< Jenèz 24 >
1 Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.
亚伯拉罕年纪老迈,向来在一切事上耶和华都赐福给他。
2 Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “Souple, mete men ou anba kwis mwen.
亚伯拉罕对管理他全业最老的仆人说:“请你把手放在我大腿底下。
3 Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo,
我要叫你指着耶和华—天地的主起誓,不要为我儿子娶这迦南地中的女子为妻。
4 men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”
你要往我本地本族去,为我的儿子以撒娶一个妻子。”
5 Sèvitè a te di li: “Sipoze ke fanm nan pa vle swiv mwen pou vini nan peyi a? Èske mwen dwe mennen fis ou a retounen nan peyi kote ou te soti a?”
仆人对他说:“倘若女子不肯跟我到这地方来,我必须将你的儿子带回你原出之地吗?”
6 Abraham te di li: “Veye ke ou pa pran fis mwen an pou fè l retounen la!
亚伯拉罕对他说:“你要谨慎,不要带我的儿子回那里去。
7 SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen; Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’. Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la.
耶和华—天上的主曾带领我离开父家和本族的地,对我说话,向我起誓说:‘我要将这地赐给你的后裔。’他必差遣使者在你面前,你就可以从那里为我儿子娶一个妻子。
8 Men si fanm nan pa vle swiv ou, alò ou va lib de sèman pa m nan, Sèlman, pa fè fis mwen an retounen la.”
倘若女子不肯跟你来,我使你起的誓就与你无干了,只是不可带我的儿子回那里去。”
9 Alò, sèvitè a te plase men l anba kwis mèt li, Abraham, e li te sèmante devan li sou zafè sila a.
仆人就把手放在他主人亚伯拉罕的大腿底下,为这事向他起誓。
10 Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor.
那仆人从他主人的骆驼里取了十匹骆驼,并带些他主人各样的财物,起身往美索不达米亚去,到了拿鹤的城。
11 Li te fè chamo yo bese a jenou deyò vil la toupre pwi a nan aswè, nan lè ke fanm yo te vin rale dlo.
天将晚,众女子出来打水的时候,他便叫骆驼跪在城外的水井那里。
12 Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.
他说:“耶和华—我主人亚伯拉罕的 神啊,求你施恩给我主人亚伯拉罕,使我今日遇见好机会。
13 Gade byen, m ap kanpe akote sous la, e fi a pèp vil yo ap parèt pou rale dlo.
我现今站在井旁,城内居民的女子们正出来打水。
14 Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: ‘Souple, desann veso ou pou m kab bwè’, e ki reponn: ‘Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: lese ke se sila ke Ou te chwazi pou sèvitè ou a, Isaac. Konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.”
我向那一个女子说:‘请你拿下水瓶来,给我水喝’,她若说:‘请喝!我也给你的骆驼喝。’愿那女子就作你所预定给你仆人以撒的妻。这样,我便知道你施恩给我主人了。”
15 Avan li te fin pale, gade, Rebecca ki te ne a Bethuel, fi Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li.
话还没有说完,不料,利百加肩头上扛着水瓶出来。利百加是彼土利所生的;彼土利是亚伯拉罕兄弟拿鹤妻子密迦的儿子。
16 Fi a te trè bèl, yon vyèj, e gason pa t janm antre nan relasyon avè l. Li te desann nan sous la, li te ranpli veso li, e li t ap monte.
那女子容貌极其俊美,还是处女,也未曾有人亲近她。她下到井旁,打满了瓶,又上来。
17 Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.”
仆人跑上前去迎着她,说:“求你将瓶里的水给我一点喝。”
18 Li te di: “Bwè, mèt mwen.” Byen vit li te desann veso li rive nan men li, e li te bay li bwè.
女子说:“我主请喝!”就急忙拿下瓶来,托在手上给他喝。
19 Lè li te fin ba li bwè, li te di: “Mwen va rale dlo osi pou chamo ou yo, jiskaske yo fin bwè”.
女子给他喝了,就说:“我再为你的骆驼打水,叫骆驼也喝足。”
20 Imedyatman li te vide veso li nan basen pou bèt yo, li te kouri retounen nan pwi a pou rale dlo, e li te rale pou tout chamo li yo.
她就急忙把瓶里的水倒在槽里,又跑到井旁打水,就为所有的骆驼打上水来。
21 Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non.
那人定睛看她,一句话也不说,要晓得耶和华赐他通达的道路没有。
22 Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò,
骆驼喝足了,那人就拿一个金环,重半舍客勒,两个金镯,重十舍客勒,给了那女子,
23 epi li te mande: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?”
说:“请告诉我,你是谁的女儿?你父亲家里有我们住宿的地方没有?”
24 Li te di li: “Mwen se fi Bethuel la, fis Milca, ke li te fè pou Nahor a.”
女子说:“我是密迦与拿鹤之子彼土利的女儿”;
25 Ankò fi a te di li: “Nou gen ase, nan pay avèk manje, ak espas pou lojman”.
又说:“我们家里足有粮草,也有住宿的地方。”
26 Alò, mesye a te bese byen ba, e li te adore SENYÈ a.
那人就低头向耶和华下拜,
27 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”
说:“耶和华—我主人亚伯拉罕的 神是应当称颂的,因他不断地以慈爱诚实待我主人。至于我,耶和华在路上引领我,直走到我主人的兄弟家里。”
28 Alò, fi a te kouri pou pale tout kay manman l de bagay sa yo.
女子跑回去,照着这些话告诉她母亲和她家里的人。
29 Fi a te gen yon frè ki te rele Laban. Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la.
利百加有一个哥哥,名叫拉班,看见金环,又看见金镯在他妹子的手上,并听见他妹子利百加的话,说那人对我如此如此说。拉班就跑出来往井旁去,到那人跟前,见他仍站在骆驼旁边的井旁那里,
30 Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a. Gade byen, li te kanpe akote chamo yo nan sous la.
31 Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”
便对他说:“你这蒙耶和华赐福的,请进来,为什么站在外边?我已经收拾了房屋,也为骆驼预备了地方。”
32 Alò, mesye a te antre nan kay la. Laban te dechaje chamo yo, e li te bay pay avèk manje pou chamo yo, ak dlo pou lave pye li, avèk pye a mesye ki te avèk li yo.
那人就进了拉班的家。拉班卸了骆驼,用草料喂上,拿水给那人和跟随的人洗脚;
33 Men lè manje a te plase devan li, li te di: “Mwen p ap manje jiskaske mwen pale de misyon mwen an.” Laban te di: “Pale toujou”.
把饭摆在他面前,叫他吃,他却说:“我不吃,等我说明白我的事情再吃。”拉班说:“请说。”
34 Li te di: “Mwen se sèvitè Abraham.
他说:“我是亚伯拉罕的仆人。
35 SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.
耶和华大大地赐福给我主人,使他昌大,又赐给他羊群、牛群、金银、仆婢、骆驼,和驴。
36 Alò, Sarah, madanm a mèt mwen an te fè yon fis pou mèt mwen an nan vyeyès li. Li te bay li tout sa li posede.
我主人的妻子撒拉年老的时候给我主人生了一个儿子;我主人也将一切所有的都给了这个儿子。
37 Mèt mwen an te fè m sèmante pou di: ‘Ou pa pou pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, nan peyi kote m ap viv la,
我主人叫我起誓说:‘你不要为我儿子娶迦南地的女子为妻。
38 men ou va ale kote lakay papa m, nan moun fanmi pa m yo, e pran yon madanm pou fis mwen an.’
你要往我父家、我本族那里去,为我的儿子娶一个妻子。’
39 “Mwen te di a mèt mwen an: ‘Sipoze ke fanm nan pa swiv mwen.’
我对我主人说:‘恐怕女子不肯跟我来。’
40 “Li te di mwen: ‘SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi. Ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m.
他就说:‘我所事奉的耶和华必要差遣他的使者与你同去,叫你的道路通达,你就得以在我父家、我本族那里,给我的儿子娶一个妻子。
41 Epi konsa, ou va lib de sèman mwen an, si lè ou rive pami moun fanmi mwen yo, yo pa ba ou li. Si se sa a, ou va lib de sèman mwen an.’
只要你到了我本族那里,我使你起的誓就与你无干。他们若不把女子交给你,我使你起的誓也与你无干。’
42 “Konsa, mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: ‘O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi.
“我今日到了井旁,便说:‘耶和华—我主人亚伯拉罕的 神啊,愿你叫我所行的道路通达。
43 Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e ke mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”,
我如今站在井旁,对哪一个出来打水的女子说:请你把你瓶里的水给我一点喝;
44 epi li di mwen: ‘Ou mèt bwè, e mwen va tire dlo pou chamo ou yo tou,’ kite sa fèt ke se li ke SENYÈ a te chwazi pou fis a mèt mwen an.”
她若说:你只管喝,我也为你的骆驼打水;愿那女子就作耶和华给我主人儿子所预定的妻。’
45 “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’”
我心里的话还没有说完,利百加就出来,肩头上扛着水瓶,下到井旁打水。我便对她说:‘请你给我水喝。’
46 “Li te byen vit desann veso a sou zepòl li, e li te di: ‘Bwè’, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: Alò, mwen te bwè, e li te bay bèt yo dlo tou.
她就急忙从肩头上拿下瓶来,说:‘请喝!我也给你的骆驼喝。’我便喝了;她又给我的骆驼喝了。
47 “Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.
我问她说:‘你是谁的女儿?’她说:‘我是密迦与拿鹤之子彼土利的女儿。’我就把环子戴在她鼻子上,把镯子戴在她两手上。
48 “Epi mwen te bese byen ba, mwen te adore SENYÈ a, e te beni SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki te gide mwen nan bon chemen pou pran fi nan fanmi mèt mwen an pou fis li.
随后我低头向耶和华下拜,称颂耶和华—我主人亚伯拉罕的 神;因为他引导我走合式的道路,使我得着我主人兄弟的孙女,给我主人的儿子为妻。
49 Alò, koulye a, si w ap aji avèk dousè e verite avèk mèt mwen an, fè m konnen. Men si se pa sa, kite m konnen, pou m kapab vire swa adwat, swa agoch.”
现在你们若愿以慈爱诚实待我主人,就告诉我;若不然,也告诉我,使我可以或向左,或向右。”
50 Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal.
拉班和彼土利回答说:“这事乃出于耶和华,我们不能向你说好说歹。
51 Men Rebecca la devan ou, pran li pou ou ale, e ke li vin madanm a fis mèt ou a, jan SENYÈ a te pale a.”
看哪,利百加在你面前,可以将她带去,照着耶和华所说的,给你主人的儿子为妻。”
52 Lè sèvitè Abraham nan te tande pawòl sa yo, li te bese tèt li atè devan SENYÈ a.
亚伯拉罕的仆人听见他们这话,就向耶和华俯伏在地。
53 Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.
当下仆人拿出金器、银器,和衣服送给利百加,又将宝物送给她哥哥和她母亲。
54 Li menm avèk mesye ki te avè l yo te manje, bwè e te pase nwit lan. Lè yo te leve nan maten li te di: “Voye mwen ale vè mèt mwen.”
仆人和跟从他的人吃了喝了,住了一夜。早晨起来,仆人就说:“请打发我回我主人那里去吧。”
55 Men frè li avèk manman li te di: “Kite fi a rete avèk nou pandan kèk jou, annou di di jou. Apre li kapab ale”.
利百加的哥哥和她母亲说:“让女子同我们再住几天,至少十天,然后她可以去。”
56 Li te reponn yo: “Pa anpeche m, paske se SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.”
仆人说:“耶和华既赐给我通达的道路,你们不要耽误我,请打发我走,回我主人那里去吧。”
57 Epi yo te di: “Nou va rele fi a pou mande li volonte pa li.”:
他们说:“我们把女子叫来问问她”,
58 Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?” Epi li te reponn: “M ap prale.”
就叫了利百加来,问她说:“你和这人同去吗?”利百加说:“我去。”
59 Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo.
于是他们打发妹子利百加和她的乳母,同亚伯拉罕的仆人,并跟从仆人的,都走了。
60 Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”
他们就给利百加祝福说: 我们的妹子啊,愿你作千万人的母! 愿你的后裔得着仇敌的城门!
61 Epi Rebecca te leve avèk bòn li yo, yo te monte chamo yo, e yo te swiv mesye a. Konsa sèvitè a te pran Rebecca, e li te pati.
利百加和她的使女们起来,骑上骆驼,跟着那仆人,仆人就带着利百加走了。
62 Alò, Isaac t ap sòti nan yon vwayaj vè Lachaï-roi, paske li t ap viv nan Negev.
那时,以撒住在南地,刚从庇耳·拉海·莱回来。
63 Isaac te ale deyò pou fè meditasyon nan chan an nan aswè. Lè li te leve zye li pou gade, gade byen, chamo yo t ap vini.
天将晚,以撒出来在田间默想,举目一看,见来了些骆驼。
64 Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a.
利百加举目看见以撒,就急忙下了骆驼,
65 Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” Epi sèvitè a te reponn: “Li se mèt mwen.” Konsa, fi a te pran vwal la, e li te kouvri tèt li.
问那仆人说:“这田间走来迎接我们的是谁?”仆人说:“是我的主人。”利百加就拿帕子蒙上脸。
66 Sèvitè a te di Isaac tout sa ke li te fè.
仆人就将所办的一切事都告诉以撒。
67 Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.
以撒便领利百加进了他母亲撒拉的帐棚,娶了她为妻,并且爱她。以撒自从他母亲不在了,这才得了安慰。