< Ezekyèl 5 >

1 “Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon nepe byen file. Pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon balans pou peze e divize cheve a.
“As for you, son of man, take a sharp sword, use it as a barber’s razor, and shave your head and beard. Then take a set of scales and divide the hair.
2 Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo.
When the days of the siege have ended, you are to burn up a third of the hair inside the city; you are also to take a third and slash it with the sword all around the city; and you are to scatter a third to the wind. For I will unleash a sword behind them.
3 Pran osi, kèk grenn nan cheve a, pa anpil, e mare yo nan pwent wòb ou.
But you are to take a few strands of hair and secure them in the folds of your garment.
4 Ankò, pran kèk nan yo pou jete nan dife, e brile yo nan dife a. Soti nan li, yon dife va gaye rive nan tout lakay Israël la.
Again, take a few of these, throw them into the fire, and burn them. From there a fire will spread to the whole house of Israel.
5 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem. Mwen te mete li nan mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo.
This is what the Lord GOD says: ‘This is Jerusalem, which I have set in the center of the nations, with countries all around her.
6 Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’
But she has rebelled against My ordinances more wickedly than the nations, and against My statutes worse than the countries around her. For her people have rejected My ordinances and have not walked in My statutes.’
7 “Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou gen plis twoub pase nasyon ki te antoure ou yo, ou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd a nasyon ki te antoure ou yo’;
Therefore this is what the Lord GOD says: ‘You have been more insubordinate than the nations around you; you have not walked in My statutes or kept My ordinances, nor have you even conformed to the ordinances of the nations around you.’
8 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm kont ou, e Mwen va egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè.
Therefore this is what the Lord GOD says: ‘Behold, I Myself am against you, Jerusalem, and I will execute judgments among you in the sight of the nations.
9 Akoz tout abominasyon nou yo, Mwen va fè pami nou sa ke Mwen pa t fè, e tankou sa Mwen p ap janm fè ankò.
Because of all your abominations, I will do to you what I have never done before and will never do again.
10 Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van.
As a result, fathers among you will eat their sons, and sons will eat their fathers. I will execute judgments against you and scatter all your remnant to every wind.’
11 Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn.
Therefore as surely as I live, declares the Lord GOD, because you have defiled My sanctuary with all your detestable idols and abominations, I Myself will withdraw My favor; I will not look upon you with pity, nor will I spare you.
12 Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”
A third of your people will die by plague or be consumed by famine within you, a third will fall by the sword outside your walls, and a third I will scatter to every wind and unleash a sword behind them.
13 Konsa, kòlè M va achevi. Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo, e Mwen va satisfè. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te achevi kòlè Mwen sou yo a.
And when My anger is spent and I have vented My wrath against them, I will be appeased. And when I have spent My wrath on them, they will know that I, the LORD, in My zeal have spoken.
14 “‘Anplis, Mwen va fè ou vin yon kote dezole ak yon objè repwòch pami nasyon ki antoure ou yo, nan zye a tout sila ki pase la yo.
I will make you a ruin and a disgrace among the nations around you, in the sight of all who pass by.
15 Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kontra ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale—
So you will be a reproach and a taunt, a warning and a horror to the nations around you, when I execute judgments against you in anger, wrath, and raging fury. I, the LORD, have spoken.
16 lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an.
When I shower you with the deadly arrows of famine and destruction that I will send to destroy you, I will intensify the famine against you and cut off your supply of food.
17 Anplis, Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va fè ou soufre gwo pèt. Epidemi ak vèse san va rive sou ou. Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale sa a.’”
I will send famine and wild beasts against you, and they will leave you childless. Plague and bloodshed will sweep through you, and I will bring a sword against you. I, the LORD, have spoken.”

< Ezekyèl 5 >