< Ezekyèl 36 >

1 Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a.
«ای پسر انسان، به کوههای اسرائیل نبوّت کن و بگو: ای کوههای اسرائیل به پیغام خداوند گوش دهید.
2 Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’
خداوند یهوه چنین می‌فرماید: دشمنانتان به شما اهانت کرده، بلندیهای قدیمی شما را از آن خودشان می‌دانند.
3 akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.”
آنها از هر طرف شما را تار و مار کرده، به سرزمینهای مختلف برده‌اند و شما مورد ملامت و تمسخر آنان قرار گرفته‌اید.
4 Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo,
پس ای کوههای اسرائیل، به کلام من که خداوند یهوه هستم گوش فرا ده! به کوهها و تپه‌ها، وادیها و دره‌ها، مزارع و شهرهایی که مدتهاست به‌وسیلۀ قومهای خدانشناس همسایهٔ شما ویران شده و مورد تمسخر قرار گرفته‌اند، می‌گویم:
5 akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon piyaj.”’
خشم من بر ضد این قومها، بخصوص اَدوم، شعله‌ور شده است، چون زمین مرا با شادی و با اهانت به قوم من، تصرف نمودند.
6 Akoz sa, pwofetize konsènan peyi Israël la, e di a mòn e a kolin yo, a ravin yo e a vale yo: ‘konsa pale Senyè Bondye a: “Gade byen, Mwen te pale nan jalouzi Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, akoz nou te andire ensilt a nasyon yo.”’
«پس، ای حِزِقیال، پیشگویی کن و به کوهها و تپه‌ها، به وادیها و دره‌های اسرائیل بگو که خداوند یهوه می‌فرماید: من از اینکه قومهای همجوارتان شما را تحقیر کرده‌اند سخت خشمگین هستم.
7 Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’
من خودم به شما قول می‌دهم که این قومها مورد تحقیر قرار خواهند گرفت.
8 “‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini.
ولی بر کوههای اسرائیل درختان دوباره سبز خواهند شد و برای شما که قوم من هستید میوه خواهند آورد و شما به سرزمین خویش باز خواهید گشت.
9 Paske gade byen, Mwen pou nou, Mwen va vire kote nou, e nou va vin kiltive e plante.
من همراه شما هستم و وقتی زمین را شیار کرده، در آن بذر بپاشید، شما را برکت خواهم داد.
10 Mwen va fè moun miltipliye sou nou, tout lakay Israël la, tout moun ladann. Konsa, vil yo va abite e dezè yo va vin rebati.
در سراسر اسرائیل، جمعیت شما را افزایش می‌دهم و شهرهای ویران شده را بنا نموده، آنها را پر از جمعیت می‌کنم.
11 Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple teren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
نه فقط مردم، بلکه گله‌های گاو و گوسفند شما را هم بارور می‌سازم. شهرهای شما مثل گذشته آباد خواهند شد و من شما را بیش از پیش برکت داده، کامیاب خواهم ساخت. آنگاه خواهید دانست که من یهوه هستم.
12 Wi, Mwen va fè mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.”
ای اسرائیل که قوم من هستید، من شما را به سرزمین‌تان باز می‌گردانم تا بار دیگر در آن ساکن شوید. آن سرزمین متعلق به شما خواهد بود و دیگر نخواهم گذاشت فرزندان شما از قحطی بمیرند.»
13 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz lòt nasyon yo di nou: ‘Ou se yon pèp ki manje moun e ou te fè peye ou pèdi pitit li yo,’
خداوند یهوه می‌فرماید: «قومهای دیگر به شما طعنه می‌زنند و می‌گویند:”اسرائیل سرزمینی است که ساکنان خود را می‌بلعد و داغ فرزندانشان را بر دل آنها می‌گذارد!“
14 Akoz sa, ou p ap manje moun ankò e ou p ap responsab pèt pitit peye ou yo,” deklare Senyè BONDYE a.
ولی من که خداوند یهوه هستم، می‌گویم که آنها دیگر این سخنان را بر زبان نخواهند آورد، زیرا مرگ و میر در اسرائیل کاهش خواهد یافت.
15 “Mwen p ap kite nou koute ensilt a nasyon yo ankò, ni nou p ap pote mepriz a nasyon yo ankò, ni ou p ap fè nasyon pa w vin chite ankò”, deklare Senyè BONDYE a.’”
آن قومها دیگر شما را سرزنش و مسخره نخواهند کرد، چون دیگر سبب لغزش قوم خود نخواهید بود. این را من که خداوند یهوه هستم می‌گویم.»
16 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
پیغام دیگری از جانب خداوند بر من نازل شد:
17 “Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li.
«ای پسر انسان، وقتی بنی‌اسرائیل در سرزمین خودشان زندگی می‌کردند، آن را با اعمال زشت خود نجس نمودند. رفتار ایشان در نظر من مثل یک پارچهٔ کثیف و نجس بود.
18 Akoz sa, Mwen te vide chalè kòlè Mwen sou yo pou san ke yo te vèse sou peyi a, akoz yo te souye li ak zidòl yo.
آن سرزمین را با آدمکشی و بت‌پرستی آلوده ساختند. به این دلیل بود که من خشم خود را بر ایشان فرو ریختم.
19 Anplis, Mwen te gaye yo pami nasyon yo, e yo te vin dispèse toupatou nan peyi yo. Selon chemen yo ak zak yo, Mwen te jije yo.
آنان را به سرزمینهای دیگر تبعید کردم و به این طریق ایشان را به سبب تمام اعمال و رفتار بدشان مجازات نمودم.
20 Lè yo te rive nan nasyon kote yo te ale yo, yo te pwofane non Mwen. Paske yo te di a yo menm: ‘Sila yo se pèp SENYÈ a; malgre, yo te vin sòti kite peyi Li a.’
اما وقتی در میان سرزمینها پراکنده شدند، باعث بی‌حرمتی نام قدوس من گشتند، زیرا قومهای دیگر دربارهٔ ایشان گفتند:”اینها قوم یهوه هستند که از سرزمین خود رانده شده‌اند.“
21 Men Mwen te vle konsève onè a non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.
من به فکر نام قدوس خود هستم که شما آن را در بین قومهای دیگر بی‌حرمت کرده‌اید.
22 “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo.
«پس، به قوم اسرائیل بگو من که خداوند یهوه هستم می‌گویم شما را دوباره به سرزمین‌تان باز می‌گردانم، ولی این کار را نه به خاطر شما بلکه به خاطر نام قدوس خود می‌کنم که شما در میان قومها آن را بی‌حرمت نموده‌اید.
23 Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.
عظمت نام خود را که شما آن را در میان قومهای دیگر بی‌حرمت کردید، در میان شما آشکار خواهم ساخت، آنگاه مردم دنیا خواهند دانست که من یهوه هستم.
24 “‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an.
من شما را از میان قومهای دیگر جمع کرده، به سرزمین‌تان باز می‌گردانم.
25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo.
آنگاه آب پاک بر شما خواهم ریخت تا از بت‌پرستی و تمام گناهان دیگر پاک شوید.
26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè.
به شما قلبی تازه خواهم داد و روحی تازه در باطن شما خواهم نهاد. دل سنگی و نامطیع را از شما خواهم گرفت و قلبی نرم و مطیع به شما خواهم داد.
27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.
روح خود را در شما خواهم نهاد تا احکام و قوانین مرا اطاعت نمایید.
28 Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va pèp Mwen yo e Mwen va Bondye pa nou.
«شما در سرزمین اسرائیل که به اجدادتان دادم ساکن خواهید شد. شما قوم من می‌شوید و من خدای شما.
29 Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen p ap mennen gwo grangou rive sou nou.
شما را از همهٔ گناهانتان پاک می‌کنم و غلهٔ فراوان به شما داده، به قحطی پایان می‌دهم.
30 Mwen va miltipliye fwi sou pyebwa ak pwodwi chan an, pou nou pa resevwa mepriz a gwo grangou pami nasyon yo ankò.”
میوهٔ درختان و محصول مزارعتان را زیاد می‌کنم تا دیگر به علّت قحطی مورد تمسخر قومهای همجوار قرار نگیرید.
31 “‘“Nan lè sa a, nou va sonje chemen mechan nou yo, zak nou ki pa t bon yo, e nou va rayi tèt nou nan pwòp zye nou, akoz inikite ak abominasyon nou yo.
آنگاه گناهان گذشتهٔ خود را به یاد خواهید آورد و برای کارهای زشت و قبیحی که کرده‌اید از خود متنفر و بیزار خواهید شد.
32 Se pa pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”
ولی بدانید که این کارها را به خاطر شما نمی‌کنم. پس ای قوم اسرائیل، از کارهایی که کرده‌اید، خجالت بکشید!»
33 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M netwaye nou soti nan tout inikite nou yo, Mwen va fè vil la vin peple ak moun e kote dezole yo vin rebati.
خداوند یهوه می‌فرماید: «وقتی گناهانتان را پاک سازم، دوباره شما را به وطنتان اسرائیل می‌آورم و ویرانه‌ها را آباد می‌کنم.
34 Tèren dezole a va kiltive olye de vin yon dezolasyon devan zye a tout moun ki pase yo.
زمینها دوباره شیار خواهند شد و دیگر در نظر رهگذران بایر نخواهند بود؛
35 Yo va di: ‘Tè dezole sa a te vin tankou jaden Éden. Epi dezè a, vil ranblè yo vin ranfòse e vin gen moun.’
و آنها خواهند گفت:”این زمینی که ویران شده بود، اکنون همچون باغ عدن شده است! شهرهای خراب دوباره بنا گردیده و دورشان حصار کشیده شده و پر از جمعیت گشته‌اند.“
36 Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen va fè sa.”
آنگاه تمام قومهای همجواری که هنوز باقی مانده‌اند، خواهند دانست من که خداوند هستم شهرهای خراب را آباد کرده و در زمینهای متروک محصول فراوان به بار آورده‌ام. من که یهوه هستم این را گفته‌ام و بدان عمل می‌کنم.»
37 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Konsa anplis, men sa lakay Israël va mande M fè pou yo: Mwen va fè pèp pa yo a vin anpil tankou bann mouton.
خداوند یهوه می‌فرماید: «من بار دیگر دعاهای قوم اسرائیل را اجابت خواهم کرد و ایشان را مثل گلهٔ گوسفند زیاد خواهم نمود.
38 Tankou bann mouton ki pou fè sakrifis, tankou bann mouton Jérusalem nan lè fèt li yo, konsa vil dezole yo va vin plen ak yon bann moun. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
شهرهای متروکشان از جمعیت مملو خواهد گشت درست مانند روزهای عید که اورشلیم از گوسفندان قربانی، پر می‌شد. آنگاه خواهند دانست که من یهوه هستم.»

< Ezekyèl 36 >