< Ezekyèl 45 >
1 “‘“Anplis, lè ou divize pa tiraj osò, peyi eritaj la, ou va ofri yon pòsyon a SENYÈ a, yon pòsyon sen nan tè a. Longè li va venn-senk-mil koude, e lajè li va ven-mil koude. Li va sen anndan toutozanviwon lizyè li yo.
Wakati mtakapogawanya nchi kama urithi, mtafanya sadakwa kwa Yahwe; sadaka hiyo itakuwa sehemu takatifu ya nchi, dhiraa elfu ishirini na tano urefu, na dhiraa elfu kumi upana. Patakuwa patakatifu, ndani ya mipaka yake yote.
2 Sòti nan pòsyon sa a, va gen pou kote sen an, yon pòsyon senk-san koude pa senk-san koude, ak yon espas ouvri de senkant koude nan lajè ki antoure li.
Kutoka hapa kutakuwa na dhiraa mia tano kwa dhiraa mia tano za mraba kuzunguka mahali patakatifu, kwa kuuzunguka mpaka dhiraa hamsini upana.
3 Soti kote sa a, ou va mezire yon longè venn-senk-mil koude ak yon lajè di-mil koude. Nan li, va gen sanktiyè a, kote ki sen pase tout kote a.
Kutoka hili eneo utapima fungu ambalo ni dhiraa elfu ishirini na tano urefu na elfu kumi upana; patakuwa patakatifu; mahali patakatifu palipo tukuka.
4 Se va pòsyon ki sen nan peyi a. Li va pou prèt yo, sèvitè sanktiyè yo, ki te vin rapwoche pou fè sèvis SENYÈ a. Li va yon kote pou lakay yo e yon kote ki sen pou sanktiyè a.
Patakuwa patakatifu katika nchi kwa ajili ya makuhani wanaomtumikia Yahwe, ajaye kwa Yahwe kumtumikia. Patakuwa mahali kwa ajili ya nyumba na eneo takatifu kwa ajili mahali patakatifu.
5 Yon kote venn-senk-mil koude nan longè e di-mil koude nan lajè va pou Levit yo, sèvitè kay yo ak posesyon pa yo, vil pou yo rete ladann.
Hivyo itakuwa dhiraa elfu ishirini na tano urefu na elfu kumi upana, patakuwa kwa ajili ya miji ya Walawi wanaotumika kwenye nyumba.
6 “‘“Ou va bay vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè, ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”
Mtadhihirisha eneo moja kwa ajili ya mji, dhiraa elfu tano na urefu ishirini na tano, hapo patakuwa kando kando ya eneo lililohifadhiwa kwa ajili ya mahali patakatifu; huu mji utakuwa wa mali ya nyumba yote ya Israeli.
7 “‘“Prens lan va gen tè a sou toude kote pòsyon sen an, ki pou vil la, akote espas sen an ak tè vil la, sou kote lwès vè lwès la, e sou kote lès vè lès la, ki koresponn nan longè a youn nan pòsyon a pòsyon yo, k ap sòti nan lizyè lwès peyi a, pou rive nan lizyè lès la.
Nchi ya mwana mfalme itakuwa kwa pande zote za eneo lililohifadhiwa kwa ajili ya mahali patakatifu na mji. Patakuwa kwa upande wao wa magaharibi na upande wa mashariki. Urefu utalingana na urefu wa moja ya hayo mafungu, kutoka magaribi hata mashariki.
8 Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”
Hii nchi itakuwa mali ya mwana mfalme katika Isaraeli. Wana wafalme hawatawakandamiza watu wangu; badala yake, watawapatia nchi kwa nyumba ya Israeli, kwa ajili ya makabila yao.
9 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
Bwana Yahwe asema hivi: Inatosha kwa ajili yenu, mwana mfalme wa Israeli! Ondoa dhuluma na mgogoro; fanya hukumu na haki! Usiwafukuze wapangaji wa watu wangu! -hivi ndivyo Bwana Yahwe asemavyo.
10 “Ou va gen balans ki peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis.
Mtakuwa na mzani sahihi, efa sahihi, na bathi sahihi!
11 Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat, gen yon dizyèm omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle.
Efa na bathi zitakuwa kiasi kile kile, ili kwamba bathi iwe zaka ya homeri; efa itakuwa zaka ya hamori moja. Vipimo vyao vitakuwa vinafanana na homeri.
12 Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”
Shekeli zitakuwa gera ishirini, shekeli sita zitakuwa mane yenu.
13 “‘“Men ofrann ke ou va ofri a: yon sizyèm efa soti nan yon omè ble; yon sizyèm efa soti nan yon omè lòj;
Hili ndilo toleo mtakalotoa: efa sita kwa kila homeri ya ngano, na mtatoa efa sita kwa kila homeri ya shayiri.
14 Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò, (kò a tankou omè a, gen 10 bat).
Sadaka ya kawaida ya mafuta itakuwa zaka ya bathi kwa kila kori (ambazo ni bathi), au kwa kila hamori, kwa kuwa hamori moja ni bathi kumi pia.
15 Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon ofrann sereyal, yon ofrann brile, ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a.
Kondoo mmoja au mbuzi kutoka mifugo kwa kila wanyama mia mbili kutoka malisho ya maji ya mikoa ya Israeli yatatumika kwa sadaka ya kuteketezwa yoyote au sadaka ya amani kufanya upatanisho kwa ajili ya watu-hivi ndivyo Bwana Yahwe asemavyo.
16 “Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la.
Watu wote wa nchi watatoa hii sadaka kwa mwana mfalme wa Israeli.
17 Se va devwa prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”
Utakuwa wajibu wa mwana mfalme kutoa wanyama kwa ajili ya sadaka za kuteketezwa, sadaka ya unga, sadaka ya kinywaji, katika siku za sikukuu na sherehe za mwezi mpya, na katika siku za Sabato-sikukuu zote za kudumu za nyumba ya Israeli. Ataandaa kwa ajili ya sadaka za dhambi, sadaka za unga, sadaka za kuteketezwa, na sadaka za amani kwa ajili ya upatanisho badala ya nyumba ya Israeli.
18 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo san defo pou netwaye sanktiyè a.
Bwana Yahwe asema hivi: Katika mwezi wa kwanza, siku ya kwanza ya mwezi, utachukua ng'ombe mmoja asiyekuwa na dosari kutoka kwenye kundi na kufanya sadaka ya dhambi kwa ajili ya patakatifu.
19 Prèt la va pran kèk nan san soti nan ofrann peche a pou mete li sou poto pòt yo, nan kat kwen ankadreman lotèl la ak sou poto pòtay la nan lakou enteryè a tanp lan.
Kuhani atachukua baadhi ya damu ya sadaka ya dhambi na kuiweka juu ya miimo ya mlango na kwenye pembe nne za mpaka wa madhabahu, na miimo ya lango la uzio wa ndani.
20 Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.
Utafanya hivyo siku ya saba ya mwezi kwa dhambi ya kila mtu kwa ajali au ujinga; katika njia hii mtaipatanisha hekalu.
21 “‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje.
Katika siku ya mwezi siku ya kumi na nne ya mwezi, mtakuwa na sikukuu, sikukuu ya siku saba. Matakula makate usiotiwa chachu.
22 Nan jou sa a, prens lan va founi pou tèt li ak tout pèp peyi a, yon towo pou yon ofrann peche.
Siku hiyo, mwana mfalme ataandaa ng'ombe kwa ajili yake na kwa ajili ya watu wote wa nchi kama sadaka ya dhambi.
23 Pandan sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche.
Kwa siku saba za sikukuu, mwana wa mfalme ataandaa sadaka ya kuteketezwa kwa ajili ya Yahwe: ng'ombe saba na kondoo dume saba zisizokuwa na dosari kila siku kwa mda wa siku saba, na mbuzi dume kila siku kama sadaka ya dhambi.
24 Li va founi kon yon ofrann sereyal, yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, e yon mezi lwil ak yon efa.”
Kisha mwana mfalme atatengeneza sadaka ya chakula ya efa moja kwa kila ng'ombe na efa moja kwa kila kondoo dume pamoja na hini ya mafuta kwa kila efa.
25 “‘“Nan setyèm mwa a, nan kenzyèm jou a, nan fèt la, li va founi konsa, sèt jou pou ofrann peche a, ofrann brile a, ofrann sereyal la ak lwil la.”
Katika siku ya saba ya mwezi siku ya kumi na tano ya mwezi, katika sikukuu, mwana wa mfalme atafanya matoleo katika siku hizi saba: sadaka za dhambi, sadaka za kuteketezwa, sadaka za chakula, na sadaka za mafuta.