< Jenèz 21 >
1 Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la.
耶和华按着先前的话眷顾撒拉,便照他所说的给撒拉成就。
2 Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a.
当亚伯拉罕年老的时候,撒拉怀了孕;到 神所说的日期,就给亚伯拉罕生了一个儿子。
3 Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, Isaac.
亚伯拉罕给撒拉所生的儿子起名叫以撒。
4 Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a.
以撒生下来第八日,亚伯拉罕照着 神所吩咐的,给以撒行了割礼。
5 Alò, Abraham te gen laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.
他儿子以撒生的时候,亚伯拉罕年一百岁。
6 Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.”
撒拉说:“神使我喜笑,凡听见的必与我一同喜笑”;
7 Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.”
又说:“谁能预先对亚伯拉罕说‘撒拉要乳养婴孩’呢?因为在他年老的时候,我给他生了一个儿子。”
8 Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.
孩子渐长,就断了奶。以撒断奶的日子,亚伯拉罕设摆丰盛的筵席。
9 Alò, Sarah te wè fis Agar a, Ejipsyen an, ke li te fè pou Abraham nan, t ap moke l.
当时,撒拉看见埃及人夏甲给亚伯拉罕所生的儿子戏笑,
10 Akoz sa, li te di Abraham: “Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a! Paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.”
就对亚伯拉罕说:“你把这使女和她儿子赶出去!因为这使女的儿子不可与我的儿子以撒一同承受产业。”
11 Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a.
亚伯拉罕因他儿子的缘故很忧愁。
12 Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome.
神对亚伯拉罕说:“你不必为这童子和你的使女忧愁。凡撒拉对你说的话,你都该听从;因为从以撒生的,才要称为你的后裔。
13 Ak fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.”
至于使女的儿子,我也必使他的后裔成立一国,因为他是你所生的。”
14 Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.
亚伯拉罕清早起来,拿饼和一皮袋水,给了夏甲,搭在她的肩上,又把孩子交给她,打发她走。夏甲就走了,在别是巴的旷野走迷了路。
15 Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab.
皮袋的水用尽了,夏甲就把孩子撇在小树底下,
16 Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.
自己走开约有一箭之远,相对而坐,说:“我不忍见孩子死”,就相对而坐,放声大哭。
17 Bondye te tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a.
神听见童子的声音; 神的使者从天上呼叫夏甲说:“夏甲,你为何这样呢?不要害怕, 神已经听见童子的声音了。
18 Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.”
起来!把童子抱在怀中,我必使他的后裔成为大国。”
19 Epi Bondye te ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann.
神使夏甲的眼睛明亮,她就看见一口水井,便去将皮袋盛满了水,给童子喝。
20 Bondye te avèk jènjan an, e li te grandi. Li te viv nan dezè a e li te vin yon achè.
神保佑童子,他就渐长,住在旷野,成了弓箭手。
21 Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.
他住在巴兰的旷野;他母亲从埃及地给他娶了一个妻子。
22 Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè
当那时候,亚比米勒同他军长非各对亚伯拉罕说:“凡你所行的事都有 神的保佑。
23 Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”
我愿你如今在这里指着 神对我起誓,不要欺负我与我的儿子,并我的子孙。我怎样厚待了你,你也要照样厚待我与你所寄居这地的民。”
24 Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.”
亚伯拉罕说:“我情愿起誓。”
25 Men Abraham te plenyen bay Abimélec akoz pwi dlo ke sèvitè Abimélec yo te sezi a.
从前,亚比米勒的仆人霸占了一口水井,亚伯拉罕为这事指责亚比米勒。
26 Abimélec te reponn: “Mwen pa konnen kilès ki te fè ou bagay sa a. Ou pa t di m sa, ni mwen pa t tande sa, jis rive jodi a.”
亚比米勒说:“谁做这事,我不知道,你也没有告诉我,今日我才听见了。”
27 Abraham te pran mouton avèk bèf, e li te bay yo a Abimélec. Konsa, yo de a te fè yon akò.
亚伯拉罕把羊和牛给了亚比米勒,二人就彼此立约。
28 Abraham te mete sèt jèn mouton femèl ki sòti nan bann mouton apa pou kont yo.
亚伯拉罕把七只母羊羔另放在一处。
29 Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?”
亚比米勒问亚伯拉罕说:“你把这七只母羊羔另放在一处,是什么意思呢?”
30 Li te di: “Ou va pran sèt jèn mouton femèl sa yo nan men m pou yo kapab devni yon temwen pou mwen ke mwen te fouye pwi sa a.”
他说:“你要从我手里受这七只母羊羔,作我挖这口井的证据。”
31 Pou sa, li te rele plas sila a Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an.
所以他给那地方起名叫别是巴,因为他们二人在那里起了誓。
32 Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba. Konsa, Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo.
他们在别是巴立了约,亚比米勒就同他军长非各起身回非利士地去了。
33 Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.
亚伯拉罕在别是巴栽上一棵垂丝柳树,又在那里求告耶和华—永生 神的名。
34 Epi Abraham te demere nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou.
亚伯拉罕在非利士人的地寄居了多日。