< Galasi 1 >
1 Mwen, Paul, yon apot ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò—
Bulus, Una kadure daki wa nu ba anyimo anu ba, senke anyimo Yeso vana Asere nan Asere acoo sa ma hirza nan me mu cau.
2 ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout legliz nan Galatie yo:
Vat anu henu me nan me, a ti denge ta Asere agalatiya.
3 Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri,
Urunta nan ti cukum ti humā u watu ugomo Asere acoo aru nan Yeso vana Asere.
4 ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an. (aiōn )
Sama nya nice ni meme barki madini maru barki ma buri duru anyimo uganiya uburu ugeme guu a beki wa Asere nan acoo. (aiōn )
5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen. (aiōn )
Ahira amame ni nonzo na vat, ni cukuno anime. (aiōn )
6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil;
Makunna imum ibiya saya kumi ceki me debe sa ma titi shi anyimo una Asere. Ma kunna biyau saya gamirka atize tiso sas.
7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la.
Adake agu dire tize tiso tini tige ba, senke aye sa wa nyara duru abanga, u niyara u gamirka tize ta Asere.
8 Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen.
Ko haru nani u katuma ka sere anyimo asesere madi buki si tire tizo satizi sas nan tiru me, na ma curno me.
9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.
Gu ubuka uru me anna me makuri ma guna, ''inka uye ma buka si tire tize tiso sa tizi sas nan tige sa ya kabi, na ma curno me,''
10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.
Barki mi in zinnu nyara anabu nani Asere? in zinni nyara anu wa kunna urunta? inka in daza unnu nya anu cas, mi urere wa Asere mani ba.
11 Paske mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm.
Barki in nyara irusi nihenu, tize tiso sa ma nya dāti nubu tini ba.
12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon revelasyon a Jésus Kri.
Daki ma kem in ahira annu ba, nani ma bezizi si barki anime, apaki mani a tari ti Yeso tini.
13 Paske, nou konn tande listwa a fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li.
Ya kunna tanta dumo anyimo uyahudanci, gu uhuza anu tarsa tize ta Asere sa dake a bative ba, ma zin nu sō in cari ini vat.
14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou tradisyon zansèt mwen yo.
Ma kem ure age ahira ayahudawa, anu gwardang anyimo u cara um, anu sa wazo me anyimo ba. Iney ya wuna izin ni eru ni gwarndag, mazi uwatu u tanda wa coo am.
15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan
Senke Asere sama in kim awatu u indei anyimo apuru urizo umeme.
16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san.
Ma kunna urunta ma paaki vana umeme anyimo am, barki anime indi bezi si Asere anyimo anu ta'ame Asere, daa ma dusa ini wuza imum anipum nan maye ba.
17 Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.
Daa ma nyene urshalima ahira anu sa wa agizan ba, barki anime mahaa u arabiya in benne ma kuriudamaskus.
18 Answit twaz an pita, mwen te monte Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou.
Sa tiwe ti taru ta aki ma dusa urshalima barki inka iso kepas makuri in cukuno nan me, tiye tinu akurin annu ciibi.
19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Jacques, frè a Senyè a.
Ira barki Asere inda wuza we moco ba, eh mi ge sa man nyetike um ba.
20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans devan Bondye ke mwen p ap bay manti.)
Ma nyetitke shi, ma buka shi a muhenu ma Asere, daki ma buki mocho.
21 Konsa mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie.
Sa maha a manyanga mu siriya nan silisiya.
22 Mwen te toujou enkoni devan zye a legliz Judée ki te an Kris yo,
Daki a rusim anyimo a tidenge ta Asere u yahudiya anyimo u vana Asere.
23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te eseye detwi a.”
Wa kunna ini cas, ''unu sa ma yomo duru mazin, ana mazin nu bezi tize ta Asere, sama nyara u cara me.
24 Konsa, yo t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.
Wa nonzo Asere barki mi.