< Ezekyèl 41 >

1 Epi li te fè m rive kote chanm gran asanble tanp lan, e li te mezire pilye akote yo: sis koude nan lajè nan chak kote, se te lajè a pilye akote a.
Hij leidde mij binnen in het Heilige, en mat de deurposten op; ze waren aan weerskanten zes el diep.
2 Lajè a antre a, te dis koude e akote chak antre yo, te dis koude nan chak kote, epi akote antre a te senk koude de chak kote. Li te mezire longè a chanm gran asanble tanp lan, ki te karant koude, e lajè a, ven koude.
De breedte van de deur bedroeg tien el, juist zoals die van de tent; de zijvlakken waren aan weerskanten vijf el. Hij mat de diepte op van het Heilige: die bedroeg veertig el, en de breedte: twintig el.
3 Konsa, li te antre anndan an e li te mezire chak pilye akote pòtay la, de koude, e pòtay la, sis koude nan wotè, epi lajè pòtay la, sèt koude.
Daarna betrad hij het Inwendige, en mat de deurpost op, die twee el diep was. De deur was zes el breed, en de zijvlakken waren aan weerskanten zeven el.
4 Li te mezire longè li, ven koude ak lajè li, ven koude, devan chanm gran asanble a, e li te di mwen: “Sa a se lye ki pi sen an”.
Hij nam de diepte op, die twintig el bedroeg; ook de breedte bedroeg twintig el. Het lag tegen het Heilige aan; en hij verklaarde mij: dit is het Allerheiligste.
5 Li te mezire miray a tanp lan, sis koude; epi lajè a chanm akote yo, kat koude, toutotou kay la nan chak kote.
Toen nam hij de dikte op van de wand van de tempel: die bedroeg zes el. Aan drie kanten van de tempel was er een uitbouw van vier el breedte.
6 Chanm akote yo te nan twa etaj, youn anwo lòt, e trant nan chak etaj. Chanm akote yo te lonje rive nan miray ki te toupatou sou kote enteryè yo, pou yo ta ka twouve soutyèn, men pa tache nan miray a tanp lan li menm.
Hier lagen de cellen in drie rijen van dertig cellen boven elkaar; voor de cellen waren aan alle kanten inkortingen gemaakt in de wand van de tempel, waarop de binten konden rusten; zo behoefde men voor de steunpunten geen gaten te breken in de wand van de tempel.
7 Chanm akote ki te antoure tanp yo te vin pi laj nan chak nivo etaj yo. Akoz konstriksyon ki te antoure tanp lan te monte pa etaj sou tout kote a tanp lan. Konsa, lajè a tanp lan te vin pi gwo pandan li t ap monte piwo. Konsa, yon moun ta monte soti nan pi ba etaj la pou rive nan piwo a pa yon pasaj nan dezyèm etaj la.
Naar gelang men een verdieping hoger steeg, werden de cellen breder en ruimer; want naar boven toe was de wand van de tempel aan alle zijden van de tempel geleidelijk ingekort; daarom werd de uitbouw naar boven toe breder. Van de begane grond af kon men langs de middelste verdieping de bovenverdieping bereiken.
8 Mwen te wè anplis ke kay la te gen yon plafon elve toutotou li. Fondasyon a chanm akote yo te yon bwa kann nèt de sis gran koude.
Aan alle kanten van de tempel zag ik als fundament van de cellen een verhoging van een volle roede, dus zes el ongeveer.
9 Gwosè a miray eksteryè pou chanm akote yo te senk koude. Men espas lib antre chanm akote yo te apatyen a tanp lan.
De dikte van de buitenwand der cellen was vijf el. Er was een plein tussen de cellen van de tempel en het zalengebouw;
10 Antre chanm yo te yon espas de ven koude toutotou tanp lan nan tout akote yo.
het had een breedte van twintig el aan drie zijden van de tempel.
11 Pòtay a chanm akote yo vè espas lib la te yon sèl pòtay vè nò a ak yon lòt pòtay vè sid. Lajè a espas lib la te senk koude toutotou li.
In de uitbouw was een deur naar het plein: één deur aan de noordkant en één deur aan de zuidkant. De verhoging, die op het plein uitkwam, was aan alle kanten vijf el breed.
12 Konstriksyon ki te devan kote ki apa nan bò vè lwès la, te swasann-dis koude lajè; epi miray a konstriksyon an te senk koude nan gwosè nan toutotou li e longè li te katre-ven-dis koude.
Het bijgebouw, dat aan de overzijde van het plein aan de westkant lag, was zeventig el diep; de muur van het bijgebouw was aan alle kanten vijf el dik, de lengte bedroeg negentig el.
13 Konsa, li te mezire tanp lan, yon santèn koude nan longè a; epi kote apa a, konstriksyon an, ak miray li yo, te osi san koude nan longè.
Hij mat de tempel op: de diepte bedroeg honderd el; ook de diepte van het plein met het bijgebouw en zijn muren bedroeg honderd el;
14 Anplis, lajè pa devan a tanp lan e lajè a kote apa yo avèk kote lès la, te vin fè total, san koude.
de voorzijde van de tempel met het plein naar het oosten was honderd el breed.
15 Li te mezire longè a konstriksyon an avèk devan kote apa a dèyè li a, ak yon galri nan chak bò, san koude. Li te osi mezire enteryè a chanm gran asanble a, ak galri lakou yo,
Ook mat hij de breedte op van het gebouw, dat achter de tempel, maar met zijn gevel aan het plein lag; met zijn muren aan weerszijden bedroeg de breedte honderd el. Het Heilige, het Inwendige en de voorhal, die op de binnen-voorhof uitkwam,
16 papòt yo, fenèt ak gri yo, ak galri ki antoure twa etaj yo ki anfas papòt la, te fèt ak pano anbwa toupatou soti atè jis rive nan fenèt yo, (men fenèt yo menm te kouvri),
waren betimmerd, en schuin toelopende vensters lieten aan alle kanten licht toe in de drie ruimten. Aan alle kanten was er een houtbetimmering, van de grond tot de vensters. De vensters waren met tapijten bedekt; ook voor de toegang naar het Inwendige hing aan de buitenkant een tapijt.
17 rive nan antre a, nan anndan kay la, nan deyò ak nan tout miray la toutotou li nèt, ni anndan ni deyò, te mezire.
Op de gehele wand waren aan alle kanten, van binnen en van buiten,
18 Li te grave ak cheriben ak pye palmis; epi yon pye palmis te antre cheriben ak cheriben e chak cheriben te gen de figi,
cherubs en palmen aangebracht: tussen twee cherubs één palm. De cherubs hadden twee gezichten:
19 Figi a yon nonm vè pye palmis lan sou yon bò e figi a yon jenn lyon vè pye palmis lan sou lòtbò a. Yo te grave menm jan sou tout lakay toutotou li.
een mensengezicht, gekeerd naar de palm aan de ene kant, en een leeuwenkop, gekeerd naar de palm aan de andere kant. Ze waren aangebracht rondom de gehele tempel.
20 Soti atè jis rive anwo, nan antre a, cheriben yo ak pye palmis yo te grave e sou miray a chanm gran asanble a tou.
Van de grond af tot op deurhoogte waren op de wand de cherubs en de palmen aangebracht.
21 Pilye pòt a chanm gran asanble a te an fòm kare. Epi devan sanktyè a, aparans a yon pilye pòt te menm ak lòt la.
De deurposten van het heiligdom vormden een vierkant. Vóór het Heilige stond iets,
22 Lotèl la te fèt an bwa, twa koude nan wotè e longè a, de koude. Kwen li yo, baz li e akote li yo te an bwa. Epi li te di mwen: “Sa se tab ki devan SENYÈ a.”
dat op een houten altaar geleek. Het was drie el hoog en twee el lang; het had hoornen, en de voetstukken en wanden ervan waren van hout. Hij sprak tot mij: Dit is de tafel, die vóór Jahweh’s aangezicht staat.
23 Gran chanm asanble a ak sanktyè a, yo chak te gen yon pòt doub.
Het Heilige had twee deuren;
24 Chak nan pòt yo te gen de fèy, de fèy ki koube plwaye ouvri fèmen; de fèy pou yon pòt e de fèy pou lòt la.
elke deur had twee draaibare deurvleugels, twee aan de éne en twee aan de andere deur;
25 Anplis, te gen grave sou yo, sou pòt chanm gran asanble a, cheriben ak pye palmis yo tankou sila ki te grave sou miray yo. Epi te gen yon papòt an bwa devan galeri pa deyò.
op de deuren van het Heilige waren cherubs en palmen aangebracht, juist zoals op de wanden.
26 Te gen fenèt ak gri yo, ak pye palmis yo sou yon bò ak yon lòt, sou kote galeri yo. Se konsa chanm akote ak papòt kay yo te ye.
Voor de voorhal was aan de buitenzijde een houten luifel; en schuin toelopende vensters en palmen bevonden zich aan weerszijden van de deurposten van de voorhal. Ook de cellen van het tempelhuis hadden een luifel.

< Ezekyèl 41 >