< Jenèz 35 >

1 Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
А Бог рече Јакову: Устани, иди горе у Ветиљ и онде стани; и начини онде жртвеник Богу, који ти се јавио кад си бежао од Исава брата свог.
2 Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou.
И Јаков рече породици својој и свима који беху с њим: Баците туђе богове што су у вас, и очистите се и преобуците се;
3 Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.”
Па да се дигнемо и идемо горе у Ветиљ, да начиним онде жртвеник Богу, који ме чуо у дан невоље моје и био са мном на путу којим сам ишао.
4 Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan.
И дадоше Јакову све богове туђе који беху у њиховим рукама, и обоце, које имаху у ушима; и Јаков их закопа под храстом код Сихема.
5 Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.
Потом отидоше. А страх Божји дође на градове који беху око њих, те се не дигоше у потеру за синовима Израиљевим.
6 Alò, Jacob te vini Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo.
И Јаков и сва чељад што беше с њим дођоше у Луз у земљи хананској, а то је Ветиљ.
7 Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la.
И онде начини жртвеник, и назва оно место: Бог ветиљски, јер му се онде јави Бог, кад је бежао од брата свог.
8 Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).
Тада умре Девора дојкиња Ревечина, и погребоше је испод Ветиља под храстом, који назва Јаков Алон-Вакут.
9 Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te beni li.
И јави се Бог Јакову опет, пошто изиђе из Падан-Арама, и благослови га,
10 Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
И рече му Бог: Име ти је Јаков; али се одселе нећеш звати Јаков, него ће ти име бити Израиљ. И надеде му име Израиљ.
11 Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou.
И још му рече Бог: Ја сам Бог Свемогући; расти и множи се; народ и многи ће народи постати од тебе, и цареви ће изаћи из бедара твојих.
12 Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.”
И даћу ти земљу коју сам дао Авраму и Исаку, и након тебе семену твом даћу земљу ову.
13 Konsa, Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a.
Потом отиде од њега Бог с места где му говори.
14 Jacob te etabli yon pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li.
А Јаков метну споменик на истом месту где му Бог говори, споменик од камена, и покропи га кропљењем, и прели га уљем.
15 Alò, Jacob te nonmen plas kote Bondye te pale avèk li a Béthel.
И Јаков прозва место где му говори Бог Ветиљ.
16 Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil.
И отидоше од Ветиља. А кад им оста још мало пута до Ефрате, породи се Рахиља, и беше јој тежак порођај.
17 Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske ou va gen yon lòt gason.”
И кад се веома мучаше, рече јој бабица: Не бој се, имаћеш још једног сина.
18 Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.
А кад се растављаше с душом те умираше, назва га Венонија; али му отац надеде име Венијамин.
19 Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem).
И умре Рахиља, и погребоше је на путу који иде у Ефрату, а то је Витлејем.
20 Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.
И метну Јаков споменик на гроб њен. То је споменик на гробу Рахиљином до данашњег дана.
21 Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen tou Migdal-Éder a.
Одатле отишавши Израиљ разапе шатор свој иза куле мигдол-едерске.
22 Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—
И кад Израиљ живеше у оној земљи, отиде Рувим и леже с Валом иночом оца свог. И то дочу Израиљ. А имаше Јаков дванаест синова.
23 fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,
Синови Лијини беху: Рувим првенац Јаковљев, и Симеун и Левије и Јуда и Исахар и Завулон;
24 fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin;
А синови Рахиљини: Јосиф и Венијамин;
25 fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali;
А синови Вале робиње Рахиљине: Дан и Нефталим;
26 fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram.
А синови Зелфе робиње Лијине: Гад и Асир. То су синови Јаковљеви, који му се родише у Падан-Араму.
27 Jacob te vini vè papa li, Isaac nan Mamré pou Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.
И Јаков дође к Исаку оцу свом у Мамрију у Киријат-Арву, које је Хеврон, где Аврам и Исак беху дошљаци.
28 Alò, jou Isaac yo te san-katre-ven ane.
А Исаку беше сто и осамдесет година;
29 Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
И онемоћав умре Исак, и би прибран к роду свом стар и сит живота; и погребоше га Исав и Јаков синови његови.

< Jenèz 35 >