< Ezekyèl 37 >
1 Men SENYÈ a te sou mwen, Li te mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo.
Ręka PANA była nade mną i on wyprowadził mnie w duchu PANA, i postawił mnie w środku doliny, która była pełna kości;
2 Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch.
Przeprowadził mnie obok nich dokoła, a oto było ich bardzo dużo na obszarze tej doliny, a oto były bardzo wyschłe.
3 Li te di mwen: “Fis a lòm, èske zo sila yo kapab viv?” Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”
I powiedział do mnie: Synu człowieczy, czy te kości ożyją? Odpowiedziałem: Panie BOŻE, ty wiesz.
4 Ankò li te di mwen: “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a.
Wtedy powiedział do mnie: Prorokuj o tych kościach i mów do nich: Wyschłe kości, słuchajcie słowa PANA.
5 Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan.
Tak mówi Pan BÓG do tych kości: Oto sprawię, że wstąpi w was tchnienie i ożyjecie;
6 Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò, e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan. Epi nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
Nałożę na was ścięgna i sprawię, że obrośniecie ciałem, oblekę was w skórę, i włożę w was tchnienie, i ożyjecie. I poznacie, że ja jestem PANEM.
7 Konsa, mwen te pwofetize jan mwen te kòmande a. Epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e, gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke. Konsa, zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo.
Prorokowałem więc, jak mi rozkazano. A gdy prorokowałem, powstał szum, a oto poruszenie; i kości zbliżyły się [do siebie], kość do swojej kości.
8 Mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi, e po yo te vin kouvri. Men pa t gen souf nan yo.
I spojrzałem, a oto pojawiły się na nich ścięgna, obrosły ciałem i skóra je powlekła z wierzchu, ale nie było w nich tchnienia.
9 Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”
I powiedział do mnie: Prorokuj do wiatru, prorokuj, synu człowieczy, i powiedz do wiatru: Tak mówi Pan BÓG: Przyjdź od czterech wiatrów, tchnienie, i powiej na tych zabitych, i niech ożyją.
10 Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.
Prorokowałem więc, jak mi rozkazał, i wstąpiło w nie tchnienie, a ożyły i stanęły na nogach, bardzo, bardzo liczne wojsko.
11 Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’
I powiedział do mnie: Synu człowieczy, te kości to cały dom Izraela. Oto mówią: Nasze kości wyschły, nasza nadzieja przepadła, jesteśmy zgubieni.
12 Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël.
Dlatego prorokuj i mów do nich: Tak mówi Pan BÓG: Oto otworzę wasze groby i wyprowadzę was z waszych grobów, ludu mój, i przyprowadzę was do ziemi Izraela.
13 Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an.
I poznacie, że ja jestem PANEM, gdy otworzę wasze groby i wyprowadzę was z waszych grobów, ludu mój.
14 Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp teren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”
Włożę w was mojego ducha i ożyjecie, i osadzę was w waszej ziemi. I poznacie, że ja, PAN, to powiedziałem i uczyniłem, mówi PAN.
15 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò. Li te di:
I doszło do mnie słowo PANA mówiące:
16 “Ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Juda e pou fis a Israël parèy li yo’. Epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’
A ty, synu człowieczy, weź sobie kawałek drewna i napisz na nim: Dla Judy i synów Izraela, jego towarzyszy. Weź też drugi [kawałek] drewna i napisz na nim: Dla Józefa, drewno Efraima i całego domu Izraela, jego towarzyszy.
17 Konsa, pou kont ou, fè yo vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”
I złóż je jedno z drugim w jeden kawałek, aby stanowiły jedno w twoim ręku.
18 “Lè fis a pèp ou yo mande ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm sa ou vle di ak sa yo?’
A gdy synowie twego ludu zapytają cię: Czy nie oznajmisz nam, co przez to rozumiesz?
19 Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan, ak tribi Israël parèy li yo, epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a. Konsa, yo va fè yon sèl bwa. Yo va vin youn nan men M.
Powiesz im: Tak mówi Pan BÓG: Oto wezmę drewno Józefa, które jest w ręku Efraima oraz pokolenia Izraela, jego towarzyszy, i przyłożę je do tamtego, do drewna Judy, i uczynię je jednym drewnem, i staną się jednym w moim ręku.
20 Bwa sou sila ou ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’
A te drewna, na których napiszesz, będą w twoim ręku na ich oczach.
21 Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo.
Potem powiedz do nich: Tak mówi Pan BÓG: Oto wezmę synów Izraela spośród narodów, do których przybyli, zgromadzę ich zewsząd i przyprowadzę ich do ich ziemi.
22 Konsa, Mwen va fè yo vin yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò.
I uczynię ich jednym narodem w ziemi, na górach Izraela, i jeden król będzie królem nad nimi wszystkimi. Nie będą już dwoma narodami i już nie podzielą się na dwa królestwa.
23 Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”
Nie splugawią się już swymi bożkami i obrzydliwościami oraz wszelkimi występkami. Wybawię ich ze wszystkich ich miejsc zamieszkania, gdzie zgrzeszyli, i oczyszczę ich. I będą moim ludem, a ja będę ich Bogiem.
24 “‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo.
Mój sługa Dawid będzie królem nad nimi i wszyscy będą mieli jednego pasterza. Będą chodzić według moich sądów, [będą] przestrzegać moich ustaw i wykonywać je.
25 Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan.
I zamieszkają w tej ziemi, którą dałem mojemu słudze Jakubowi, w której mieszkali wasi ojcowie; będą w niej mieszkali, oni, ich synowie i synowie ich synów, aż na wieki, a mój sługa Dawid [będzie] ich księciem na wieki.
26 Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan.
Zawrę też z nimi przymierze pokoju, które będzie przymierzem wiecznym z nimi. Osadzę ich i rozmnożę, i umieszczę swoją świątynię pośród nich na wieki.
27 Anplis, abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
Mój przybytek będzie wśród nich i będę ich Bogiem, a oni będą moim ludem.
28 Konsa, nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”
I poznają narody, że ja jestem PANEM, który uświęca Izraela, gdy moja świątynia będzie wśród nich na wieki.