< Jenèz 34 >
1 Alò, Dina, fi Léa te fè pou Jacob la te sòti pou vizite fi peyi yo nan kote sa a.
Now Dinah, the daughter whom Leah had by Jacob, went out to see the women of that country.
2 Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.
And when Shechem, the son of Hamor the Hivite who was the chief of that land, saw her, he took her by force and had connection with her.
3 Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l.
Then his heart went out in love to Dinah, the daughter of Jacob, and he said comforting words to her.
4 Alò, Sichem te pale avèk papa l Hamor. Li te di: “Fè m jwenn jèn fi sa a pou madanm.”
And Shechem said to Hamor, his father, Get me this girl for my wife.
5 Alò, Jacob te tande ke li te vyole Dina, fi li a, men fis li yo te avèk bèt yo nan chan an. Alò, li te rete san pale jis lè yo te vin antre.
Now Jacob had word of what Shechem had done to his daughter; but his sons were in the fields with the cattle, and Jacob said nothing till they came.
6 Hamor, papa a Sichem, te vin deyò a pou pale avèk li.
Then Hamor, the father of Shechem, came out to have a talk with Jacob.
7 Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a. Konsa, mesye yo te blese. Yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt.
Now the sons of Jacob came in from the fields when they had news of it, and they were wounded and very angry because of the shame he had done in Israel by having connection with Jacob's daughter; and they said, Such a thing is not to be done.
8 Men Hamor te pale avèk yo. Li te di: “Nanm fis mwen an, Sichem anvi fi ou a anpil. Pou sa, silvouplè, ba li li pou yo marye.
But Hamor said to them, Shechem, my son, is full of desire for your daughter: will you then give her to him for a wife?
9 Annou marye yo youn pou lòt. Bay fi ou yo a nou menm, e pran fi nou yo pou ou menm.
And let our two peoples be joined together; give your daughters to us, and take our daughters for yourselves.
10 Konsa, ou va viv avèk nou, e peyi a va vin ouvri devan nou. Viv ladann, e fè afè nou yo ladann.”
Go on living with us, and the country will be open to you; do trade and get property there.
11 Sichem te di osi a papa ak frè a Dina, “Kite mwen twouve favè nan zye nou. Konsa, mwen va bannou nenpòt sa ke nou mande m.
And Shechem said to her father and her brothers, If you will give ear to my request, whatever you say I will give to you.
12 Mande m tan kòm pèyman avèk kado, e mwen va bannou nenpòt sa nou mande mwen, men ban mwen fi a pou marye.”
However great you make the bride-price and payment, I will give it; only let me have the girl for my wife.
13 Konsa, fis Jacob yo te reponn Sichem avèk papa li Hamor avèk desepsyon, akoz ke li te vyole Dina, sè yo a.
But the sons of Jacob gave a false answer to Shechem and Hamor his father, because of what had been done to Dinah their sister.
14 Yo te di yo: “Nou pa kapab fè bagay sa a, pou bay sè nou an a yon moun ki pa sikonsi. Sa ta yon wont pou nou tout.
And they said, It is not possible for us to give our sister to one who is without circumcision, for that would be a cause of shame to us:
15 Sou yon sèl kondisyon nou ta kapab dakò: si nou va vini tankou nou. Sa vle di ke chak mal nan nou ta vin sikonsi.
But on this condition only will we come to an agreement with you: if every male among you becomes like us and undergoes circumcision;
16 Konsa, nou va bay sè nou yo a nou menm, nou va viv avèk nou e vin yon sèl pèp.
Then we will give our daughters to you and take your daughters to us and go on living with you as one people.
17 Men si nou pa koute nou pou vin sikonsi, alò, n ap pran sè nou an e ale.”
But if you will not undergo circumcision as we say, then we will take our daughter and go.
18 Alò, pawòl pa yo a te parèt rezonab a Hamor avèk Sichem, fis Hamor a.
And their words were pleasing to Hamor and his son Shechem.
19 Jennonm sa a pa t pèdi tan pou fè bagay la, paske li te tèlman kontan avèk fi Jacob la. Epi li te jwenn respe depase tout moun ki lakay papa li a.
And without loss of time the young man did as they said, because he had delight in Jacob's daughter, and he was the noblest of his father's house.
20 Konsa, Hamor, avèk fis li a, Sichem te vini nan pòtay vil yo, li te pale avèk mesye nan vil yo, e li te di:
Then Hamor and Shechem, his son, went to the meeting-place of their town, and said to the men of the town,
21 “Moun sa yo se zanmi nou yo ye; pou sa, annou kite yo viv nan peyi a pou fè komès ladann, paske, gade byen, peyi a ase gran pou yo. Annou pran fi yo an maryaj, e bay fi nou yo a yo menm.
It is the desire of these men to be at peace with us; let them then go on living in this country and doing trade here, for the country is wide open before them; let us take their daughters as wives and let us give them our daughters.
22 “Se sèl sou kondisyon sa a ke moun sa yo va vin dakò pou vin viv avèk nou, pou vin yon sèl pèp; ke chak mal pami nou vin sikonsi tankou yo menm tou deja sikonsi a.
But these men will make an agreement with us to go on living with us and to become one people, only on the condition that every male among us undergoes circumcision as they have done.
23 Se pa ke bèt, byen ak tout zannimo yo va vin pou nou? Sèlman annou vin dakò avèk yo, e yo va viv avèk nou.”
Then will not their cattle and their goods and all their beasts be ours? so let us come to an agreement with them so that they may go on living with us.
24 Tout sa yo ki te sòti nan pòtay lavil la te koute Hamor, avèk fis li a, Sichem. Konsa, chak mal te sikonsi, tout moun ki te sòti nan pòtay vil la.
Then all the men of the town gave ear to the words of Hamor and Shechem his son; and every male in the town underwent circumcision.
25 Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo. Yo te vini sou vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo.
But on the third day after, before the wounds were well, two of the sons of Jacob, Simeon and Levi, Dinah's brothers, took their swords and came into the town by surprise and put all the males to death.
26 Yo te touye Hamor avèk fis li a, Sichem, avèk lam file a nepe yo. Yo te pran Dina soti lakay Sichem nan, e yo te ale.
And Hamor and his son they put to death with the sword, and they took Dinah from Shechem's house and went away.
27 Fis Jacob yo te vini sou mò yo. Yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a.
And the sons of Jacob came on them when they were wounded and made waste the town because of what had been done to their sister;
28 Yo te pran bann mouton, twoupo ak bourik, sa ki te nan vil la, ak sa ki te nan chan an.
They took their flocks and their herds and their asses and everything in their town and in their fields,
29 Epi yo te kaptire e piyaje tout byen yo, tout pitit yo, madanm yo, menm tout sa ki te lakay yo.
And all their wealth and all their little ones and their wives; everything in their houses they took and made them waste.
30 Alò Jacob te di a Siméon avèk Lévi: “Nou vin pote pwoblèm pou mwen akoz ke nou fè m vin rayi pa abitan peyi yo, pami Kananeyen avèk Ferezyen yo. Epi akoz ke gason nou yo pa anpil, yo va rasanble kont mwen, pou atake mwen, e mwen va vin detwi, mwen menm avèk tout lakay mwen.”
And Jacob said to Simeon and Levi, You have made trouble for me and given me a bad name among the people of this country, among the Canaanites and the Perizzites: and because we are small in number they will come together against me and make war on me; and it will be the end of me and all my people.
31 Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?”
But they said, Were we to let him make use of our sister as a loose woman?