< Ezekyèl 32 >

1 Nan douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
וַֽיְהִי בִּשְׁתֵּי עֶשְׂרֵה שָׁנָה בִּשְׁנֵֽי־עָשָׂר חֹדֶשׁ בְּאֶחָד לַחֹדֶשׁ הָיָה דְבַר־יְהֹוָה אֵלַי לֵאמֹֽר׃
2 ‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”
בֶּן־אָדָם שָׂא קִינָה עַל־פַּרְעֹה מֶלֶךְ־מִצְרַיִם וְאָמַרְתָּ אֵלָיו כְּפִיר גּוֹיִם נִדְמֵיתָ וְאַתָּה כַּתַּנִּים בַּיַּמִּים וַתָּגַח בְּנַהֲרוֹתֶיךָ וַתִּדְלַח־מַיִם בְּרַגְלֶיךָ וַתִּרְפֹּס נַהֲרוֹתָֽם׃
3 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Koulye a, Mwen va ouvri filè Mwen sou ou avèk konpanyen a anpil moun, e nan filè Mwen an, yo va fè ou leve.
כֹּה אָמַר אֲדֹנָי יֱהֹוִה וּפָרַשְׂתִּי עָלֶיךָ אֶת־רִשְׁתִּי בִּקְהַל עַמִּים רַבִּים וְהֶעֱלוּךָ בְּחֶרְמִֽי׃
4 Mwen va kite ou sou latè. Mwen va jete ou sou chan ouvri, epi Mwen va fè tout zwazo syèl yo poze sou ou. Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.
וּנְטַשְׁתִּיךָ בָאָרֶץ עַל־פְּנֵי הַשָּׂדֶה אֲטִילֶךָ וְהִשְׁכַּנְתִּי עָלֶיךָ כׇּל־עוֹף הַשָּׁמַיִם וְהִשְׂבַּעְתִּי מִמְּךָ חַיַּת כׇּל־הָאָֽרֶץ׃
5 Mwen va lage chè ou sou mòn yo, e Mwen va plen vale yo ak kadav ou yo.
וְנָתַתִּי אֶת־בְּשָׂרְךָ עַל־הֶהָרִים וּמִלֵּאתִי הַגֵּאָיוֹת רָמוּתֶֽךָ׃
6 Anplis, Mwen va fè tè a bwè san ou. L ap rive jis nan mòn yo. Kous dlo yo va vin plen ak ou.
וְהִשְׁקֵיתִי אֶרֶץ צָפָֽתְךָ מִדָּמְךָ אֶל־הֶהָרִים וַאֲפִקִים יִמָּלְאוּן מִמֶּֽךָּ׃
7 Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo e fè zetwal yo fènwa. Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj, e lalin nan p ap bay limyè.
וְכִסֵּיתִי בְכַבּֽוֹתְךָ שָׁמַיִם וְהִקְדַּרְתִּי אֶת־כֹּֽכְבֵיהֶם שֶׁמֶשׁ בֶּעָנָן אֲכַסֶּנּוּ וְיָרֵחַ לֹא־יָאִיר אוֹרֽוֹ׃
8 Tout limyè k ap briye nan syèl la, Mwen va fè yo vin nwa sou ou, e va mete fènwa sou peyi ou a,” deklare Senyè BONDYE a.
כׇּל־מְאוֹרֵי אוֹר בַּשָּׁמַיִם אַקְדִּירֵם עָלֶיךָ וְנָתַתִּֽי חֹשֶׁךְ עַֽל־אַרְצְךָ נְאֻם אֲדֹנָי יֱהֹוִֽה׃
9 “Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon, lè Mwen mennen destriksyon ou pami nasyon yo, jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.
וְהִכְעַסְתִּי לֵב עַמִּים רַבִּים בַּהֲבִיאִי שִׁבְרְךָ בַּגּוֹיִם עַל־אֲרָצוֹת אֲשֶׁר לֹא־יְדַעְתָּֽם׃
10 Mwen va fè anpil pèp vin etone sezi de ou, e wa yo va tèlman gen gwo laperèz pou ou, lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm. Yo va tranble tout tan, chak moun pou pwòp lavi li, nan jou ke ou tonbe a.”
וַהֲשִׁמּוֹתִי עָלֶיךָ עַמִּים רַבִּים וּמַלְכֵיהֶם יִשְׂעֲרוּ עָלֶיךָ שַׂעַר בְּעוֹפְפִי חַרְבִּי עַל־פְּנֵיהֶם וְחָרְדוּ לִרְגָעִים אִישׁ לְנַפְשׁוֹ בְּיוֹם מַפַּלְתֶּֽךָ׃
11 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nepe a wa Babylone nan va vini sou ou.
כִּי כֹּה אָמַר אֲדֹנָי יֱהֹוִה חֶרֶב מֶלֶךְ־בָּבֶל תְּבוֹאֶֽךָ׃
12 Pa nepe a pwisan yo, Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe. Yo tout se chèf sovaj pami nasyon yo. Yo va devaste ògèy Égypte la, e tout gwo foul lame li yo va detwi.
בְּחַרְבוֹת גִּבּוֹרִים אַפִּיל הֲמוֹנֶךָ עָרִיצֵי גוֹיִם כֻּלָּם וְשָֽׁדְדוּ אֶת־גְּאוֹן מִצְרַיִם וְנִשְׁמַד כׇּל־הֲמוֹנָֽהּ׃
13 Anplis, Mwen va detwi tout bèt ki rete bò kote anpil dlo li yo. Pye moun p ap gaye labou ankò, ni zago a bèt p ap gaye labou ankò.
וְהַֽאֲבַדְתִּי אֶת־כׇּל־בְּהֶמְתָּהּ מֵעַל מַיִם רַבִּים וְלֹא תִדְלָחֵם רֶֽגֶל־אָדָם עוֹד וּפַרְסוֹת בְּהֵמָה לֹא תִדְלָחֵֽם׃
14 Konsa, Mwen va fè dlo yo vin kalm e fè rivyè yo vin kouri kon lwil,” deklare Senyè BONDYE a.
אָז אַשְׁקִיעַ מֵימֵיהֶם וְנַהֲרוֹתָם כַּשֶּׁמֶן אוֹלִיךְ נְאֻם אֲדֹנָי יֱהֹוִֽה׃
15 “Lè Mwen fè peyi Égypte vin yon dezolasyon, e peyi a vin pèdi tout sa ki te fè l plen yo, lè M frape tout sila ki rete ladann yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
בְּתִתִּי אֶת־אֶרֶץ מִצְרַיִם שְׁמָמָה וּנְשַׁמָּה אֶרֶץ מִמְּלֹאָהּ בְּהַכּוֹתִי אֶת־כׇּל־יוֹשְׁבֵי בָהּ וְיָדְעוּ כִּי־אֲנִי יְהֹוָֽה׃
16 “‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”
קִינָה הִיא וְקוֹנְנוּהָ בְּנוֹת הַגּוֹיִם תְּקוֹנֵנָּה אוֹתָהּ עַל־מִצְרַיִם וְעַל־כׇּל־הֲמוֹנָהּ תְּקוֹנֵנָּה אוֹתָהּ נְאֻם אֲדֹנָי יֱהֹוִֽה׃
17 Nan douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
וַֽיְהִי בִּשְׁתֵּי עֶשְׂרֵה שָׁנָה בַּחֲמִשָּׁה עָשָׂר לַחֹדֶשׁ הָיָה דְבַר־יְהֹוָה אֵלַי לֵאמֹֽר׃
18 “Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
בֶּן־אָדָם נְהֵה עַל־הֲמוֹן מִצְרַיִם וְהוֹרִדֵהוּ אוֹתָהּ וּבְנוֹת גּוֹיִם אַדִּרִם אֶל־אֶרֶץ תַּחְתִּיּוֹת אֶת־יוֹרְדֵי בֽוֹר׃
19 ‘Se ki moun ou depase nan bèlte? Desann, fè kabann ou ak ensikonsi yo.’
מִמִּי נָעָמְתָּ רְדָה וְהׇשְׁכְּבָה אֶת־עֲרֵלִֽים׃
20 Yo va tonbe nan mitan sila ki touye pa nepe yo. Fi a vin livre pou nepe a. Fè l rale soti ak tout gwo foul li yo.
בְּתוֹךְ חַלְלֵי־חֶרֶב יִפֹּלוּ חֶרֶב נִתָּנָה מׇשְׁכוּ אוֹתָהּ וְכׇל־הֲמוֹנֶֽיהָ׃
21 Pi gran pami pwisan yo va pale ak li nan mitan sejou mò yo ansanm ak sila ki t ap ede li yo. ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.’ (Sheol h7585)
יְדַבְּרוּ־לוֹ אֵלֵי גִבּוֹרִים מִתּוֹךְ שְׁאוֹל אֶת־עֹֽזְרָיו יָרְדוּ שָׁכְבוּ הָעֲרֵלִים חַלְלֵי־חָֽרֶב׃ (Sheol h7585)
22 “Assyrie, li la, ak tout konpanyen li yo. Tonbo li yo antoure li. Yo tout touye, tonbe pa nepe,
שָׁם אַשּׁוּר וְכׇל־קְהָלָהּ סְבִיבוֹתָיו קִבְרֹתָיו כֻּלָּם חֲלָלִים הַנֹּפְלִים בֶּחָֽרֶב׃
23 tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la. Epi konpanyen li yo antoure tonbo li. Yo tout te touye, tonbe akoz nepe a; tout sila ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo.
אֲשֶׁר נִתְּנוּ קִבְרֹתֶיהָ בְּיַרְכְּתֵי־בוֹר וַיְהִי קְהָלָהּ סְבִיבוֹת קְבֻרָתָהּ כֻּלָּם חֲלָלִים נֹפְלִים בַּחֶרֶב אֲשֶׁר־נָתְנוּ חִתִּית בְּאֶרֶץ חַיִּֽים׃
24 “Élam la ak tout gwo foul li yo ki antoure tonbo li a. Yo tout mouri, tonbe pa nepe, e te desann ensikonsi nan pati piba latè yo; sila ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo, e te pote wont yo, ansanm avèk sila ki te desann nan twou fòs yo.
שָׁם עֵילָם וְכׇל־הֲמוֹנָהּ סְבִיבוֹת קְבֻרָתָהּ כֻּלָּם חֲלָלִים הַנֹּפְלִים בַּחֶרֶב אֲֽשֶׁר־יָרְדוּ עֲרֵלִים ׀ אֶל־אֶרֶץ תַּחְתִּיּוֹת אֲשֶׁר נָתְנוּ חִתִּיתָם בְּאֶרֶץ חַיִּים וַיִּשְׂאוּ כְלִמָּתָם אֶת־יוֹרְדֵי בֽוֹר׃
25 Yo fè kabann Elam nan pami sila ki touye ak tout gwo foul li yo. Tonbo yo antoure li. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo, e konsa, yo te pote wont yo avèk sila ki desann nan twou fòs yo. Yo rive nan mitan sila ki te touye yo.
בְּתוֹךְ חֲלָלִים נָתְנוּ מִשְׁכָּב לָהּ בְּכׇל־הֲמוֹנָהּ סְבִיבוֹתָיו קִבְרֹתֶהָ כֻּלָּם עֲרֵלִים חַלְלֵי־חֶרֶב כִּֽי־נִתַּן חִתִּיתָם בְּאֶרֶץ חַיִּים וַיִּשְׂאוּ כְלִמָּתָם אֶת־יוֹרְדֵי בוֹר בְּתוֹךְ חֲלָלִים נִתָּֽן׃
26 “Méschec Tubal, ak tout gwo foul yo la. Tonbo yo antoure yo. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo.
שָׁם מֶשֶׁךְ תֻּבַל וְכׇל־הֲמוֹנָהּ סְבִיבוֹתָיו קִבְרוֹתֶיהָ כֻּלָּם עֲרֵלִים מְחֻלְלֵי חֶרֶב כִּי־נָתְנוּ חִתִּיתָם בְּאֶרֶץ חַיִּֽים׃
27 Ni yo pa p kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo byen plase anba tèt yo. Men inikite yo te rete menm sou zo yo; sepandan, se pi pwisan yo te teworize nan peyi moun vivan yo. (Sheol h7585)
וְלֹא יִשְׁכְּבוּ אֶת־גִּבּוֹרִים נֹפְלִים מֵעֲרֵלִים אֲשֶׁר יָרְדֽוּ־שְׁאוֹל בִּכְלֵֽי־מִלְחַמְתָּם וַיִּתְּנוּ אֶת־חַרְבוֹתָם תַּחַת רָאשֵׁיהֶם וַתְּהִי עֲוֺֽנֹתָם עַל־עַצְמוֹתָם כִּֽי־חִתִּית גִּבּוֹרִים בְּאֶרֶץ חַיִּֽים׃ (Sheol h7585)
28 “Men nan mitan ensikonsi a, ou va vin kraze, e kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo.
וְאַתָּה בְּתוֹךְ עֲרֵלִים תִּשָּׁבַר וְתִשְׁכַּב אֶת־חַלְלֵי־חָֽרֶב׃
29 “La tou, gen Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo. Yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
שָׁמָּה אֱדוֹם מְלָכֶיהָ וְכׇל־נְשִׂיאֶיהָ אֲשֶׁר־נִתְּנוּ בִגְבוּרָתָם אֶת־חַלְלֵי־חָרֶב הֵמָּה אֶת־עֲרֵלִים יִשְׁכָּבוּ וְאֶת־יֹרְדֵי בֽוֹר׃
30 “La tou, gen chèf lanò yo, yo tout ak tout Sidonyen yo. Malgre tout gwo laperèz yo te kreye akoz pwisans yo, nan wont, yo te desann avèk sila ki te touye yo. Konsa, yo te kouche ensikonsi avèk sila ki te touye pa nepe yo, e te pote gwo wont yo avèk lòt yo ki desann nan twou fòs yo.
שָׁמָּה נְסִיכֵי צָפוֹן כֻּלָּם וְכׇל־צִדֹנִי אֲשֶׁר־יָרְדוּ אֶת־חֲלָלִים בְּחִתִּיתָם מִגְֿבֽוּרָתָם בּוֹשִׁים וַיִּשְׁכְּבוּ עֲרֵלִים אֶת־חַלְלֵי־חֶרֶב וַיִּשְׂאוּ כְלִמָּתָם אֶת־יוֹרְדֵי בֽוֹר׃
31 “Sa yo, Farawon va wè e li va twouve konsolasyon pou tout gwo foul li yo ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout lame li a,” deklare Senyè BONDYE a.
אוֹתָם יִרְאֶה פַרְעֹה וְנִחַם עַל־כׇּל־הֲמוֹנֹה חַלְלֵי־חֶרֶב פַּרְעֹה וְכׇל־חֵילוֹ נְאֻם אֲדֹנָי יֱהֹוִֽה׃
32 Sepandan, Mwen te mete gwo laperèz li nan peyi moun vivan yo. Malgre sa, li va kouche ak ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout gwo lame li yo”, deklare Senyè BONDYE a.
כִּֽי־נָתַתִּי אֶת־[חִתִּיתִי] (חתיתו) בְּאֶרֶץ חַיִּים וְהֻשְׁכַּב בְּתוֹךְ עֲרֵלִים אֶת־חַלְלֵי־חֶרֶב פַּרְעֹה וְכׇל־הֲמוֹנֹה נְאֻם אֲדֹנָי יֱהֹוִֽה׃

< Ezekyèl 32 >