< Galasi 6 >

1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.
Браћо! Ако и упадне човек у какав грех, ви духовни исправљајте таквога духом кротости, чувајући себе да и ти не будеш искушан.
2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
Носите бремена један другог, и тако ћете испунити закон Христов.
3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.
Јер ако ко мисли да је шта, а није ништа, умом вара себе.
4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè.
А сваки да испита своје дело, и тада ће сам у себи имати славу, а не у другом.
5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.
Јер ће сваки своје бреме носити.
6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
А који се учи речи нека даје део од сваког добра ономе који га учи.
7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.
Не варајте се: Бог се не да ружити; јер шта човек посеје оно ће и пожњети.
8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. (aiōnios g166)
Јер који сеје у тело своје, од тела ће пожњети погибао; а који сеје у дух, од духа ће пожњети живот вечни. (aiōnios g166)
9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
А добро чинити да нам се не досади; јер ћемо у своје време пожњети ако се не уморимо.
10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
Зато дакле док имамо времена да чинимо добро свакоме, а особити онима који су с нама у вери.
11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou avèk pwòp men mwen.
Видите колико вам написах руком својом!
12 Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris.
Који хоће да се хвале по телу они вас нагоне да се обрезујете, само да не буду гоњени за крст Христов.
13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou.
Јер ни они сами који се обрезују не држе закон, него хоће да се ви обрезујете да се вашим телом хвале.
14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan.
А ја Боже сачувај да се чим другим хвалим осми крстом Господа нашег Исуса Христа, ког ради разапе се мени свет, и ја свету.
15 Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf.
Јер у Христу Исусу нити шта помаже обрезање ни необрезање, него нова твар.
16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Israël Bondye a.
И колико их год по овом правилу живе, на њима биће мир и милост, и на Израиљу Божијем.
17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.
Више да ми нико не досађује, јер ја ране Господа Исуса на телу свом носим.
18 Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.
Благодат Господа нашег Исуса Христа са духом вашим, браћо. Амин.

< Galasi 6 >