< Jenèz 26 >

1 Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo.
在亞伯拉罕的日子,那地有一次饑荒;這時又有饑荒,以撒就往基拉耳去,到非利士人的王亞比米勒那裏。
2 Senyè a te parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a.
耶和華向以撒顯現,說:「你不要下埃及去,要住在我所指示你的地。
3 Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
你寄居在這地,我必與你同在,賜福給你,因為我要將這些地都賜給你和你的後裔。我必堅定我向你父亞伯拉罕所起的誓。
4 “Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,
我要加增你的後裔,像天上的星那樣多,又要將這些地都賜給你的後裔。並且地上萬國必因你的後裔得福-
5 akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.”
都因亞伯拉罕聽從我的話,遵守我的吩咐和我的命令、律例、法度。」
6 Konsa, Isaac te viv Guérar.
以撒就住在基拉耳。
7 Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
那地方的人問到他的妻子,他便說:「那是我的妹子。」原來他怕說:「是我的妻子」;他心裏想:「恐怕這地方的人為利百加的緣故殺我」,因為她容貌俊美。
8 Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca.
他在那裏住了許久。有一天,非利士人的王亞比米勒從窗戶裏往外觀看,見以撒和他的妻子利百加戲玩。
9 Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
亞比米勒召了以撒來,對他說:「她實在是你的妻子,你怎麼說她是你的妹子?」以撒說:「我心裏想,恐怕我因她而死。」
10 Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.”
亞比米勒說:「你向我們做的是甚麼事呢?民中險些有人和你的妻同寢,把我們陷在罪裏。」
11 Konsa, Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.”
於是亞比米勒曉諭眾民說:「凡沾着這個人,或是他妻子的,定要把他治死。」
12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.
以撒在那地耕種,那一年有百倍的收成。耶和華賜福給他,
13 Mesye a te vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès.
他就昌大,日增月盛,成了大富戶。
14 Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.
他有羊群牛群,又有許多僕人,非利士人就嫉妒他。
15 Alò, tout pwi ke sèvitè a papa li yo te fouye nan jou Abraham yo, papa li, Filisten yo te bouche lè yo te ranpli yo avèk tè.
當他父親亞伯拉罕在世的日子,他父親的僕人所挖的井,非利士人全都塞住,填滿了土。
16 Alò, Abimélec te di a Isaac: “Kite nou, paske ou twò fò pou nou.”
亞比米勒對以撒說:「你離開我們去吧。因為你比我們強盛得多。」
17 Konsa, Isaac te pati la. Li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la.
以撒就離開那裏,在基拉耳谷支搭帳棚,住在那裏。
18 Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan. Epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo.
當他父親亞伯拉罕在世之日所挖的水井因非利士人在亞伯拉罕死後塞住了,以撒就重新挖出來,仍照他父親所叫的叫那些井的名字。
19 Men lè sèvitè Isaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen,
以撒的僕人在谷中挖井,便得了一口活水井。
20 bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li.
基拉耳的牧人與以撒的牧人爭競,說:「這水是我們的。」以撒就給那井起名叫埃色,因為他們和他相爭。
21 Yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna.
以撒的僕人又挖了一口井,他們又為這井爭競,因此以撒給這井起名叫西提拿。
22 Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va rekòlte anpil fwi nan peyi a.”
以撒離開那裏,又挖了一口井,他們不為這井爭競了,他就給那井起名叫利河伯。他說:「耶和華現在給我們寬闊之地,我們必在這地昌盛。」
23 Alò, li te kite la pou monte Beer-Schéba.
以撒從那裏上別是巴去。
24 SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”
當夜耶和華向他顯現,說:「我是你父親亞伯拉罕的上帝,不要懼怕!因為我與你同在,要賜福給你,並要為我僕人亞伯拉罕的緣故,使你的後裔繁多。」
25 Konsa, li te bati yon lotèl la, li te rele non SENYÈ a, e te monte tant li la. La sèvitè Isaac yo te fouye yon pwi.
以撒就在那裏築了一座壇,求告耶和華的名,並且支搭帳棚;他的僕人便在那裏挖了一口井。
26 Alò, Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a.
亞比米勒,同他的朋友亞戶撒和他的軍長非各,從基拉耳來見以撒。
27 Isaac te di yo: “Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e te pouse mwen lwen nou?”
以撒對他們說:「你們既然恨我,打發我走了,為甚麼到我這裏來呢?」
28 Yo te di: “Nou wè byen klè ke SENYÈ a te avèk ou. Alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou,
他們說:「我們明明地看見耶和華與你同在,便說,不如我們兩下彼此起誓,彼此立約,
29 ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se beni a SENYÈ a.”
使你不害我們,正如我們未曾害你,一味地厚待你,並且打發你平平安安地走。你是蒙耶和華賜福的了。」
30 Alò, li te fè yon gwo fèt manje pou yo, yo te manje e bwè.
以撒就為他們設擺筵席,他們便吃了喝了。
31 Nan maten, yo te leve bonè. Yo te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.
他們清早起來彼此起誓。以撒打發他們走,他們就平平安安地離開他走了。
32 Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”
那一天,以撒的僕人來,將挖井的事告訴他說:「我們得了水了。」
33 Konsa, li te rele li Schiba, akoz sa yo rele vil la Beer-Schéba jis rive jodi a.
他就給那井起名叫示巴;因此那城叫做別是巴,直到今日。
34 Lè Ésaü te gen karant ane, li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an.
以掃四十歲的時候娶了赫人比利的女兒猶滴,與赫人以倫的女兒巴實抹為妻。
35 Yo te mennen traka pou twouble Isaac avèk Rebecca.
她們常使以撒和利百加心裏愁煩。

< Jenèz 26 >