< Ezekyèl 34 >

1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
И было ко мне слово Господне:
2 “Fis a lòm, pwofetize kont bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an?
сын человеческий! изреки пророчество на пастырей Израилевых, изреки пророчество и скажи им, пастырям: так говорит Господь Бог: горе пастырям Израилевым, которые пасли себя самих! не стадо ли должны пасти пастыри?
3 Nou manje grès e fè abiman ak len an. Nou kòche mouton gra a, san bay manje a bann mouton an.
Вы ели тук и волною одевались, откормленных овец заколали, а стада не пасли.
4 Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo.
Слабых не укрепляли, и больной овцы не врачевали, и пораненной не перевязывали, и угнанной не возвращали, и потерянной не искали, а правили ими с насилием и жестокостью.
5 Yo te gaye akoz yo te manke yon bèje. Yo te devni manje pou tout bèt sovaj nan chan a, e yo te vin gaye nèt.
И рассеялись они без пастыря и, рассеявшись, сделались пищею всякому зверю полевому.
6 Bann mouton Mwen an te mache egare nan tout mòn yo, ak sou tout wo kolin yo. Bann mouton Mwen an te gaye sou tout sifas tè a, e pa t gen moun pou ale jwenn yo, ni chache yo.”
Блуждают овцы Мои по всем горам и по всякому высокому холму, и по всему лицу земли рассеялись овцы Мои, и никто не разведывает о них, и никто не ищет их.
7 “‘Pou sa, nou menm ki bèje yo, tande pawòl SENYÈ a:
Посему, пастыри, выслушайте слово Господне.
8 “Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “anverite, akoz bann mouton Mwen an te vin viktim, bann mouton Mwen an te menm vin manje pa tout bèt chan yo, akoz yo te manke yon bèje. Bèje Mwen yo pa t chache bann mouton Mwen an, men bèje Mwen yo te nouri pwòp tèt pa yo. Konsa, yo pa t bay manje a bann mouton Mwen an.
Живу Я! говорит Господь Бог; за то, что овцы Мои оставлены были на расхищение и без пастыря сделались овцы Мои пищею всякого зверя полевого, и пастыри Мои не искали овец Моих, и пасли пастыри самих себя, а овец Моих не пасли, -
9 Akoz sa, nou menm ki bèje yo, tande pawòl SENYÈ a:”
за то, пастыри, выслушайте слово Господне.
10 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont bèje yo, Mwen va egzije mouton Mwen yo nan men yo, e fè yo sispann bay manje a mouton yo. Konsa bèje yo p ap bay pwòp tèt yo manje ankò, men Mwen va delivre bann mouton Mwen an soti nan bouch yo, pou yo ka pa sèvi kon manje pou yo ankò.”
Так говорит Господь Бог: вот, Я - на пастырей, и взыщу овец Моих от руки их, и не дам им более пасти овец, и не будут более пастыри пасти самих себя, и исторгну овец Моих из челюстей их, и не будут они пищею их.
11 “‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va chache mouton Mwen yo pou kont Mwen, e Mwen va chache jwenn yo.
Ибо так говорит Господь Бог: вот, Я Сам отыщу овец Моих и осмотрю их.
12 Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la.
Как пастух поверяет стадо свое в тот день, когда находится среди стада своего рассеянного, так Я пересмотрю овец Моих и высвобожу их из всех мест, в которые они были рассеяны в день облачный и мрачный.
13 Mwen va mennen yo sòti pami pèp yo, rasanble yo soti nan peyi yo, e mennen yo nan pwòp peyi yo. Konsa, Mwen va bay yo manje sou mòn Israël yo, akote sous dlo yo ak tout kote ki abite nan peyi a.
И выведу их из народов, и соберу их из стран, и приведу их в землю их, и буду пасти их на горах Израилевых, при потоках и на всех обитаемых местах земли сей.
14 Mwen va bay yo manje nan yon bon patiraj e pak kote yo manje a, va sou wotè mòn Israël yo. Nan yon bon pak yo va kouche. Yo va manje sou patiraj rich nan mòn Israël yo.
Буду пасти их на хорошей пажити, и загон их будет на высоких горах Израилевых; там они будут отдыхать в хорошем загоне и будут пастись на тучной пажити, на горах Израилевых.
15 Mwen va bay manje a bann mouton pa M nan e Mwen va mennen yo nan repo,” deklare Senyè BONDYE a.
Я буду пасти овец Моих и Я буду покоить их, говорит Господь Бог.
16 “Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’
Потерявшуюся отыщу и угнанную возвращу, и пораненную перевяжу, и больную укреплю, а разжиревшую и буйную истреблю; буду пасти их по правде.
17 “Epi pou nou menm, bann Mwen an, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va jije antre yon mouton ak yon lòt, antre belye ak mal kabrit.
Вас же, овцы Мои, - так говорит Господь Бог, - вот, Я буду судить между овцою и овцою, между бараном и козлом.
18 Èske se yon bagay ki twò piti pou nou, pou nou ta manje nan bon patiraj, pou nou oblije foule anba pye nou rès patiraj nou yo? Oswa pou ou ta bwè nan dlo ki pwòp yo, pou ou oblije foule tout lòt yo ak pye nou?
Разве мало вам того, что пасетесь на хорошей пажити, а между тем остальное на пажити вашей топчете ногами вашими, пьете чистую воду, а оставшуюся мутите ногами вашими,
19 Pou bann mouton Mwen yo, oblije manje sa ke ou foule ak pye, e bwè sa ke ou fè vin sal ak pye ou!’
так что овцы Мои должны питаться тем, что потоптано ногами вашими, и пить то, что возмущено ногами вашими?
20 “Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a a yo menm: ‘Gade byen, Mwen menm, Mwen va fè jijman antre mouton gra ak mouton mèg yo.
Посему так говорит им Господь Бог: вот, Я Сам буду судить между овцою тучною и овцою тощею.
21 Akoz nou pouse ak bò kote e ak zepòl la, e lanse kòn sou tout sila ki fèb yo, jiskaske nou fin gaye yo a letranje,
Так как вы толкаете боком и плечом, и рогами своими бодаете всех слабых, доколе не вытолкаете их вон, -
22 pou sa, Mwen va delivre bann mouton Mwen an e yo p ap viktim ankò. Epi Mwen va jije antre yon mouton ak yon lòt.
то Я спасу овец Моих, и они не будут уже расхищаемы, и рассужу между овцою и овцою.
23 Konsa, Mwen va plase sou yo yon sèl bèje, sèvitè Mwen an, David e li va bay yo manje. Li va bay yo manje li menm e li va vin bèje yo.
И поставлю над ними одного пастыря, который будет пасти их, раба Моего Давида; он будет пасти их и он будет у них пастырем.
24 Epi Mwen menm, SENYÈ a, va vin Bondye yo, e sèvitè Mwen an, David, va prens pami yo. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.
И Я, Господь, буду их Богом, и раб Мой Давид будет князем среди них. Я, Господь, сказал это.
25 “‘Mwen va fè yon akò lapè ak yo e retire bèt sovaj sou peyi a pou yo ka viv ansekirite nan dezè a, e dòmi byen nan forè a.
И заключу с ними завет мира и удалю с земли лютых зверей, так что безопасно будут жить в степи и спать в лесах.
26 Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon.
Дарую им и окрестностям холма Моего благословение, и дождь буду ниспосылать в свое время; это будут дожди благословения.
27 Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo.
И полевое дерево будет давать плод свой, и земля будет давать произведения свои; и будут они безопасны на земле своей, и узнают, что Я Господь, когда сокрушу связи ярма их и освобожу их из руки поработителей их.
28 Yo p ap viktim a nasyon yo ankò, e bèt latè yo p ap devore yo ankò. Men yo va viv ansekirite e pèsòn p ap fè yo pè.
Они не будут уже добычею для народов, и полевые звери не будут пожирать их; они будут жить безопасно, и никто не будет устрашать их.
29 Mwen va etabli pou yo yon plantasyon ki plen rekonesans. Yo p ap viktim a gwo grangou ankò, ni yo p ap sipòte ensilt a nasyon yo ankò.
И произведу у них насаждение славное, и не будут уже погибать от голода на земле и терпеть посрамления от народов.
30 Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Bondye pa yo avèk yo e ke yo menm, lakay Israël la, se pèp Mwen, deklare Senyè BONDYE a.
И узнают, что Я, Господь Бог их, с ними, и они, дом Израилев, Мой народ, говорит Господь Бог,
31 Pou nou menm, mouton Mwen yo, mouton a patiraj pa Mwen yo, nou se lòm e Mwen se Bondye nou,’ deklare Senyè BONDYE a.”
и что вы - овцы Мои, овцы паствы Моей; вы человеки, а Я Бог ваш, говорит Господь Бог.

< Ezekyèl 34 >