< Jenèz 13 >

1 Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.
And Abram went up out of Egypt, he, and his wife, and all that he had, and Lot with him, into the south.
2 Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
And Abram was very rich in cattle, in silver, and in gold.
3 Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, antre Béthel avèk Ai,
And he went on his journeys from the south even to Bethel, unto the place where his tent had been at the beginning, between Bethel and Hai;
4 jis rive nan plas lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.
Unto the place of the altar, which he had make there at the first: and there Abram called on the name of the LORD.
5 Alò, Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
And Lot also, which went with Abram, had flocks, and herds, and tents.
6 Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm.
And the land was not able to bear them, that they might dwell together: for their substance was great, so that they could not dwell together.
7 Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
And there was a strife between the herdmen of Abram's cattle and the herdmen of Lot's cattle: and the Canaanite and the Perizzite dwelled then in the land.
8 Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye.
And Abram said unto Lot, Let there be no strife, I pray you, between me and you, and between my herdmen and your herdmen; for we be brethren.
9 Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
Is not the whole land before you? separate yourself, I pray you, from me: if you will take the left hand, then I will go to the right; or if you depart to the right hand, then I will go to the left.
10 Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
And Lot lifted up his eyes, and beheld all the plain of Jordan, that it was well watered every where, before the LORD destroyed Sodom and Gomorrah, even as the garden of the LORD, like the land of Egypt, as you come unto Zoar.
11 Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
Then Lot chose him all the plain of Jordan; and Lot journeyed east: and they separated themselves the one from the other.
12 Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
Abram dwelled in the land of Canaan, and Lot dwelled in the cities of the plain, and pitched his tent toward Sodom.
13 Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
But the men of Sodom were wicked and sinners before the LORD exceedingly.
14 SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès.
And the LORD said unto Abram, after that Lot was separated from him, Lift up now your eyes, and look from the place where you are northward, and southward, and eastward, and westward:
15 Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.
For all the land which you see, to you will I give it, and to your seed for ever.
16 “Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.
And I will make your seed as the dust of the earth: so that if a man can number the dust of the earth, then shall your seed also be numbered.
17 Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
Arise, walk through the land in the length of it and in the breadth of it; for I will give it unto you.
18 Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.
Then Abram removed his tent, and came and dwelt in the plain of Mamre, which is in Hebron, and built there an altar unto the LORD.

< Jenèz 13 >