< Ezekyèl 33 >

1 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
Un Tā Kunga vārds uz mani notika sacīdams:
2 “Fis a lòm, pale a fis a pèp ou yo pou di yo: ‘Si Mwen mennen nepe sou yon peyi, e pèp peyi a pran yon nonm soti pami yo pou fè li gadyen yo,
Cilvēka bērns, runā uz savu ļaužu bērniem un saki uz tiem: kad Es zobenu vedu pār kādu zemi, un tās zemes ļaudis ņem vienu vīru no savām robežām un to ieceļ sev par sargu,
3 epi lè li wè nepe a ap vini sou peyi a, li soufle sou twonpèt pou avèti moun yo,
Un viņš redz zobenu pār to zemi nākam un pūš ar bazūni un pamāca tos ļaudis,
4 men sila ki tande son twonpèt la pa okipe l, e nepe a rive pran l, mennen l ale, san li ap tonbe sou pwòp tèt li.
Un ja kas to bazūnes skaņu dzirdēt dzird un neļaujas pamācīties, un zobens nāk un ņem viņu nost, - šī asinis lai ir uz viņa galvas.
5 Li te tande son twonpèt la men li pa t okipe l. San li va sou tèt li. Men si li te okipe sa a, li t ap sove lavi li.
Viņš dzirdēja bazūnes skaņu, bet nelikās pamācīties, viņa asinis ir uz viņa. Bet kas ļaujas pamācīties, tas izglābs savu dvēseli.
6 Men si gadyen an wè nepe a ap vini, e li pa sonnen twonpèt la, moun yo pa avèti, e nepe a rive retire nenpòt moun pami yo, moun nan soti nan inikite li. Men san li, Mwen va egzije sa a nan men gadyen an.’
Bet kad tas sargs redz zobenu nākam un nepūš ar bazūni, tā ka tie ļaudis netiek pamācīti, un zobens nāk un ņem no tiem kādu dvēseli nost: tas gan savā noziegumā ir noņemts, bet viņa asinis Es prasīšu no tā sarga rokas.
7 “Alò, pou ou menm, fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Konsa, ou va tande yon mesaj soti nan bouch Mwen pou avèti yo pou Mwen.
Tu tad cilvēka bērns, Es tevi esmu licis par sargu Israēla namam, ka tev nu no Manas mutes to vārdu būs klausīt un tos pamācīt no Manas puses.
8 Lè M di a mechan an: ‘O nonm mechan anverite ou va mouri’, men ou pa pale pou avèti e detounen mechan an pou l ka kite chemen mechan li an, nonm mechan sa a va mouri nan inikite li, men san li, Mwen va egzije sa nan men ou.
Kad Es uz bezdievīgo saku. bezdievīgais, tu mirdams mirsi, un tu nemāci bezdievīgo, lai atgriežas no sava ļaunā ceļa, tad bezdievīgais nomirs savā noziegumā, bet viņa asinis Es prasīšu no tavas rokas.
9 Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.
Bet ja tu bezdievīgo pamāci, lai atgriežas no sava ceļa, un viņš neatgriežas no sava ceļa, tad viņš mirs savā noziegumā, bet tu savu dvēseli esi izglābis.
10 “Alò, pou ou, fis a lòm, pale ak lakay Israël: ‘Pale konsa e di: “Anverite, transgresyon nou yo ak peche nou yo, sou nou, e nou ap pouri ladan yo. Donk kòman nou ka viv?”’
Tādēļ, cilvēka bērns, saki uz Israēla namu: jūs runājiet tā un sakāt: mūsu pārkāpumi un mūsu grēki ir uz mums, un mēs iekš tiem ejam bojā, kā tad mēs varam dzīvot?
11 Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’
Saki uz tiem: tik tiešām kā Es dzīvoju, saka Tas Kungs Dievs, Man nepatīk bezdievīgā nāve, bet ka bezdievīgais atgriežas no sava ceļa un dzīvo. Atgriežaties, atgriežaties no saviem ļauniem ceļiem. Jo kāpēc jūs gribat mirt, jūs no Israēla nama?
12 “Epi ou menm, fis a lòm, di a sitwayen parèy ou yo: ‘Ladwati a yon nonm dwat p ap ka delivre li nan jou transgresyon li. E mechanste a mechan an, li p ap tonbe akoz li, si li vire kite mechanste a. Ni yon nonm dwati p ap ka viv sou ladwati li nan jou ke li vin fè peche a.’
Tu tad, cilvēka bērns, saki uz savu ļaužu bērniem: taisno taisnība neizglābs viņa pārkāpšanas dienā, un bezdievīgais savas bezdievības dēļ neies bojā, kad tas atgriežas no savas bezdievības. Un pats taisnais nevar dzīvot caur savu taisnību, kad viņš apgrēkojās.
13 Lè Mwen di a nonm dwat la ke, anverite, li va viv la, e li tèlman kwè nan ladwati li pou li komèt inikite, okenn nan zèv dwat li yo p ap vin sonje; men nan menm inikite sa ke li te fè a, li va mouri.
Kad Es uz taisno saku, ka tas dzīvot dzīvos, un tas paļaujas uz savu taisnību un dara nepareizi, tad visa viņa taisnība netaps pieminēta, bet viņš mirs tai netaisnībā, ko viņš dara.
14 Men lè Mwen di a mechan an: “Anverite, ou va mouri,” e li vire kite peche li, pou vin pratike lajistis ak ladwati,
Un kad Es uz bezdievīgo saku: tu mirdams mirsi, un tas atgriežas no saviem grēkiem un dara tiesu un taisnību,
15 si yon nonm mechan vin remèt sa li te pwomèt pou bay, remèt sa li te pran nan vòlè, mache nan règleman ki bay lavi san ke li pa komèt inikite, li va anverite viv. Li p ap mouri.
Tā ka bezdievīgais ķīlu atdod, laupījumu maksā un staigā dzīvības likumos, nevienam nedarīdams nepareizi, - tad tas dzīvot dzīvos un nemirs.
16 Okenn nan peche ke li te komèt yo p ap vin sonje kont li. Li pratike lajistis ak ladwati. Anverite, li va viv.
Visi viņa grēki, ko viņš darījis, viņam netaps pieminēti; viņš darījis tiesu un taisnību, dzīvot viņš dzīvos.
17 “‘Malgre sa, sitwayen parèy ou yo di: “Chemen Senyè a pa dwat,” men se pwòp chemen pa yo ki pa dwat la.
Tomēr tavu ļaužu bērni saka: Tā Kunga ceļš nav taisns! Bet viņu ceļš nav taisns.
18 Lè moun ladwati a kite ladwati pou komèt inikite, alò, li va mouri ladann.
Kad taisnais nogriežas no savas taisnības un dara nepareizi, tad viņš caur to mirs.
19 Men lè mechan an vire kite mechanste li an pou vin pratike lajistis ak ladwati, li va viv ladan yo.
Un kad bezdievīgais nogriežas no savas bezdievības un dara tiesu un taisnību, tad viņš caur to dzīvos.
20 Men nou di: “Chemen SENYÈ a pa jis”. O lakay Israël, Mwen va jije nou chak selon chemen nou.’”
Bet jūs sakāt: Tā Kunga ceļš nav pareizs. Es jūs tiesāšu, ikvienu pēc viņa ceļiem, ak Israēla nams! -
21 Alò, nan douzyèm ane egzil nou an, nan senkyèm jou nan dizyèm mwa a, yon moun ki te chape Jérusalem te vin kote mwen. Li te di: “Yo fin pran vil la.”
Un notikās divpadsmitā gadā pēc mūsu aizvešanas, desmitā mēnesī, piektā mēneša dienā, tad viens pie manis atnāca, kas no Jeruzālemes bija izglābies, un sacīja: tā pilsēta ir izkauta.
22 Alò, men SENYÈ a te sou mwen pandan nwit lan avan moun chape a te vin parèt la. Epi konsa, Li te louvri bouch mwen avan lè li te vin kote mwen nan maten an. Donk, bouch mwen te louvri e mwen pa t ankò bèbè.
Bet Tā Kunga roka vakarā, iepriekš tā izglābtā atnākšanas, bija nākusi pār mani un atvērusi manu muti, pirms šis rītā pie manis nāca, un mana mute palika atvērta, un es nebiju vairs mēms.
23 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Tad Tā Kunga vārds uz mani notika sacīdams:
24 “Fis a lòm, sila kirete kote dezole sa yo nan peyi Israël ap di: ‘Abraham se te yon sèl, malgre sa, li te posede tè a. Men nou menm anpil. Peyi a te donnen a nou.’
Cilvēka bērns! Tie, kas viņās posta vietās dzīvo Israēla zemē, runā un saka: Ābrahāms bija viens vienīgs un iemantoja to zemi, bet mūsu ir daudzi, tā zeme mums ir dota par mantību.
25 Pou sa, pale yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nou manje vyann ak san ladann; nou leve zye nou vè zidòl yo pandan n ap vèse san. Èske konsa, nou ta dwe vin posede peyi a?
Tādēļ saki uz tiem: tā saka Tas Kungs Dievs: jūs ēdat asinis un paceļat savas acis uz saviem elkiem un izlejat asinis, - un jūs to zemi gribat paturēt par mantību?
26 Nou mete konfyans nou nan nepe nou, nou komèt zak abominab, e nou tout souye madanm a vwazen nou. Èske konsa, nou ta dwe posede peyi a?”’
Jūs stāvat uz savu zobenu, jūs darāt negantību un apgānāt cits cita sievu, un jūs to zemi gribat paturēt par mantību?
27 “Konsa ou va pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan Mwen viv la, anverite, sila ki nan savann yo va tonbe pa nepe. Nenpòt moun ki nan chan ouvri a, Mwen va bay li a bèt sovaj pou devore li, e sila ki nan sitadèl ak nan kav yo, yo va mouri akoz ensèk ak gwo maladi.
Tā tev uz viņiem būs sacīt: tā saka Tas Kungs Dievs: tik tiešām kā Es dzīvoju, tie, kas tais posta vietās dzīvo, kritīs caur zobenu, un to, kas uz lauka, Es nodošu zvēriem par barību, un tie, kas stiprās vietās un alās, mirs caur mēri.
28 Mwen va fè tè a vin dezole jis pou l etonnen moun. Ògèy a pouvwa li a va sispann. Mòn Israël yo va vin dezole jiskaske pèsòn p ap travèse yo.
Un to zemi Es darīšu par posta vietu un tuksnesi, un viņas lepnais stiprums beigsies, un Israēla kalni būs postā, ka tur neviens pāri neies.
29 Konsa yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fè peyi a vin yon dezolasyon ak yon dezè akoz tout zak abominab ke yo te komèt yo.”’
Tad tie samanīs, ka Es esmu Tas Kungs, kad Es to zemi būšu darījis par posta vietu un par tuksnesi visas viņu negantības dēļ, ko tie darījuši.
30 “Men pou ou menm, fis a lòm, sitwayen parèy ou yo ap pale de ou. Akote miray yo ak nan pòtay kay yo, y ap pale youn a lòt, yo chak a frè yo pou di: ‘Vini koulye a pou tande mesaj sila ki sòti nan SENYÈ a.’
Un tu, cilvēka bērns, tavu ļaužu bērni runā pret tevi istabās un nama durvīs, un viens runā ar otru, ikviens ar savu brāli, un saka: nāciet jel, dzirdēsim, kas tas tāds vārds, kas no Tā Kunga nāk.
31 Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.
Un tie nāks pie tevis, tā kā ļaudis mēdz nākt, un sēž tavā priekšā kā Mani ļaudis un klausa tavus vārdus, bet tos nedara; jo tie ir mīlīgi ar savu muti, bet viņu sirds dzenās mantai pakaļ.
32 Gade byen, ou vin pou yo tankou yon chan sansyèl ki chante pa yon moun ak yon bèl vwa, byen jwe sou enstriman. Paske yo tande pawòl ou yo, men yo pa pratike yo.
Un redzi! Tu tiem esi kā jauka dziesmiņa, kā skaista balss, kas labi skan, tādēļ tie klausa tavus vārdus, bet tos nedara.
33 “Pou sa, lè a rive—gade byen, li va rive—alò, yo va konnen ke yon pwofèt te la nan mitan yo.”
Bet kad nāks, - un redzi, nāk! - Tad tie samanīs, ka pravietis ir bijis viņu vidū.

< Ezekyèl 33 >