< Esdras 1 >

1 Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:
波斯王塞魯士元年,耶和華為要應驗藉耶利米口所說的話,就激動波斯王塞魯士的心,使他下詔通告全國說:
2 “Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda.
「波斯王塞魯士如此說:『耶和華天上的上帝已將天下萬國賜給我,又囑咐我在猶大的耶路撒冷為他建造殿宇。
3 Nenpòt moun ki pami nou nan tout pèp li a, ke Bondye pa li a kapab avèk li! Lese l monte Jérusalem ki nan Juda pou rebati lakay SENYÈ a, Bondye Israël la (Se Li ki Bondye), ki nan Jérusalem nan.
在你們中間凡作他子民的,可以上猶大的耶路撒冷,在耶路撒冷重建耶和華-以色列上帝的殿(只有他是上帝)。願上帝與這人同在。
4 Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk lò, avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan.’”
凡剩下的人,無論寄居何處,那地的人要用金銀、財物、牲畜幫助他,另外也要為耶路撒冷上帝的殿甘心獻上禮物。』」
5 Epi chèf lakay papa zansèt pa yo nan Juda avèk Benjamin, e prèt avèk Levit yo te leve, menm tout sila ki te gen lespri vire pa Bondye yo, pou monte rebati lakay SENYÈ a ki Jérusalem nan.
於是,猶大和便雅憫的族長、祭司、利未人,就是一切被上帝激動他心的人,都起來要上耶路撒冷去建造耶和華的殿。
6 Tout sila ki te antoure yo te ankouraje yo avèk bagay an ajan, lò, byen pa yo, bèt yo, bagay yo koute chè pa yo, apati de tout sa ki te bay kon ofrann bòn volonte.
他們四圍的人就拿銀器、金子、財物、牲畜、珍寶幫助他們,另外還有甘心獻的禮物。
7 Anplis, Wa Cyrus te mennen fè sòti tout bagay ki te pou lakay SENYÈ a ke Nebucadnetsar te mennen fè sòti Jérusalem pou mete lakay dye a li menm yo;
塞魯士王也將耶和華殿的器皿拿出來,這器皿是尼布甲尼撒從耶路撒冷掠來、放在自己神之廟中的。
8 menm sa yo Cyrus, wa Perse la, te fè sòti pa men Mithredath, trezorye a e li menm, te konte yo pou Sheshbatsar, prens a Juda a.
波斯王塞魯士派庫官米提利達將這器皿拿出來,按數交給猶大的首領設巴薩。
9 Men kontwòl yo: trant asyèt an lò, mil asyèt an ajan, vent-nèf kouto;
器皿的數目記在下面:金盤三十個,銀盤一千個,刀二十九把,
10 trant bòl an lò, kat-san-dis bòl an ajan nan yon lòt kalite ak mil nan lòt atik.
金碗三十個,銀碗之次的四百一十個,別樣的器皿一千件。
11 Tout bagay an lò avèk ajan yo te vin kontwole nan senk-mil-kat-san. Sheshbatsar te mennen yo tout monte avèk moun egzil ki te sòti Babylone yo pou rive Jérusalem.
金銀器皿共有五千四百件。被擄的人從巴比倫上耶路撒冷的時候,設巴薩將這一切都帶上來。

< Esdras 1 >