< Galasi 2 >
1 Answit, apre yon espas katòz ane mwen te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi.
Then after a period of fourteen years I went up again to Jerusalem with Barnabas, taking Titus also with me.
2 Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven.
I went up by revelation, and I explained to them the Good News which I preach among those who are not Jewish, but privately before those who were respected, for fear that I might be running, or had run, in vain.
3 Men pa menm Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi.
But not even Titus, who was with me, being a Greek, was compelled to be circumcised.
4 Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.
This was because of the false brothers secretly brought in, who stole in to spy out our liberty which we have in Christ Jesus, that they might bring us into bondage;
5 Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout.
to whom we gave no place in the way of subjection, not for an hour, that the truth of the Good News might continue with you.
6 Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen.
But from those who were reputed to be important (whatever they were, it makes no difference to me; God shows no favoritism between people)—they, I say, who were respected imparted nothing to me,
7 Men okontrè, yo te wè ke levanjil la te konfye a mwen menm pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo.
but to the contrary, when they saw that I had been entrusted with the Good News for the uncircumcision, even as Peter with the Good News for the circumcision
8 Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo.
(for he who appointed Peter to be an apostle of the circumcision appointed me also to the non-Jews);
9 Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo.
and when they perceived the grace that was given to me, James and Cephas and John, they who were reputed to be pillars, gave to me and Barnabas the right hand of fellowship, that we should go to the non-Jews, and they to the circumcised.
10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.
They only asked us to remember the poor—which very thing I was also zealous to do.
11 Men lè Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane.
But when Cephas came to Antioch, I resisted him to his face, because he stood condemned.
12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz lakrent pati sikonsizyon an.
For before some people came from James, he ate with those who were not Jewish. But when they came, he drew back and separated himself, fearing those who were of the circumcision.
13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a.
And the rest of the Jewish believers joined him in his hypocrisy; so that even Barnabas was carried away with their hypocrisy.
14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?
But when I saw that they did not walk uprightly according to the truth of the Good News, I said to Cephas before them all, "If you, being a Jew, live as the non-Jews do, and not as the Jews do, how can you compel the non-Jews to live as the Jews do?
15 Nou menm ki se Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo,
"We, being Jews by birth, and not non-Jewish sinners,
16 sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye.
yet knowing that no one is justified by the works of the law but through faith in Jesus Christ, even we believed in Christ Jesus, that we might be justified by faith in Christ, and not by the works of the law, because no flesh will be justified by the works of the law.
17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt!
But if, while we sought to be justified in Christ, we ourselves also were found sinners, is Christ a servant of sin? Certainly not.
18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè.
For if I build up again those things which I destroyed, I prove myself a law-breaker.
19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye.
For I, through the law, died to the law, that I might live to God.
20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
I have been crucified with Christ, and it is no longer I that live, but Christ living in me. That life which I now live in the flesh, I live by faith in the Son of God, who loved me, and gave himself up for me.
21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”
I do not make void the grace of God. For if righteousness is through the law, then Christ died for nothing."