< Jenèz 33 >

1 Alò, Jacob te leve zye li. Li te gade, e gade byen, Ésaü t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Konsa, li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo.
雅各伯舉目,看見厄撒烏帶了四百人前來,遂將孩子分別交與肋阿、辣黑耳和兩個婢女;
2 Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye.
將兩個婢女和她們的孩子放在最前面,其次是肋阿和她的孩子,最後是辣黑耳和若瑟。
3 Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.
他自己走在他們前面,七次伏地叩拜,直到來到哥哥前。
4 Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye.
厄撒烏卻向他跑來,抱住他,撲在他頸上吻他,兩人都哭了。
5 Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?” Epi Jacob te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”
厄撒烏舉目,看見女人和孩子,遂問說:「這些人是你的什麼人﹖」雅各伯答說:「是天主恩賜給你僕人的孩子。」
6 Alò, sèvant lakay yo te vin pwoche avèk pitit pa yo, e yo te bese ba.
於是婢女和她們的孩子前來叩拜了。
7 Léa tou te apwoche avèk pitit li yo. Yo te bese ba. Apre, Joseph te vini avèk Rachel, e yo te bese ba.
肋阿和她的孩子也前來叩拜了,最後若瑟和辣黑耳才近前來叩拜。
8 Ésaü te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?” Jacob te reponn: “Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.”
厄撒烏又問說:「我所見的這一大隊,有什麼意思﹖」雅各伯答說:「這是蒙我主悅納的。」
9 Men Ésaü te di: “Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”
厄撒烏說:「我的兄弟,我已夠富足了;你的,你留下罷! 」
10 Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m.
雅各伯說:「請不要這樣! 我若真蒙你悅納,請你收下我手中的禮物;因為我見了你的面,就如見了天主的面;你實在仁厚接待了我。
11 Souple, pran kado ki te pote pou ou a, paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li.
請你收下我獻給你的禮品;因為天主厚待了我,我什麼都有了。」由於雅各伯極力懇請,他才收下了。
12 Konsa, Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou. Ann ale, e mwen va ale devan nou.”
厄撒烏說:「我們起程前行,我願與你同行。」
13 Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri.
雅各伯對他說:「我主知道,孩子尚幼小,我還要照顧尚在哺乳的牛羊,若一天只顧催趕,全群牲畜都要死盡。
14 Souple, kite mèt mwen an pase devan sèvitè li. Mwen menm mwen va avanse pi dousman, selon nesesite bèt ki devan m yo, ak selon vitès a timoun yo, jis lè m rive vè mèt mwen an nan Séir.”
還是請我主在你僕人前先行;我要照我前面的牲畜和孩子們的腳步,慢慢前行;直至達到色意依爾我主那裏。」
15 Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.”
厄撒烏說:「讓我留下幾個跟我的人陪著你。」雅各伯說:「只要我能蒙我主悅納,又何必如此! 」
16 Konsa, Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a.
厄撒烏就在當天回了色依爾。
17 Jacob te vwayaje a Succoth. Li te bati pou li menm yon kay, e li te fè pak pou tout bèt li yo, epi pou sa, yo rele plas la Succoth.
雅各伯卻動身往穌苛特去了,在那裏為自己蓋了一座房屋,為牲畜搭了些棚子;為此給那地起名叫「穌苛特。」
18 Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la.
雅各伯由帕丹阿蘭回來,平安來到客納罕地的舍根城,在城的對面支搭了帳幕。
19 Li te achte yon mòso tè kote li te monte tant li nan men fis Hamor yo, papa Sichem nan, pou sòm a san pyès lajan.
他支搭帳幕的那塊地,是由舍根的父親哈摩爾的兒子們手裏,用一百塊銀錢買來的
20 Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël.
雅各伯在那裏建立了一座祭壇,稱它為:「大能者以色列的天主。」

< Jenèz 33 >