< Jenèz 2 >

1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.
Така се свършиха небето и земята и цялото тяхно войнство.
2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.
И на седмия ден, като свърши Бог делата, които беше създал, на седмия ден си почина от всичките дела, които беше създал.
3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
И благослови Бог седмия ден и го освети, защото в него си почина от всичките си дела, от всичко, което Бог беше създал и сътворил.
4 Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.
Това е произходът на небето и на земята при сътворението им във времето, когато Господ Бог създаде земя и небе.
5 Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.
А никакво полско растение още нямаше на земята и никаква полска трева не беше още поникнала; защото Господ Бог не беше дал дъжд на земята и нямаше човек, който да обработва земята;
6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li.
но пара се издигаше от земята та напояваше цялото лице на земята.
7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
И Господ Бог създаде човека от пръст из земята, и вдъхна в ноздрите му жизнено дихание; и човекът стана жива душа.
8 Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.
И Господ Бог насади градината на изток, в Едем, и постави там човека, когото беше създал.
9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
И Господ Бог направи да произраства от земята всяко дърво, що е красиво наглед и добро за храна, както и дървото на живота всред градината и дървото на познаване доброто и злото.
10 Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè.
И река изтичаше от Едем да напоява градината, от гдето се разклоняваше и стана четири главни реки.
11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a.
Името на едната е Фисон; тя е, която обикаля цялата Евилатска земя, гдето има злато.
12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la.
И златото на оная земя е добро там има още бделий и ониксов камък.
13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la.
Името на втората река е Гион; тя е, която обикаля цялата Хуска земя
14 Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
Името на третата река е Тигър: тя е, която тече на изток от Асирия. А четвъртата река е Ефрат.
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
И Господ Бог взе човека и го засели в Едемската градина, за да я обработва и да я пази.
16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje,
И Господ Бог заповяда на човека, казвайки: От всяко дърво в градината свободно да ядеш;
17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
но от дървото на познаване доброто и злото, да не ядеш от него; защото в деня, когато ядеш от него, непременно ще умреш.
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
И Господ Бог каза: Не е добре за човека да бъде сам; ще му създам подходящ помощник.
19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li.
И Господ Бог създаде от земята всички полски зверове и всички въздушни птици; и ги приведе при човека, за да види как ще ги наименува; и с каквото име назовеше човекът всяко одушевено същество, това име му остана.
20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
Така човекът даде имена на всеки вид добитък, на въздушните птици и на всички полски зверове. Но помощник, подходящ за човека не се намери.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li.
Тогава Господ даде на човека дълбок сън, и той заспа; и взе едно от ребрата му, и изпълни мястото му с плът.
22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
И Господ Бог създаде жената от реброто, което взе от човека и я приведе при човека.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
А човекът каза: Тази вече е кост от костите ми и плът от плътта ми; тя ще се нарече Жена, защото от Мъжа бе взета.
24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
Затова ще остави човека баща си и майка си и ще се привърже към жена си и те ще бъдат една плът.
25 Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
А и двамата, човекът и жена му бяха голи и не се срамуваха.

< Jenèz 2 >