< Jenèz 23 >

1 Alò, Sarah te viv pandan san-ven-sèt ane. Men sa yo ki te lane a Sarah.
وقتی سارا صد و بیست و هفت سال داشت،
2 Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.
در حبرون واقع در سرزمین کنعان درگذشت و ابراهیم در آنجا برای او سوگواری کرد.
3 Konsa, Abraham te leve kite mò li a. Li te pale a fis a Heth yo. Li te di:
سپس ابراهیم از کنار بدن بی‌جان سارا برخاسته، به بزرگان حیتّی گفت:
4 “Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”
«من در این سرزمین غریب و مهمانم و جایی ندارم که همسر خود را دفن کنم. خواهش می‌کنم قطعه زمینی به من بفروشید تا زن خود را در آن به خاک بسپارم.»
5 Fis a Heth yo te reponn Abraham. Yo te di l:
حیتی‌ها به ابراهیم جواب دادند:
6 “Koute nou, mèt mwen, ou menm, se yon prens Bondye pami nou. Antere mò ou a nan pi bon chwa ou nan tonm pa nou yo. Nanpwen pèsòn ki va refize ou yon plas antèman pou mò ou a.”
«شما سَروَر ما هستید و می‌توانید همسر خود را در بهترین مقبرهٔ ما دفن کنید. هیچ‌یک از ما مقبرهٔ خود را از شما دریغ نخواهیم داشت.»
7 Abraham te leve e te bese devan moun yo nan peyi a, fis a Heth yo.
ابراهیم در برابر آنها تعظیم نموده،
8 Li te pale avèk yo, e te di: “Si se volonte ou pou m antere mò mwen an kote mwen p ap wè l, koute mwen, e pale ak Ephron fis Tsochar a pou mwen,
گفت: «حال که اجازه می‌دهید همسر خود را در اینجا دفن کنم، تمنا دارم به عفرون پسر صوحار بگویید
9 ke li kapab ban mwen kav Macpéla ki pou li a, ki nan pwent chan li an. Pou tout pri ke li fò, ke li ban mwen li devan nou kòm yon lye antèman an.”
غار مکفیله را که در انتهای مزرعهٔ اوست، به من بفروشد. البته قیمت آن را تمام و کمال در حضور شاهدان خواهم پرداخت تا آن غار مقبرهٔ خانوادگی من بشود.»
10 Alò, Ephron te chita pami fis a Heth yo. Ephron, Ethyen an, te reponn Abraham nan prezans fis a Heth yo, menm tout moun yo ki t ap antre nan pòtay vil la. Li te di:
عفرون در حضور بزرگان حیتّی که در دروازهٔ شهر جمع شده بودند گفت:
11 “Non, mèt mwen, koute mwen; mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.”
«ای سَروَرم، من آن غار و مزرعه را در حضور این مردم به شما می‌بخشم. بروید و همسر خود را در آن دفن کنید.»
12 Konsa, Abraham te bese devan pèp peyi a.
ابراهیم بار دیگر در برابر حیتّی‌ها سر تعظیم فرود آورد،
13 Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.”
و در حضور همه به عفرون گفت: «اجازه بده آن را از تو خریداری نمایم. من تمام بهای مزرعه را می‌پردازم و بعد همسر خود را در آن دفن می‌کنم.»
14 Konsa, Ephron te reponn Abraham e te di li:
عفرون در پاسخ گفت:
15 “Mèt mwen, koute mwen. Yon mòso tè ki vo kat-san pyès lajan, kisa sa ye antre mwen avèk ou? Alò, antere mò ou a.”
«ای سرورم، قیمت آن چهارصد مثقال نقره است؛ ولی این مبلغ در مقابل دوستی ما چه ارزشی دارد؟ بروید و همسر خود را در آن دفن کنید.»
16 Abraham te koute Ephron. Konsa, Abraham te peze pou Ephron lajan ke li te nonmen nan prezans tout fis a Heth yo, kat-san pyès lajan, nan sistèm komès nòmal.
پس ابراهیم چهارصد مثقال نقره، یعنی بهایی را که عفرون در حضور همه پیشنهاد کرده بود، تمام و کمال به وی پرداخت.
17 Pou sa a, chan Ephron ki te nan Macpéla a, ki te pozisyone vè Mamre a, chan an avèk kav ki te ladann nan, tout bwa ki te nan chan an, ki te anndan limit li yo, te sede
این است مشخصات زمینی که ابراهیم خرید: مزرعه عفرون واقع در مکفیله نزدیک مِلک ممری با غاری که در انتهای مزرعه قرار داشت و تمامی درختان آن.
18 a Abraham kòm posesyon nan prezans fis a Heth yo, devan tout moun ki te antre nan pòtay vil li a.
این مزرعه و غاری که در آن بود در حضور بزرگان حیتّی که در دروازهٔ شهر نشسته بودند، به ملکیت ابراهیم درآمد.
19 Apre sa, Abraham te antere Sarah, madanm li nan kav la nan chan Macpéla ki anfas Mamre a, (sa vle di Hébron)
پس ابراهیم همسرش سارا را در غار زمین مکفیله در نزدیکی ممری، که همان حبرون است، در سرزمین کنعان دفن کرد.
20 Konsa, fis a Etyen yo te bay papye tè a enkli ak kav la; yo te transfere li a Abraham pou yon landwa antèman.
به این ترتیب، مالکیت آن زمین و غار به ابراهیم واگذار شد تا به عنوان مقبرهٔ خانوادگی از آن استفاده کند.

< Jenèz 23 >