< Ezekyèl 35 >

1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di:
et factus est sermo Domini ad me dicens
2 “Fis a lòm, mete figi ou kont Mòn Séir e pwofetize kont li.
fili hominis pone faciem tuam adversum montem Seir et prophetabis de eo et dices illi
3 Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir, Mwen va lonje men M kont ou pou fè ou vin yon dezolasyon ak yon dezè.
haec dicit Dominus Deus ecce ego ad te mons Seir et extendam manum meam super te et dabo te desolatum atque desertum
4 Mwen va fè devaste vil ou yo e ou va vin Yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
urbes tuas demoliar et tu desertus eris et scies quia ego Dominus
5 “‘“Paske ou te gen rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an.
eo quod fueris inimicus sempiternus et concluseris filios Israhel in manus gladii in tempore adflictionis eorum in tempore iniquitatis extremae
6 Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou.
propterea vivo ego dicit Dominus Deus quoniam sanguini tradam te et sanguis te persequetur et cum sanguinem oderis sanguis persequetur te
7 Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladann li.
et dabo montem Seir desolatum et desertum et auferam de eo euntem et redeuntem
8 Mwen va plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe.
et implebo montes eius occisorum suorum in collibus tuis et in vallibus tuis atque in torrentibus interfecti gladio cadent
9 Mwen va fè ou vin yon dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
in solitudines sempiternas tradam te et civitates tuae non habitabuntur et scietis quoniam ego Dominus
10 “‘“Akoz ou te di: ‘De Nasyon sila yo ak de peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la,
eo quod dixeris duae gentes et duae terrae meae erunt et hereditate possidebo eas cum Dominus esset ibi
11 Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou.
propterea vivo ego dicit Dominus Deus quia faciam iuxta iram tuam et secundum zelum tuum quem fecisti odio habens eos et notus efficiar per eos cum te iudicavero
12 Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin livre nan men nou pou manje nèt.’
et scies quia ego Dominus audivi universa obprobria tua quae locutus es de montibus Israhel dicens deserti nobis dati sunt ad devorandum
13 Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.”
et insurrexistis super me ore vestro et rogastis adversum me verba vestra ego audivi
14 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon.
haec dicit Dominus Deus laetante universa terra in solitudinem te redigam
15 Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
sicuti gavisus es super hereditatem domus Israhel eo quod fuerit dissipata sic faciam tibi dissipatus eris mons Seir et Idumea omnis et scient quia ego Dominus

< Ezekyèl 35 >