< Jenèz 36 >
1 Alò, sa yo se achiv jenerasyon Ésaü yo, (sa vle di, Edom).
Now these are the generations of Esau (the same is Edom).
2 Ésaü te pran madanm pami fi Canaan yo: Ada, fi Elon an, Etyen an, Oholibama, fi Ana a, ak gran fi a Tsibeon an, Evyen an.
Esau took his wives of the daughters of Canaan: Adah the daughter of Elon the Hittite, and Oholibamah the daughter of Anah, the daughter of Zibeon the Hivite,
3 Anplis, Basamath, fi Ismaël la, sè Nebajoth la.
and Basemath Ishmael's daughter, sister of Nebaioth.
4 Ada te fè Eliphaz bay Ésaü, e Basamath te fè Réuel;
And Adah bore to Esau Eliphaz, and Basemath bore Reuel,
5 Epi Oholibama te fè Jéusch, Jaelam, ak Koré. Sa yo se fis Ésaü ki te fèt a li menm nan peyi Canaan.
and Oholibamah bore Jeush, and Jalam, and Korah. These are the sons of Esau, who were born to him in the land of Canaan.
6 Epi Ésaü te pran madanm li yo, fis ak fi li yo avèk tout lakay li, bèt li yo avèk tout bèf li yo, ak tout byen ke li te ranmase nan peyi Canaan yo, e li te ale nan yon lòt peyi, lwen frè li a, Jacob.
And Esau took his wives, and his sons, and his daughters, and all the souls of his house, and his cattle, and all his beasts, and all his possessions, which he had gathered in the land of Canaan, and went into a land away from his brother Jacob.
7 Paske byen yo te vin twò gran pou yo ta viv ansanm, e peyi kote yo te demere a pa t kab pran yo akoz tout bèt yo te genyen yo.
For their substance was too great for them to dwell together, and the land of their sojourning could not bear them because of their cattle.
8 Konsa, Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan Séir. Ésaü se menm avèk Édom.
And Esau dwelt in mount Seir. Esau is Edom.
9 Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir.
And these are the generations of Esau the father of the Edomites in mount Seir:
10 Alò men non a fis Ésaü yo: Éliphaz, fis Ada a madanm Ésaü a, Réuel, fis Basamath la, madanm a Ésaü a.
These are the names of Esau's sons: Eliphaz the son of Adah the wife of Esau, Reuel the son of Basemath the wife of Esau.
11 Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz.
And the sons of Eliphaz were Teman, Omar, Zepho, and Gatam, and Kenaz.
12 Thimna te fanm lakay Éliphaz, fis Ésaü a; li te fè Amalek pou Éliphaz. Sila yo se fis Ada yo, madanm Ésaü a.
And Timna was concubine to Eliphaz Esau's son, and she bore to Eliphaz Amalek. These are the sons of Adah, Esau's wife.
13 Sa yo se fis Réuel yo: Nahath, Zérach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a.
And these are the sons of Reuel: Nahath, and Zerah, Shammah, and Mizzah, These were the sons of Basemath, Esau's wife.
14 Sa yo se te fis madanm Ésaü a, Oholibama, fi Ana a, ki te pitit pitit Tsibeon an: li te fè pou Ésaü, Jéusch, Jaelam, ak Koré.
And these were the sons of Oholibamah the daughter of Anah, the daughter of Zibeon, Esau's wife: and she bore to Esau Jeush, and Jalam, and Korah.
15 Men chèf a fis Ésaü yo. Fis Éliphaz yo, premye ne Ésaü a, se chèf Théman, chèf Omar, chèf Tsepho, chèf Kenatz,
These are the chiefs of the sons of Esau: The sons of Eliphaz the firstborn of Esau: chief Teman, chief Omar, chief Zepho, chief Kenaz,
16 chèf Koré, chèf Gaetham, chèf Amalek. Sa yo se chèf ki te desandan Eliphaz nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Ada yo.
chief Korah, chief Gatam, chief Amalek. These are the chiefs that came by Eliphaz in the land of Edom. These are the sons of Adah.
17 Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèf Zérach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a.
And these are the sons of Reuel, Esau's son: chief Nahath, chief Zerah, chief Shammah, chief Mizzah. These are the chiefs that came by Reuel in the land of Edom. These are the sons of Basemath, Esau's wife.
18 Sa yo se fis a Oholibama yo, madanm a Ésaü a; chèf Jéusch, chèf Jaelam, chèf Koré. Sa yo se chèf ki te desandan pa Oholibama a, madanm a Ésaü a, fi a Ana a.
And these are the sons of Oholibamah, Esau's wife: chief Jeush, chief Jalam, chief Korah. These are the chiefs that came by Oholibamah the daughter of Anah, Esau's wife.
19 Sila yo se fis a Ésaü yo (sa vle di Édom), e sa yo se chèf yo.
These are the sons of Esau, and these are their chiefs. The same is Edom.
20 Sila yo se fis Séir yo, Oryen an, pèp peyi a: Lothan, Schobal avèk Tsibeon ak Ana,
These are the sons of Seir the Horite, the inhabitants of the land: Lotan and Shobal and Zibeon and Anah,
21 epi Dischon, Etser avèk Dischan. Sa yo se te chèf a Oryen yo, fis Séir yo, nan peyi Édom an.
and Dishon and Ezer and Dishan. These are the chiefs that came of the Horites, the sons of Seir in the land of Edom.
22 Fis a Lothan yo se te Hori avèk Hémam. Sè a Lothan an se te Thimna.
And the sons of Lotan were Hori and Heman. And Lotan's sister was Timna.
23 Men fis a Schobal yo: Alvan, Manahath, Ébal, Schepho, avèk Onam.
And these are the sons of Shobal: Alvan and Manahath and Ebal, Shepho and Onam.
24 Men fis a Tsibeon yo: Ajja ak Ana. Se te Ana ki te twouve sous cho nan dezè a lè l t ap fè gadyen bourik yo pou papa l, Tsibeon.
And these are the sons of Zibeon: Aiah and Anah. This is Anah who found the hot springs in the wilderness, as he fed the donkeys of Zibeon his father.
25 Men pitit a Ana yo: Dischon avèk Oholibama, fi a Ana a.
And these are the children of Anah: Dishon, and Oholibamah the daughter of Anah.
26 Men fis Dischon yo: Hemdan, Eschban, Jithran, avèk Keran.
And these are the sons of Dishon: Hemdan and Eshban and Ithran and Cheran.
27 Men fis a Etser yo: Bilhan, Zavvan avèk Akan.
These are the sons of Ezer: Bilhan and Zaavan and Akan.
28 Men fis a Dischan yo: Uts avèk Aran.
These are the sons of Dishan: Uz and Aran.
29 Men chèf Oryen yo: chèf Lothan, chèf Schobal, chèf Tsibeon, ak chèf Ana,
These are the chiefs that came from the Horites: chief Lotan, chief Shobal, chief Zibeon, chief Anah,
30 chèf Dischon, chèf Etser, chèf Dischan. Sa se chèf a Oryen yo, chèf ki te nan peyi Séir yo.
chief Dishon, chief Ezer, chief Dishan. These are the chiefs that came from the Horites, according to their chiefs in the land of Seir.
31 Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo.
And these are the kings that reigned in the land of Edom, before any king reigned over the sons of Israel.
32 Béla, fis Beor, te renye sou Édom; epi non vil pa l la te Dinhaba.
And Bela the son of Beor reigned in Edom, and the name of his city was Dinhabah.
33 Béla te mouri e Jbab, fis Zérach, a Botsra te renye nan plas li.
And Bela died, and Jobab the son of Zerah of Bozrah reigned in his stead.
34 Jbab te vin mouri; epi Huscham nan peyi Temanit yo te renye nan plas li.
And Jobab died, and Husham of the land of the Temanites reigned in his stead.
35 Huscham te mouri; epi Hadad, fis a Bedad la te vin renye nan plas li. Se te li menm ki te frape Madian nan chan Moab la. Non a vil sa a se te Avith.
And Husham died, and Hadad the son of Bedad, who smote Midian in the field of Moab, reigned in his stead. And the name of his city was Avith.
36 Hadad te mouri; epi Samia ak Masréka te vin renye nan plas li.
And Hadad died, and Samlah of Masrekah reigned in his stead.
37 Samia te mouri; epi Saül ak Rehoboth sou larivyè Euphrate la te vin renye nan plas li.
And Samlah died, and Shaul of Rehoboth by the River reigned in his stead.
38 Saül te mouri; epi Baal-Hanan, fis Acbor a te vin renye nan plas li.
And Shaul died, and Baal-hanan the son of Achbor reigned in his stead.
39 Baal-Hanan, fis Acbor te mouri, epi Hadar te vin renye nan plas li. Non a vil sa a se te Pau; epi non madanm li te Mehéthabeel, fi a Mthred, fi a Mézahab la.
And Baal-hanan the son of Achbor died, and Hadar reigned in his stead. And the name of his city was Pau, and his wife's name was Mehetabel, the daughter of Matred, the daughter of Me-zahab.
40 Men non a chèf ki te desandan Ésaü yo, selon tribi yo, selon teritwa yo, pa non yo; chèf Timna, chèf Alva, chèf Jetheth,
And these are the names of the chiefs that came of Esau, according to their families, after their places, by their names: chief Timnah, chief Alvah, chief Jetheth,
41 chèf Oholibama, chèf Éla, chèf Pinon,
chief Aholibamah, chief Elah, chief Pinon,
42 chèf Kenaz, chèf Théman, chèf Mibtsar,
chief Kenaz, chief Teman, chief Mibzar,
43 chèf Magdiel, chèf Iram. Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo.
chief Magdiel, chief Iram. These are the chiefs of Edom, according to their habitations in the land of their possession. This is Esau, the father of the Edomites.