< Esdras 6 >

1 Wa Darius te pibliye yon dekrè e yon rechèch te fèt nan achiv yo kote trezò yo te depoze Babylone nan.
Kral Darius'un buyruğu uyarınca, Babil'de kayıtların saklandığı odada araştırma yapıldı.
2 Nan Achemetha, nan fò a, ki nan pwovens a Médie a, yo te twouve yon woulo, e ladann te ekri konsa kon yon rekòd anrejistre:
Medya İli'ndeki Ahmeta Kalesi'nde bir tomar bulundu. Tomarın içinde şunlar yazılıydı:
3 Nan premye ane a Wa Cyrus la, Cyrus, wa a, te pibliye yon dekrè: Sou kay Bondye nan Jérusalem nan, kite tanp kote sakrifis konn vin ofri yo vin rebati, e kite fondasyon li yo konsève, wotè ki swasant koude a e lajè ki swasant koude a
“Kral Koreş, krallığının birinci yılında, Tanrı'nın Yeruşalim'deki Tapınağı'na ilişkin şöyle buyruk verdi: ‘Kurban kesmek üzere bu tapınağın yeniden kurulması için temel atılsın. Üç sıra büyük taş, bir sıra kiriş döşensin. Yüksekliği ve genişliği altmışar arşın olsun. Giderler saraydan karşılansın.
4 avèk twa ranje gwo wòch taye ak yon ranje an bwa. Epi kite frè a peye soti nan trezò wa a.
5 Anplis, kite zouti an lò avèk ajan ki pou lakay Bondye yo, ke Nebucadnetsar te pran soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote Babylone nan, remèt e fè retounen nan plas yo nan tanp Jérusalem nan. Konsa, nou va depoze yo nan kay Bondye a.
Nebukadnessar'ın Yeruşalim'deki Tanrı'nın Tapınağı'ndan çıkarıp Babil'e getirdiği altın ve gümüş kaplar da geri verilsin. Yeruşalim'deki tapınakta özel yerlerine götürülsün. Hepsi Tanrı'nın Tapınağı'na konsun.’”
6 Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la.
“Onun için siz, Fırat'ın batı yakasındaki bölge valisi Tattenay, Şetar-Bozenay, çalışma arkadaşları ve oranın görevlileri, tapınaktan uzak durun!
7 Kite travay sila sou kay Bondye a kontinye; kite gouvènè a Jwif yo avèk ansyen a Jwif yo rebati lakay Bondye a sou sit anplasman li an.
Tanrı'nın Tapınağı'nın yapım işlerine karışmayın. Bırakın, Yahudiler'in valisiyle ileri gelenleri Tanrı'nın Tapınağı'nı eski yerinde yeniden kursunlar.
8 Anplis, Mwen menm, Darius, ap bay yon dekrè sou sa nou gen pou fè pou ansyen sila yo nan Juda pou rekonstriksyon lakay Bondye sila a: Tout frè li se pou peye a pèp sila yo soti nan kès trezò ki sòti nan taks ki sòti nan pwovens lòtbò rivyè yo. Epi sa dwe fèt san fè reta.
Ayrıca Tanrı'nın Tapınağı'nın yeniden kurulması için Yahudi ileri gelenlerine neler yapmanız gerektiğini de size buyuruyorum: Bu adamların bütün giderleri kralın hazinesinden, Fırat'ın batı yakasındaki bölgeden toplanan vergilerden ödensin. Öyle ki, yapım işleri aksamasın.
9 Nenpòt sa ki nesesè, ni jenn towo, belye, ni jenn mouton pou ofrann brile a Bondye syèl la, e ble, sèl, diven ak lwil onksyon, jan prèt Jérusalem yo mande a, fòk sa bay a yo chak jou san manke,
Yeruşalim'deki kâhinlerin bütün gereksinimlerini hiç aksatmadan her gün vereceksiniz: Göklerin Tanrısı'na sunulacak yakmalık sunular için genç boğalar, koçlar, kuzular ve buğday, tuz, şarap, zeytinyağı.
10 pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e priye pou lavi a wa a avèk fis li yo.
Öyle ki, Göklerin Tanrısı'nı hoşnut eden sunular sunsunlar, ben ve oğullarım sağ kalalım diye dua etsinler.
11 Epi mwen te pibliye yon lòd ke nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo, e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra.
Bundan başka buyuruyorum ki, bu kararı değiştirenin evinden bir kiriş çıkarılacak ve o kişi kirişin üzerine asılacak. Evi de bu suçtan ötürü çöplüğe çevrilecek.
12 Ke Bondye ki te fè non Li rete la, ta dechouke nenpòt wa oswa pèp ki ta leve men l chanje sa a pou li ta detwi kay Bondye sa a, Jérusalem. Mwen, Darius, te pase lòd sa a. Kite li akonpli avèk dilijans!
Yeruşalim'i adına konut seçen Tanrı, bu kararı değiştirmeye, oradaki Tanrı Tapınağı'nı yıkmaya kalkışan her kralı ve ulusu yok etsin. Ben Darius böyle buyurdum. Buyruğum özenle yerine getirilsin.”
13 Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kolèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.
Fırat'ın batı yakasındaki bölge valisi Tattenay, Şetar-Bozenay ve çalışma arkadaşları Kral Darius'un buyruğunu özenle yerine getirdiler.
14 Epi ansyen pami Jwif yo te reyisi nan konstriksyon an selon asistans pwofesi ki t ap fèt pa Aggée avèk Zacharie yo, fis a Iddo a. Konsa, yo te fin bati selon lòd Bondye Israël la, dekrè a Cyrus la, Darius ak Artaxerxès, wa a Perse la.
Peygamber Hagay ile İddo oğlu Zekeriya'nın yaptıkları peygamberlik sayesinde Yahudi ileri gelenleri yapım işlerini başarıyla ilerlettiler. İsrail Tanrısı'nın buyruğu ve Pers kralları Koreş'in, Darius'un, Artahşasta'nın buyrukları uyarınca tapınağın yapımını bitirdiler.
15 Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan mwa Adar a. Li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la.
Tapınak Kral Darius'un krallığının altıncı yılı, Adar ayının üçüncü günü tamamlandı.
16 Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa.
İsrail halkı –kâhinler, Levililer ve sürgünden dönenlerin tümü– Tanrı'nın Tapınağı'nın adanmasını sevinçle kutladılar.
17 Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo.
Tanrı'nın Tapınağı'nın adanması için yüz boğa, iki yüz koç, dört yüz kuzu kurban ettiler. Oymakların sayısına göre, bütün İsrailliler için günah sunusu olarak on iki teke sundular.
18 Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, jan sa ekri nan liv Moïse la.
Musa'nın Kitabı'ndaki kural uyarınca Tanrı'nın Yeruşalim'deki hizmeti için kâhinlerle Levililer'i bağlı oldukları bölüklere göre görevlere atadılar.
19 Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan katòzyèm jou nan premye mwa a.
Sürgünden dönenler birinci ayın on dördüncü günü Fısıh Bayramı'nı kutladılar.
20 Paske prèt yo avèk Levit yo te fin pirifye yo ansanm, yo tout nan yo te pwòp. Epi yo te touye jenn mouton Pak la pou tout moun egzil yo, ni pou frè pa yo, prèt yo ak pou yo menm.
Kâhinlerle Levililer hep birlikte kendilerini arındırdılar; dinsel açıdan hepsi arındı. Levililer sürgünden dönenlerin tümü, kardeşleri olan kâhinler ve kendileri için Fısıh kurbanını kestiler.
21 Fis a Israël ki te retounen an egzil yo, e tout sila ki te separe yo menm de lempite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la.
Sürgünden dönen İsrailliler'le İsrail'in Tanrısı RAB'be yönelmek amacıyla kendilerini çevredeki halkların kötü alışkanlıklarından ayırıp onlara katılanların hepsi kurban etinden yedi.
22 Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.
Mayasız Ekmek Bayramı'nı yedi gün sevinçle kutladılar. Çünkü RAB onları sevindirdi ve Asur Kralı'nın onlara iyi davranmasını, İsrail'in Tanrısı Tanrı'nın Tapınağı'nın yapım işlerinde onlara yardım etmesini sağladı.

< Esdras 6 >