< Esdras 2 >

1 Alò, sila yo se moun pwovens ki te vin sòti an kaptivite kon moun egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale Babylone e te gen tan retounen Jérusalem avèk Juda, yo chak nan pwòp vil pa yo.
Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
2 Sila yo te vini avèk Zorobabel, Josué, Néhémie, Seraja, Reélaja, Mardochée, Bilschan, Mispar, Bigtvaï, Rehum ak Baana. Fòs kantite mesye nan pèp Israël yo:
Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi:
3 Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.
Nan fanmi Pareòch yo, demilsanswasanndouz (2.172) moun.
4 Fis a Schephathia yo, twa-san-swasann-douz.
Nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun.
5 Fis Arach yo: sèt-san-swasann-kenz;
Nan fanmi Arak yo, sètsanswasannkenz (775) moun.
6 fis a Pachath-Moab nan fis a Josué avèk Joab yo: de-mil-ui-san-douz.
Nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demilwitsandouz (2.812) moun.
7 Fis Élam yo: mil-de-san-senkant-kat.
Nan fanmi Elam yo, mildesansenkannkat (1.254) moun.
8 Fis Zatthu yo: nèf-san-karant-senk.
Nan fanmi Zatou yo, nèfsankarannsenk (945) moun.
9 Fis Zaccaï yo: sèt-san-swasant;
Nan fanmi Zakayi yo, sètsanswasant (760) moun.
10 fis Bani yo: sis-san-karant-de,
Nan fanmi Bani yo, sisankarannde (642) moun.
11 Fis Bébaï yo: sis-san-venn-twa.
Nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwa (623) moun.
12 Fis Azgad yo: mil-de-san-venn-de.
Nan fanmi Azgad yo, mildesanvennde (1.222) moun.
13 Fis Adonikam yo: sis-san-swasann-sis.
Nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsis (666) moun.
14 Fis Bigvaï yo: de-mil-senkant-sis.
Nan fanmi Bigwayi yo, demilsenkannsis (2.056) moun.
15 Fis Adin yo: kat-san-senkant-kat.
Nan fanmi Aden yo, katsansenkannkat (454) moun.
16 Fis Ather nan fanmi Ézéchias yo: katreven-dizuit.
Nan fanmi Atè yo, (anvan sa Atè te rele Ezekyas) katrevendizwit moun.
17 Fis Betsaï yo: twa-san-venn-twa.
Nan fanmi Betzayi yo, twasanvenntwa (323) moun.
18 Fis Jora yo: san-douz.
Nan fanmi Jora yo, sandouz (112) moun.
19 Fis Haschum yo: de-san-venn-twa.
Nan fanmi Achoum yo, desanvenntwa (223) moun.
20 Fis Guibbar yo: katra-ven-kenz.
Nan fanmi Giba yo, katrevenkenz moun.
21 Mesye a Bethléem yo: san-venn-twa.
Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm, sanvenntwa (123) moun.
22 Mesye a Nethopha yo: senkant-sis.
Pou lavil Netofa, senkannsis moun.
23 Mesye Anathoth yo: san-venn-tuit.
Pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun.
24 Fis Azmaveth yo: karann-de.
Pou lavil Azmavèt, karannde moun.
25 Fis a Kirjath-Arim yo, Kephira, avèk Beéroth yo; sèt-san-karann-twa.
Pou lavil Kiriyat-Jearim ansanm ak pou lavil Kefera ak pou lavil Beewòt, sètsankaranntwa (743) moun.
26 Fis a Rama avèk Guéba yo: sis-san-venteyen.
Pou lavil Arama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun.
27 Mesye a Micmas yo: san-venn-de.
Pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun.
28 Mesye a Béthel avèk Aï yo: de-san-venn-twa.
Pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, desanvenntwa (223) moun.
29 Fis a Nebo yo: senkant-de.
Pou lavil Nebo, senkannde moun.
30 Fis a Magbisch yo: san-senkant-sis.
Pou lavil Magbich, sansenkannsis (156) moun.
31 Fis a lòt Élam nan: mil-de-san-senkant-kat.
Pou lòt lavil Elam lan, mildesansenkannkat (1.254) moun.
32 Fis a Harim yo: twa-san-ven.
Pou lavil Arim, twasanven (320) moun.
33 Fis a Lod, Hadid ak Ono yo: sèt-san-venn-senk.
Pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak lavil Ono, sètsanvennsenk (725) moun.
34 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk.
Pou lavil Jeriko, twasankarannsenk (345) moun.
35 Fis a Senaa yo: twa-mil-sis-san-trant.
Pou lavil Senaa, twamilsisantrant (3.630) moun.
36 Prèt yo; fis a Jedaeja lakay Josué yo: nèf-san-swasann-trèz.
Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki soti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun.
37 Fis a Immer yo: mil-senkant-de;
Nan pitit Imè yo, milsenkannde (1.052) moun.
38 fis a Paschhur yo: mil-de-san-karann-sèt.
Nan pitit Pachou yo, mildesankarannsèt (1.247) moun.
39 Fis a Harim yo: mil-disèt.
Nan pitit Arim yo, mildisèt (1.017) moun.
40 Levit yo: fis a Josué yo, fis a Kadmiel yo e fis a Hodavia yo: swasann-katòz.
Men lis moun Levi ki te tounen yo: Nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl, ki soti nan branch fanmi Odavya a, swasannkatòz moun.
41 Chantè yo: fis a Asaph yo: san-venn-tuit.
Te gen sanvenntwit (128) sanba ki konn chante ak fè mizik nan tanp lan ki te tounen. Yo soti nan branch fanmi Asaf.
42 Fis a gadyen yo: Fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thalmon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo e fis a Schobaï yo an total: san-trant-nèf.
Te gen santrantnèf (139) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan. Yo soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
43 Netinyen yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, avèk fis a Thabbaoth yo,
Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a epi ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
44 fis a Kéros yo, fis a Siaha yo, avèk fis a Padon yo,
moun fanmi Kewòs, moun fanmi Siyaa ak moun fanmi Padon,
45 fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Akkub yo,
moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Akoub,
46 fis a Hagab yo, fis a Schamlaï yo, fis a Hanan yo,
moun fanmi Agad, moun fanmi Chamlayi ak moun fanmi Anan,
47 fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo, fis a Reaja yo,
moun fanmi Gidèl, moun fanmi Gaka ak moun fanmi Reaja,
48 fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo, fis a Gazzam yo,
moun fanmi Rezen, moun fanmi Nekoda ak moun fanmi Gazam,
49 fis a Uzza yo, fis a Peséach yo, fis a Bésaï yo,
moun fanmi Ouza, moun fanmi Paseyak ak moun fanmi Besayi,
50 fis a Asna yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephusim yo,
moun fanmi Asna, moun fanmi Neounen ak moun fanmi Nefisim,
51 fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo,
moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
52 fis a Batsluth yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo,
moun fanmi Baslout, moun fanmi Mechisa ak moun fanmi Acha,
53 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo,
moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,
54 fis a Netsaich yo, fis a Hathipha yo.
moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
55 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Peruda yo,
Men lis moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Pewouda,
56 fis a Jaala yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo,
moun fanmi Yaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,
57 fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatesbaïm yo, fis a Ami yo.
moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt Azebayim ak moun fanmi Ami.
58 Tout sèvitè tanp lan avèk fis a sèvitè Salomon yo te twa-san-katreven-douz.
Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou sa te fè twasankatrevendouz (392).
59 Alò, sa yo se sila ki te monte sòti Thel-Mélach, Thel-Harscha, Kerub-Addan, avèk Imher ki pa t kapab bay prèv selon lakay zansèt pa yo, ke se moun Israël yo te ye:
Men, te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, lavil Imè ki te moun nan peyi Babilòn epi ki te moute ansanm ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou wè si yo te fè pati pèp Izrayèl la vre.
60 Fis a Delaja yo, fis a Tobija yo, fis a Nekoda yo, sis-san-senkant-de.
Se te pitit Delaya, pitit Tobija ak pitit Nekoda: antou sisansenkannde (652) moun.
61 Epi pami fis a prèt yo: fis a Habaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran pou madanm li youn nan fi a Barzillaï yo, Gadit la e te rele pa non pa yo.
Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Abaya, moun fanmi Akòz ak moun fanmi Bazilayi. Zansèt Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
62 Sila yo te fè rechèch pami anrejistreman zansèt pa yo, men yo pa t kab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e te anpeche fè sèvis kon prèt.
Sa ki pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo, yo pa t' asepte yo pou prèt.
63 Gouvènè a te pale yo pou pa manje bagay ki sen pase tout lòt bagay yo jiskaske yon prèt te kanpe avèk Ourim nan ak Toumim nan.
Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle.
64 Tout asanble a te kontwole a karann-de-mil-twa-san-swasant moun,
Antou nèt, te gen karanndemil tousanswasant (42.360) moun ki tounen nan peyi a.
65 anplis, sèvitè gason ak fanm pa yo ki te kontwole nan sèt-mil-twa-san-trann-sèt; epi yo te gen de-san chantè, ni gason ni fanm.
Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè misik ak chante.
66 Cheval yo te kontwole nan sèt-san-trann-sis e milèt yo nan de-san-karann-senk.
Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,
67 Chamo yo te kat-san-trann-senk, avèk bourik yo nan si-mil-sèt-san-ven.
katsantrannsenk chamo (435) ak simil sètsanven (6.720) bourik.
68 Kèk nan chèf lakay zansèt yo, lè yo te rive lakay SENYÈ a, ki Jérusalem nan, yo te fè ofrann bòn volonte a pou l ta rekonstwi fondasyon li yo.
Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a.
69 Selon kapasite pa yo, yo te bay nan kès la sòm a swasann-te-yen-mil drakma an lò, senk-mil min an ajan, avèk san vètman pou prèt yo.
Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (16.520) ons lò, sandisètmil (117.000) ons ajan ak san (100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo.
70 Alò prèt yo avèk Levit yo, kèk nan moun yo, chantè yo, gadyen pòtay yo avèk sèvitè tanp yo te rete nan vil pa yo e tout Israël nan vil pa yo.
Prèt yo, moun Levi yo ak kèk moun nan pèp la al rete lavil Jerizalèm ak nan vwazinaj lavil la. Mizisyen yo, gad yo ak travayè tanp yo al rete nan lavil ki pa twò lwen kapital la. Tout rès pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.

< Esdras 2 >