< Ezekyèl 38 >

1 Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di:
És lett hozzám az Örökkévaló igéje, mondván:
2 “Fis a lòm, mete figi ou vè Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li.
Ember fia, fordítsd arczodat Góg ellen Mágóg országában, Mésekh és Túbál legfőbb fejedelme ellen és prófétálj róla.
3 Di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog, prens a Rosch la, Méschec ak Tubal.
És szólj: így szól az Úr, az Örökkévaló, íme én ellened fordulok Góg, te Mésekh és Túbál legfőbb fejedelme.
4 Mwen va fè ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe;
És eltérítlek és karikákat vetek állkapcsaidba és kivezetlek téged és egész hadseregedet, lovakat és lovasokat, teljes díszbe öltözve mindannyian, nagy gyülekezet vérttel és paizszsal, kardot fogók mindannyian.
5 Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas;
Párasz, Kús és Pút velük, valamennyien paizszsal és sisakkal.
6 Gomer ak tout twoup li yo; Beth-Togarma soti kote ki pi lwen nan nò a avèk tout twoup li yo—anpil moun avèk ou.”
Gómer és mind a csapatjai, Tógarma háza az észak hátulján, mind a csapatjaival, sok népek veled.
7 “‘“Prepare ou e rete prepare, ou menm ak tout twoup ki rasanble antoure ou yo. Veye byen sou yo.
Készülj és készülődjél te és egész gyülekezeted, a hozzád gyülekezettek, és légy nekik őrizetül.
8 Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan teren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout.
Sok nap múlva ki fogsz rendeltetni, az évek végén bejössz egy kardtól visszatérített, sok nép közül összegyűjtött országba, Izraél hegyeire, amelyek mindig pusztulássá lettek; de ő kihozatott a népek közül és laknak biztonságban mindnyájan.
9 Ou va monte. Ou va vini tankou yon tanpèt. Ou va tankou yon nwaj k ap kouvri peyi a, ou menm ak tout twoup ou yo, ansanm ak anpil lòt nasyon yo.”
Fel fogsz vonulni, mint a vihar jössz be, mint a felhő leszel, beborítva a földet, te és mind a csapatjaid és sok népek teveled.
10 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan.
Így szól az Úr, az Örökkévaló: És lészen azon napon, dolgok jutnak eszedbe és rossz gondolatot fogsz gondolni;
11 Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo,
azt mondod; fölvonulok nyit helyek országa ellen, jövök a nyugodtakra, a biztonságban lakókra; mindnyájan fal nélkül laknak, reteszük és kapujuk nincsenek nekik.
12 pou kaptire e sezi piyaj la, pou vire men ou kont kote dezè ki, koulye a, gen moun yo, e kont pèp ki vin rasanble soti nan nasyon yo, ki te vin genyen byen ak bèt, ki viv nan mitan mond lan.’
Hogy zsákmányolj zsákmányt és prédálj prédát, hogy ráfordítsad kezedet a lakottá lett romokra és a nemzetek közül egybegyűjtött népre, a mely jószágot és birtokot szerzett, a kik laknak a föld köldökén.
13 Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo ou pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’
Sába és Dedán és Tarsís kereskedői és mind az oroszlánjai azt mondják majd neked: Vajon zsákmányt zsákmányolni jössz-e, prédát prédálni gyülekeztetted-e egybe gyülekezetedet; hogy elvigyél ezüstöt és aranyat, hogy elvégy jószágot és birtokot, hogy nagy zsákmányt zsákmányolj?
14 “Pou sa, pwofetize, fis a lòm e di a Gog: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke pèp Mwen an ap viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa?
Azért prófétálj ember fia és mondjad Gógnak: Így szól az Úr, az Örökkévaló: Nemde ama napon, midőn biztonságban fog lakni Izraél népem, megtudod,
15 Ou va sòti nan plas kote ki pi lwen yo nan nò a, ou menm ak anpil pèp avèk ou, yo tout ap galope cheval, yon gwo asanble e yon lame pwisan.
eljössz helyedről, az észak hátuljáról, te és sok nép veled, lovon ülők mindnyájan, nagy gyülekezet és számos sereg.
16 Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”
Felvonulsz Izraél népem ellen mint a felhő, beborítva a földet; a napok végén lesz az, hogy ráhozlak országomra, azért hogy megismerjenek engem a nemzetek, midőn szentnek bizonyulok rajtad szemeik láttára, oh Góg.
17 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske ou se moun sou sila ke M te pale nan ansyen jou yo pa sèvitè Mwen yo, pwofèt Israël yo? Sila ki te pwofetize nan jou sa yo pandan anpil ane pou M ta mennen ou kont yo?
Így szól az Úr, az Örőkkévaló: Te vagy-e az, kiről régi napokban beszéltem szolgáim, Izraél prófétái által, a kik ama napokban éveken át ptófétáltak, hogy elhozlak téged reájuk.
18 Li va vin rive nan jou sila a, lè Gog monte kont peyi Israël”, deklare Senyè BONDYE a: “ke gwo chalè mekontantman Mwen va monte nan kòlè Mwen.
És lészen ama napon, a mely napon eljön Góg Izraél földjére, úgymond az Úr, az Örökkévaló, föl fog szállani hevem orromban.
19 Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo tranbleman detè nan peyi Israël.
És buzgalmamban, felindulásom tüzében beszéltem, bizony ama napon nagy földrengés lesz Izraél földjén.
20 Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè.
És megrendülnek előttem a tenger halai, az ég madara és a mező vadja és minden csúszó-mászó, mely a földön mászik, meg minden ember, ki a föld színén van; és leromboltatnak a hegyek és ledőlnek a fokozatos lejtők és minden fal a földre dől.
21 Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo”, deklare Senyè BONDYE a. “Nepe a tout moun va kont frè yo.
És szólítok ellene minden hegyeimre kardot, úgymond az Úr, az Örökkévaló, kinek-kinek kardja testvére ellen lesz.
22 Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf.
És ítéletre szállok vele dögvésszel és vérrel, áradó esőt és jégeső köveit, tüzet és ként hullatok reá és csapatjaira és a vele levő sok népre.
23 Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
És nagynak és szentnek bizonyulok és megismertetem magamat sok nemzet szeme láttára; és megtudják, hogy én vagyok az Örökkévaló.

< Ezekyèl 38 >