< Ezekyèl 40 >
1 Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la.
我們被擄掠第二十五年,耶路撒冷城攻破後十四年,正在年初,月之初十日,耶和華的靈降在我身上,他把我帶到以色列地。
2 Nan vizyon a Bondye yo, Li te mennen m nan peyi Israël, Li te depoze m sou yon mòn byen wo. Epi sou li vè sid te gen yon konstriksyon tankou yon vil.
在上帝的異象中帶我到以色列地,安置在至高的山上;在山上的南邊有彷彿一座城建立。
3 Konsa, se la li te mennen mwen, epi gade byen, te gen yon nonm ak aparans tankou aparans a bwonz, yon lign fisèl fèt ak len ak yon baton apantaj nan men l. Konsa, li te kanpe nan pòtay la.
他帶我到那裏,見有一人,顏色如銅,手拿麻繩和量度的竿,站在門口。
4 Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”
那人對我說:「人子啊,凡我所指示你的,你都要用眼看,用耳聽,並要放在心上。我帶你到這裏來,特為要指示你;凡你所見的,你都要告訴以色列家。」
5 Gade byen, te gen yon miray sou deyò a tanp lan toutozanviwon, e nan men a nonm nan, te gen yon baton ki mezire sis koude. Yo chak te yon koude plis lajè a yon pla men.
我見殿四圍有牆。那人手拿量度的竿,長六肘,每肘是一肘零一掌。他用竿量牆,厚一竿,高一竿。
6 Konsa, li te ale nan pòtay ki te gen fas li vè lès. Li te monte sou eskalye li yo, e te mezire papòt pòtay la, yon ba kann nan lajè, epi lòt papòt la te yon ba kann nan lajè.
他到了朝東的門,就上門的臺階,量門的這檻,寬一竿;又量門的那檻,寬一竿。
7 Chanm gad la te yon ba kann nan longè, e yon ba kann nan lajè, epi te gen senk koude antre chanm gad yo. Epi papòt pòtay la akote galri pòtay ki te ouvri pa anndan an te yon ba kann.
又有衛房,每房長一竿,寬一竿,相隔五肘。門檻,就是挨着向殿的廊門檻,寬一竿。
8 Li te mezire galri a vè fas pòtay la pa anndan, yon ba kann.
他又量向殿門的廊子,寬一竿。
9 Li te mezire galri a pòtay la, uit koude, epi pilye akote li yo, de koude. Epi galri a pòtay la te vè kay la.
又量門廊,寬八肘,牆柱厚二肘;那門的廊子向着殿。
10 Chanm gad a pòtay lès yo te twa nan kote sa a, ak twa de lòt kote. Toule twa nan de kote te gen menm mezi. Pilye akote yo te gen menm mezi a nan chak kote tou.
東門洞有衛房:這旁三間,那旁三間,都是一樣的尺寸;這邊的柱子和那邊的柱子,也是一樣的尺寸。
11 Li te mezire lajè pòtay la, dis koude e longè pòtay la, trèz koude.
他量門口,寬十肘,長十三肘。
12 Te gen yon mi baryè yon koude lajè nan chak kote, epi chanm gad yo te sis koude kare nan chak kote.
衛房前展出的境界:這邊一肘,那邊一肘;衛房這邊六肘,那邊六肘。
13 Li te mezire pòtay la soti nan twati a youn nan chanm gad yo, rive nan twati a lòt la, yon lajè a venn-senk koude soti nan yon pòt jis rive nan pòt a lòt anfas la.
又量門洞,從這衛房頂的後檐到那衛房頂的後檐,寬二十五肘;衛房門與門相對。
14 Li te fè pilye akote yo swasant koude wotè, epi lakou a te rive nan pilye yo jis li antoure pòtay la.
又量廊子六十肘,牆柱外是院子,有廊為界,在門洞兩邊。
15 Soti devan antre a pòtay, antre a pou rive devan galri enteryè a, te gen senkant koude.
從大門口到內廊前,共五十肘。
16 Te gen fenèt ki fèt ak gri ki te vizavi a chanm gad yo, nan pozisyon akote pilye yo ak pòtay ki te antoure yo a, e menm jan pou galri yo. Epi te gen fenèt toutozanviwon pa anndan. Epi sou chak pilye akote yo, te gen dekorasyon pye palmis.
衛房和門洞兩旁柱間並廊子,都有嚴緊的窗櫺;裏邊都有窗櫺,柱上有雕刻的棕樹。
17 Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a.
他帶我到外院,見院的四圍有鋪石地;鋪石地上有屋子三十間。
18 Pave a te akote pòtay yo, e te koresponn a longè pòtay yo, menm pave pi ba a.
鋪石地,就是矮鋪石地在各門洞兩旁,以門洞的長短為度。
19 Epi li te mezire lajè a soti devan pòtay pi ba a pou rive devan pati eksteryè a lakou enteryè a, yon santèn koude nan lès ak nan nò.
他從下門量到內院外,共寬一百肘,東面北面都是如此。
20 Jan pou pòtay lakou eksteryè ki bay fas vè nò a, li te mezire longè li ak lajè li.
他量外院朝北的門,長寬若干。
21 Li te gen twa chanm gad chak kote. Pilye akote li yo ak galri li yo te gen menm mezi ak premye pòtay la. Longè li te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
門洞的衛房,這旁三間,那旁三間。門洞的柱子和廊子,與第一門的尺寸一樣。門洞長五十肘,寬二十五肘。
22 Fenèt li yo, galri li yo ak dekorasyon pye palmis li yo te gen menm mezi ak pòtay ki te bay fas vè lès la. Epi li te vin jwenn pa sèt mach eskalye yo, e galri li te devan yo.
其窗櫺和廊子,並雕刻的棕樹,與朝東的門尺寸一樣。登七層臺階上到這門,前面有廊子。
23 Lakou enteryè a te gen yon pòtay anfas pòtay nan nò a, menm jan ak pòtay nan lès la. Li te mezire san koude soti nan yon pòtay a yon pòtay.
內院有門與這門相對,北面東面都是如此。他從這門量到那門,共一百肘。
24 Nan lè sa a, li te mennen m vè sid e gade byen, te gen yon pòtay vè sid la. Li te mezire pilye akote li yo ak galri li yo selon menm mezi sila yo.
他帶我往南去,見朝南有門,又照先前的尺寸量門洞的柱子和廊子。
25 Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou tankou lòt fenèt yo. Longè la te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
門洞兩旁與廊子的周圍都有窗櫺,和先量的窗櫺一樣。門洞長五十肘,寬二十五肘。
26 Te gen sèt machpye ki t ap monte vè li e galri li yo te devan yo. Li te gen dekorasyon pye palmis yo sou pilye akote yo, youn nan chak kote.
登七層臺階上到這門,前面有廊子;柱上有雕刻的棕樹,這邊一棵,那邊一棵。
27 Lakou enteryè a te gen yon pòtay vè sid. Li te mezire de pòtay a pòtay vè sid, san koude.
內院朝南有門。從這門量到朝南的那門,共一百肘。
28 Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la selon menm mezi yo.
他帶我從南門到內院,就照先前的尺寸量南門。
29 Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo tout selon menm mezi yo. Epi te gen fenèt nan li ak galri yo ki te antoure l toupatou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
衛房和柱子,並廊子都照先前的尺寸。門洞兩旁與廊子的周圍都有窗櫺。門洞長五十肘,寬二十五肘。
30 Te gen galri yo toupatou, venn-senk koude longè e senk koude lajè.
周圍有廊子,長二十五肘,寬五肘。
31 Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye li a te gen uit machpye.
廊子朝着外院,柱上有雕刻的棕樹。登八層臺階上到這門。
32 Li te mennen m nan lakou enteryè a vè lès. Li te mezire pòtay la selon menm mezi sila yo.
他帶我到內院的東面,就照先前的尺寸量東門。
33 Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo te selon menm mezi sa yo. Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
衛房和柱子,並廊子都照先前的尺寸。門洞兩旁與廊子的周圍都有窗櫺。門洞長五十肘,寬二十五肘。
34 Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye a te gen uit machpye.
廊子朝着外院。門洞兩旁的柱子都有雕刻的棕樹。登八層臺階上到這門。
35 Ankò, li te mennen mwen antre nan pòtay nò a. Li te mezire li selon menm mezi yo—
他帶我到北門,就照先前的尺寸量那門,
36 avèk chanm gad li yo, pliye akote li yo ak galri li yo. Pòtay la te gen fenèt toutotou. Longè a te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
就是量衛房和柱子,並廊子。門洞周圍都有窗櫺;門洞長五十肘,寬二十五肘。
37 Pilye akote li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo, youn sou chak kote. Eskalye li a te gen uit machpye.
廊柱朝着外院。門洞兩旁的柱子都有雕刻的棕樹。登八層臺階上到這門。
38 Yon chanm ak pòtay li te bò pilye nan pòtay yo. La, yo te lave ofrann brile yo.
門洞的柱旁有屋子和門;祭司在那裏洗燔祭牲。
39 Nan galri pòtay la, te gen de tab nan chak kote, tab sou sila yo te touye ofrann brile yo, ofrann peche yo ak ofrann koupabilite a.
在門廊內,這邊有兩張桌子,那邊有兩張桌子,在其上可以宰殺燔祭牲、贖罪祭牲,和贖愆祭牲。
40 Sou kote deyò a, pandan yon moun t ap monte vè pòtay nò a, te gen de tab, epi sou lòt kote galri pòtay la, te gen de tab.
上到朝北的門口,這邊有兩張桌子,門廊那邊也有兩張桌子。
41 Kat tab te nan chak kote touprè pòtay la, ki fè uit tab antou sou sila yo te touye sakrifis yo.
門這邊有四張桌子,那邊有四張桌子,共八張;在其上祭司宰殺犧牲。
42 Pou ofrann brile yo, te gen kat tab an wòch taye, yon koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè e yon koude nan wotè, tab sou sila yo poze enstriman avèk sila yo touye ofrann brile ak sakrifis la.
為燔祭牲有四張桌子,是鑿過的石頭做成的,長一肘半,寬一肘半,高一肘。祭司將宰殺燔祭牲和平安祭牲所用的器皿放在其上。
43 Kwòk yo, longè a yon pla Men te enstale toupatou nan kay la. Sou tab yo, yo te mete chè ofrann nan.
有鉤子,寬一掌,釘在廊內的四圍。桌子上有犧牲的肉。
44 Soti deyò jis rive nan pòtay enteryè a, se te chanm pou chantè nan lakou enteryè yo. Youn nan sila yo te akote pòtay nò a, ak fas li vè sid ak youn akote pòtay sid la, ak fas li vè nò.
在北門旁,內院裏有屋子,為歌唱的人而設。這屋子朝南;在南門旁,又有一間朝北。
45 Li te di mwen: “Sa se chanm ki bay fas vè sid la, ki pou prèt ki responsab lokipe tanp yo.
他對我說:「這朝南的屋子是為看守殿宇的祭司;
46 Men chanm ki bay fas vè nò a se pou prèt ki responsab okipe lotèl yo. Sila yo se fis a Tsadok yo, ki soti nan fis a Levi ki vin rapwoche yo de SENYÈ a pou fè sèvis Li.”
那朝北的屋子是為看守祭壇的祭司。這些祭司是利未人中撒督的子孫,近前來事奉耶和華的。」
47 Li te mezire lakou a, an fòm kare nèt, san koude nan longè pa san koude nan lajè. Epi lotèl la te devan tanp lan.
他又量內院,長一百肘,寬一百肘,是見方的。祭壇在殿前。
48 Nan lè sa a, li te mennen m nan galri a tanp lan e li te mezire chak kote pilye a galri a, senk koude nan chak kote. Lajè a pòtay la te twa koude nan chak kote.
於是他帶我到殿前的廊子,量廊子的牆柱。這面厚五肘,那面厚五肘。門兩旁,這邊三肘,那邊三肘。
49 Longè a galeri a te ven koude e lajè a te onz koude. Vè eskalye pa sila li ta ka monte a, te gen kolòn ki te apatyen a pilye akote yo, youn nan chak kote.
廊子長二十肘,寬十一肘。上廊子有臺階。靠近牆柱又有柱子,這邊一根,那邊一根。