< Jenèz 11 >

1 Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo.
А по цялата земя се употребяваше един език и един говор.
2 Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear, e yo te vin rete la.
И като потеглюваха човеците към изток, намериха поле в Сенаарската земя, гдето се и заселиха.
3 Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye.
И рекоха си един на друг: Елате, да направим тухли и да ги изпечем в огъня. Тухли употребяваха вместо камъни, а смола употребяваха вместо кал.
4 Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”
И рекоха: Елате, да си съградим град, даже кула, чийто връх да стига до небето; и да си спечелим име, да не би да се разпръснем по лицето на цялата земя.
5 SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a.
А Господ слезе да види града и кулата, които градяха човеците.
6 Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche.
И рече Господ: Ето, едни люде са, и всички говорят един език; и това е което са почнали да правят; и не ще може вече да им се забрани, какво да било нещо, що биха намислили да направят.
7 Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
Елате да слезем, и там да разбъркаме езика им, тъй щото един други да не разбират езика си.
8 Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la.
Така Господ ги разпръсна от там по лицето на цялата земя; а те престанаха да градят града.
9 Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
За това той се наименува Вавилон, защото там Господ разбърка езика на цялата земя; и от там Господ ги разпръсна по лицето на цялата земя.
10 Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la.
Ето Симовото потомство: Сим беше на сто години, а роди Арфаксада две години след потопа;
11 Epi Sem te viv senk-santane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi.
а откак роди Арфаксада, Сим живя петстотин години, и роди синове и дъщери.
12 Arpacschad te viv trant-senk ane, lè l te vin papa a Schélach.
Арфаксад живя тридесет и пет години и роди Сала;
13 Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
а откак роди Сала, Арфаксад живя четиристотин и три години, и роди синове и дъщери.
14 Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber;
Сала живя тридесет години и роди Евера;
15 epi Schélach te viv kat-san-twazane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi.
а откак роди Евера, Сала живя четиристотин и три години, и роди синове и дъщери.
16 Héber te viv pandan trant-kat ane, lè l te devni papa a Péleg;
Евер живя тридесет и четири години и роди Фалека;
17 epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
а откак роди Фалека, Евер живя четиристотин и тридесет години и роди синове и дъщери.
18 Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu.
Фалек живя тридесет години и роди Рагава;
19 Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
а откак роди Рагава, Фалек живя двеста и девет години и роди синове и дъщери.
20 Rehu te viv pandan trant-de ane, lè l te vin papa a Serug.
Рагав живя тридесет и две години и роди Серуха;
21 Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
а откак роди Серуха, Рагав живя двеста и седем години и роди синове и дъщери.
22 Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor.
Серух живя тридесет години и роди Нахора;
23 Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi.
а откак роди Нахора, Серух живя двеста години и роди синове и дъщери.
24 Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach;
Нахор живя двадесет и девет години и роди Тара;
25 epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
а откак роди Тара, Нахор живя сто и деветнадесет години и роди синове и дъщери.
26 Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran.
Тара живя седемдесет години и роди Аврама, Нахора и Арана.
27 Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.
Ето потомството и на Тара: Тара роди Аврама, Нахора и Арана; а Аран роди Лота.
28 Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan Ur pou Kaldeyen yo.
И Аран умря преди баща си Тара в Ур Халдейски, в родната си земя.
29 Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca.
И Аврам и Нахор си взеха жени; името на Аврамовата жена бе Сарайя, а името на Нахоровата жена Мелха, Дъщеря на Арана, който освен че беше баща на Мелха, беше баща и на Есха.
30 Saraï te esteril. Li pa t fè pitit.
А Сарайя беше бездетна, нямаше чада.
31 Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
И Тара взе сина си Аврама и внука си Лота, Арановия син, и снаха си Сарайя, жената на сина си Аврама та излязоха от Ур Халдейски, за да отидат в Ханаанската земя; и дойдоха в Харан, гдето се и заселиха.
32 Jou a Térach yo te de-san-senk ane. Térach te vin mouri Haran.
И дните на Тара станаха двеста и пет години; и Тара умря в Харан.

< Jenèz 11 >