאשר בא יוסף אל אחיו ויפשיטו את יוסף את כתנתו את כתנת הפסים אשר עליו
24 epi yo te pran li e yo te jete li nan fòs la. Alò fòs la te vid e li pa t gen dlo ladann.
ויקחהו--וישלכו אתו הברה והבור רק אין בו מים
25 Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj gòm awomatik, bòm avèk mè pou rive an Égypte.
וישבו לאכל לחם וישאו עיניהם ויראו והנה ארחת ישמעאלים באה מגלעד וגמליהם נשאים נכאת וצרי ולט--הולכים להוריד מצרימה
26 Juda te di a frè li yo: “Ki avantaj sa ye si nou touye frè nou an, e kache san li?
ויאמר יהודה אל אחיו מה בצע כי נהרג את אחינו וכסינו את דמו
27 Vini, annou vann li bay Izmayelit yo e annou pa mete men nou sou li, paske li se frè nou, pwòp chè nou.” Epi frè li yo te koute li.
לכו ונמכרנו לישמעאלים וידנו אל תהי בו כי אחינו בשרנו הוא וישמעו אחיו
28 Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.
ויעברו אנשים מדינים סחרים וימשכו ויעלו את יוסף מן הבור וימכרו את יוסף לישמעאלים בעשרים כסף ויביאו את יוסף מצרימה
29 Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
וישב ראובן אל הבור והנה אין יוסף בבור ויקרע את בגדיו
30 Li te retounen vè frè li yo e te di: “Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?”
וישב אל אחיו ויאמר הילד איננו ואני אנה אני בא
31 Konsa, yo te pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an.
ויקחו את כתנת יוסף וישחטו שעיר עזים ויטבלו את הכתנת בדם
32 Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.”
וישלחו את כתנת הפסים ויביאו אל אביהם ויאמרו זאת מצאנו הכר נא הכתנת בנך הוא--אם לא
33 Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”
ויכירה ויאמר כתנת בני חיה רעה אכלתהו טרף טרף יוסף
34 Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a.
ויקרע יעקב שמלתיו וישם שק במתניו ויתאבל על בנו ימים רבים
35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li. (Sheol h7585)
ויקמו כל בניו וכל בנתיו לנחמו וימאן להתנחם ויאמר כי ארד אל בני אבל שאלה ויבך אתו אביו (Sheol h7585)
36 Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.
והמדנים--מכרו אתו אל מצרים לפוטיפר סריס פרעה שר הטבחים

< Jenèz 37 >