< Ezekyèl 1 >

1 Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.
Nan senkyèm jou, katriyèm mwa nan trantyèm lanne an, mwen menm Ezekyèl, mwen t'ap viv ansanm ak moun yo te depòte yo, bò larivyè Keba nan peyi Babilòn. Jou sa a, syèl la louvri devan je m', mwen wè Bondye nan yon vizyon.
2 (Sou senkyèm jou nan mwa a, nan senkyèm ane egzil a Wa Jojakin nan,
Wa Jojakin te gen senkan depi yo te depòte l'.
3 Pawòl SENYÈ a te rive eksprè a Ézéchiel, prèt la, fis a Buzi, nan peyi Kaldeyen yo akote rivyè Kebar a; epi la, men SENYÈ a te vini sou li.)
Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Seyè a pale avè l'. Li santi pouvwa Seyè a sou li.
4 Pandan mwen t ap gade, men gade byen, yon van tanpèt te vini soti nan nò, yon gwo nwaj ak loraj ki t ap tire san rete; yon limyè byen klere te antoure l e nan mitan l, yon bagay tankou metal ki klere nan mitan dife a.
Mwen leve je m' gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini soti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nwaj. Syèl la te klere tout arebò nwaj la. Nan mitan nwaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal.
5 Anndan li, te gen fòm ki te sanble kat kreyati vivan. Men ki jan yo te parèt: yo te gen yon fòm tankou moun.
Nan mitan van an, mwen wè kat bèt, ou ta di kat moun.
6 Yo chak te gen kat figi ak kat zèl.
Yo chak te gen kat figi ak kat zèl.
7 Janm yo te dwat, pye yo te tankou zago jenn bèf, e yo te klere tankou bwonz poli.
Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli.
8 Anba zèl yo, nan kat kote yo, te gen men a moun. Yo kat te gen figi ak zèl yo konsa:
Anba chak zèl te gen yon men moun. Konsa, yo chak te gen kat zèl, kat figi, kat men, yonn nan chak direksyon.
9 Zèl pa yo te jwente youn lòt. Yo pa t vire lè yo te deplase. Yo chak te ale tou dwat devan.
De nan zèl yo te louvri nèt. Bèt yo menm te fè yon kare, pwent zèl yo kontre yonn ak lòt. Lè y'ap mache, yo deplase ansanm nan menm direksyon, san vire kò yo.
10 Pou fòm a figi yo a, yo chak te gen figi tankou a yon moun. Toule kat te gen figi a yon lyon adwat, figi a yon towo agoch, e toule kat te gen figi a yon èg.
Chak bèt te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè.
11 Se konsa figi yo te ye. Zèl yo te ouvri anlè. Yo chak te gen de ki te touche a yon lòt kreyati e de ki te kouvri kò yo.
Chak bèt te louvri de nan zèl yo, yo leve yo jouk pwent zèl yo kontre ak pwent zèl bèt ki te bò kote yo a. Yo te kouvri kò yo ak de lòt zèl yo.
12 Epi yo chak te ale tou dwat devan. Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale, san menm vire pandan yo t ap prale a.
Chak bèt t'ap gade nan tout kat direksyon yo. Konsa, yo te kapab mache ansanm pou y' ale kote Lespri Bondye a pouse yo ale a, san yo pa t' bezwen vire kò yo.
13 Nan mitan kreyati vivan yo, te gen yon bagay ki te sanble ak chabon dife, tankou tòch ki t ap file fè ale retou pami kreyati vivan yo. Dife a te klere e loray te vòltije soti nan dife a.
Nan mitan bèt yo ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil, te gen zèklè ki t'ap soti ladan l'.
14 Epi kreyati vivan yo te kouri fè ale retou tankou kout loray.
Bèt yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè.
15 Alò, pandan mwen t ap gade kreyati vivan yo, gade byen, te gen yon wou sou tè a akote kreyati vivan yo, pou chak nan kat fas de yo.
Mwen t'ap gade bèt yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak.
16 Wou yo te sanble, jan yo te fèt la, tankou yon wòch krizolit briyan. E toule kat te gen menm fòm. Nan aparans la, jan yo fè l la, yo te fèt konsi yon wou te anndan yon lòt wou.
Tout wou yo te parèy, yo te klere tankou wòch krizolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè pase an travè ladan yo,
17 Nenpòt lè yo deplase, yo te deplase nan nenpòt nan kat direksyon yo, san menm vire pandan yo t ap deplase a.
paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pa t' bezwen vire.
18 Wotè a wou yo te tèlman wo. Yo te etonan. Arebò toule kat te plen ak zye toutotou l nèt.
Jant wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo.
19 Nenpòt lè kreyati vivan yo te deplase, wou yo te deplase avèk yo. Epi nenpòt lè kreyati vivan yo te leve kite tè a, wou yo te leve tou.
Chak fwa bèt yo deplase, wou yo deplase tou ansanm ak yo. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou.
20 Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale nan direksyon sa a. Epi wou yo te leve toupre bò kote yo; paske lespri a kreyati vivan yo te nan wou yo.
Bèt yo ale kote pou yo ale a. Wou yo fè tou sa bèt yo fè, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo.
21 Nenpòt kote sa yo te ale, sila yo te ale tou. Lè sa yo te kanpe an plas, sila yo te kanpe an plas tou. Epi nenpòt lè sa yo te monte kite tè a, wou yo te leve toupre bò kote yo; paske lespri a kreyati vivan yo te nan wou yo.
Bèt yo vanse, wou yo vanse tou. Bèt yo rete, wou yo rete tou. Bèt yo leve anlè, wou yo leve anlè tou, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo.
22 Alò, anwo tèt a kreyati vivan yo, te gen yon bagay tankou yon gwo espas, tankou yon briyans mèvèy kon kristal, ki te ouvri byen laj sou tèt yo.
Anwo tèt bèt yo, te gen yon bagay won an fòm yon gwo bòl bouch anba, ki te klere tankou kristal.
23 Anba gwo espas la, zèl yo te lonje dwat, youn anvè lòt. Yo chak te gen de zèl ki te kouvri kò l tou, youn yon kote e youn yon lòt kote.
Se anba gwo bòl la bèt yo te kanpe ak de zèl louvri ak pwent yo kontre ak pwent zèl bèt ki bò kote yo a. De lòt zèl yo te fèmen kouvri kò yo.
24 Anplis, mwen te tande son a zèl yo tankou son anpil gwo dlo pandan yo t ap prale, tankou vwa a Toupwisan an, yon son a gwo boulvèsman, tankou son a yon lame ki nan kan li. Nenpòt lè yo sispann fè mouvman, yo lage desann zèl yo.
Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye.
25 Konsa, te sòti yon vwa depi anwo gran espas lan ki te sou tèt pa yo. Nenpòt lè yo te sispann fè mouvman, yo te lage desann zèl yo.
Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a.
26 Alò, anwo gwo espas ki te anwo tèt yo a, te gen yon bagay ki te sanble ak yon twòn, tankou yon pyè safì nan aparans. Epi sou sa ki te sanble a yon twòn nan, byen wo, te gen yon fòm ak aparans a yon nonm.
Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun.
27 Sa mwen te wè, te soti nan aparans a ren Li ak piwo, yon bagay tankou metal klere ki te sanble dife toutotou anndan l. Soti nan aparans a ren Li e piba, mwen te wè yon bagay tankou dife, epi te gen yon ekla limyè ki te antoure Li.
Depi nan ren l' moute, li te klere nan je m' tankou kwiv yo poli. Depi nan ren l' desann, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki te klere tout kote l' te ye a.
28 Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye. Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.
Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.

< Ezekyèl 1 >