< Jenèz 15 >
1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
Baada ya mabo haya neno la Yahwe likamjia Abram katika maono, likisema, “Usiogope, Abram! mimi ni ngao yako na thawabu yako kubwa sana.”
2 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”
Abram akasema, “Bwana Yahwe, utanipatia nini, kwa kuwa naenda bila mtoto, na mrithi wa nyumba yangu ni Eliezeri wa Dameski?”
3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
Abram akasema, “Kwakuwa hujanipatia uzao, tazama, mwangalizi wa nyumba yangu ndiye mrithi wangu.”
4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
Kisha, tazama, neno la Yahwe likaja kwake, kusema, “Mtu huyu hatakuwa mrithi wako; isipokuwa atakaye toka katika mwili wako ndiye atakuwa mrithi wako.”
5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
Kisha akamtoa nje, na akasema, Tazama mbinguni, na uzihesabu nyota, ikiwa unaweza kuzihesabu.” Kisha akamwambia, hivyo ndivyo uzao wako utakavyokuwa.
6 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
Akamwamini Yahwe, na akamuhesabia jambo hili kuwa mwenye haki.
7 Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”
Akamwambia, Mimi ni Yahwe, niliye kutoa katika Uru ya Wakaldayo, na kukupatia nchi hii kuirithi.”
8 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?”
Akasema, “Bwana Yahwe, nitajua je kuwa nitairithi?”
9 Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twzan, yon mal mouton nan twzan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
Kisha akamwambia, “Nipatie ndama wa umri wa miaka mitatu, mbuzi mke wa umri wa miaka mitatu, na kondoo mume wa umri wa miaka mitatu, na njiwa na mwana njiwa.”
10 Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li pa t koupe zwazo yo.
Akamletea hivi vyote, akavipasua katika sehemu mbili, akaweka kila kipande kuelekea mwenzake, ila ndege hakuawapasua.
11 Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.
Wakati ndege walipokuja juu ya mizoga, Abram akawafukuza.
12 Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.
Kisha wakati jua lilipokuwa likizama, Abram akalala usingizi mzito na tazama, hofu ya giza kuu ikamfunika.
13 Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane.
Kisha Yahwe akamwambia Abram, “Ujuwe kwa hakika kwamba uzao wako watakuwa wageni katika nchi ambayo si ya kwao, na watatumikishwa na kuteswa kwa miaka mia nne.
14 Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen.
Nitahukumu taifa ambalo watalitumikia, na baadye watatoka wakiwa na mali nyingi.
15 Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse.
Lakini utakwenda kwa baba zako kwa amani, na utazikwa katika uzee mwema.
16 Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”
Katika kizazi cha nne watakuja tena hapa, kwa sababu uovu wa Waamori haujafikia mwisho wake.”
17 Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te pase antre mòso sa yo.
Jua lilipokuwa limezama na kuwa giza, tazama, chungu cha moshi wenye moto na miali ya mwanga ilipita kati ya vile vipande.
18 Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate,
Siku hiyo Yahwe akafanya agano na Abram, akisema, “Ninatoa nchi hii kwa uzao wako, kutoka mto wa Misri hadi kwenye mto mkuu, Frati -
19 peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo,
Mkeni, Mkenizi, na Mkadmoni,
20 Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo,
Mhiti, Mperizi, Mrefai,
21 Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.”
Mwamori, Mkanaani, Mgirgashi, na Myebusi.