< Ezekyèl 4 >
1 “Alò, ou menm, fis a lòm, chache pou ou yon moso mozayik. Mete l devan ou e desiyen yon vil sou li, menm Jérusalem nan.
“And you, son of man, take a brick for yourself, and you have put it before you, and have carved a city on it—Jerusalem,
2 Konsa, poze fè syèj kontra li. Bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan a, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon.
and have placed a siege against it, and built a fortification against it, and poured out a mound against it, and placed camps against it, indeed, set battering-rams against it all around.
3 Ankò, chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li. Li anba syèj. Konsa ou va mete li anba syèj menm. Sa va yon sign pou lakay Israël.
And you, take an iron pan for yourself, and you have made it a wall of iron between you and the city; and you have prepared your face against it, and it has been in a siege, indeed, you have laid siege against it. It [is] a sign to the house of Israel.
4 “Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li. Ou va pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo.
And you, lie on your left side, and you have placed the iniquity of the house of Israel on it; the number of the days that you lie on it, you bear their iniquity.
5 Mwen te kontwole fòs kantite jou ki koresponn a fòs kantite ane a inikite yo; twa-san-katra-ven-di jou. Konsa ou va pote inikite a lakay Israël la.
And I have laid the years of their iniquity on you, the number of days, three hundred and ninety days; and you have borne the iniquity of the house of Israel.
6 Lè ou fin konplete sila yo, ou va kouche yon dezyèm fwa sou kote dwat ou pou pote inikite lakay Juda a. Mwen te kontwole li pou ou pandan karant jou; yon jou pou chak ane.
And you have completed these, and have lain on your right side, a second time, and have borne the iniquity of the house of Judah forty days—a day for a year—a day for a year I have appointed to you.
7 Konsa, ou va mete figi ou vè syèj a Jérusalem ak bra ou dekouvri pou pwofetize kont li.
And to the siege of Jerusalem you prepare your face, and your arm [is] uncovered, and you have prophesied concerning it.
8 Alò, gade byen, Mwen va mete kòd sou ou pou ou pa kapab vire soti yon kote a yon lòt jiskaske ou fin konplete jou a syèj ou yo.
And behold, I have put thick bands on you, and you do not turn from side to side until your completing the days of your siege.
9 “Men pou ou menm, pran ble, lòj, pwa, pwa tann, pitimi, ak ble mòn. Mete yo nan yon sèl veso e fè pen ak yo. Ou va manje l selon nonb jou ke ou kouche sou kote ou yo, twa-san-katre-ven-di jou.
And you, take for yourself wheat, and barley, and beans, and lentiles, and millet, and spelt, and you have put them in one vessel, and made them for bread for yourself; the number of the days that you are lying on your side—three hundred and ninety days—you eat it.
10 Manje ke ou va manje a va ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan.
And your food that you eat [is] by weight, twenty shekels daily; from time to time you eat it.
11 Dlo ou bwè a va yon sizyèm en (1 lit pa mezi). Ou va bwè l de tanzantan.
And you drink water by measure, a sixth part of the hin; from time to time you drink [it].
12 Ou va manje li kon gato lòj. Ou va kwit li devan yo ak fimye poupou moun.”
And you eat it [as] barley-cake, and it with dung—the filth of man—you bake before their eyes.”
13 Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”
And YHWH says, “Thus the sons of Israel eat their defiled bread among the nations to where I drive them.”
14 Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”
And I say, “Aah! Lord YHWH, behold, my soul is not defiled, and carcass, and torn thing, I have not eaten from my youth, even until now; nor has abominable flesh come into my mouth.”
15 Konsa, Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan. Sou li menm ou va prepare pen ou an.”
And He says to me, “See, I have given to you bullock’s dung instead of man’s dung, and you have made your bread by it.”
16 Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz
And He says to me, “Son of man, behold, I am breaking the staff of bread in Jerusalem, and they have eaten bread by weight and with fear; and water by measure and with astonishment, they drink;
17 ke pen ak dlo va vin ra. Konsa, yo va etonnen youn lòt e yo vin deperi nan inikite yo.”
so that they lack bread and water, and have been astonished with one another, and been consumed in their iniquity.”