< Ezekyèl 31 >

1 Nan onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Bylo pak jedenáctého léta, třetího měsíce, prvního dne téhož měsíce, že se stalo slovo Hospodinovo ke mně, řkoucí:
2 “Fis a lòm, pale a Farawon, wa Égypte la, ak gwo foul lame li yo: ‘Ak kilès ou sanble nan grandè ou?
Synu člověčí, rci Faraonovi králi Egyptskému i množství jeho: K komu jsi podoben v své velikosti?
3 Gade byen, Assyrie te yon pye sèd nan Liban. Branch li yo te bèl nan lonbraj forè a, e byen wo. Tèt li te rive pami nwaj yo.
Aj, Assur byl jako cedr na Libánu, pěkných ratolestí, a větvovím zastěňující, a vysokého zrůstu, jehož vrchové byli mezi hustými větvemi.
4 Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo. Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou. Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.
Vody k zrůstu přivedly jej, propast jej vyvýšila, potoky jejími opuštěn byl vůkol kmen jeho, ješto jen praménky své vypouštěla na všecka dříví polní.
5 Akoz sa, wotè li te piwo ke tout pyebwa chan yo, e branch li yo te vin anpil e byen long akoz anpil dlo ki te fè l gaye yo.
Takž se vyvýšil zrůst jeho nade všecka dříví polní, a rozmnožili se výstřelkové jeho, a pro hojnost vod roztáhly se ratolesti jeho, kteréž vypustil.
6 Tout zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo. Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit. Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.
Na ratolestech jeho hnízdilo se všelijaké ptactvo nebeské, a pod větvemi jeho rodili se všelijací živočichové polní, a v stínu jeho sedali všickni národové velicí.
7 Konsa, li te bèl nan grandè li, nan longè branch li yo; paske rasin li te lonje rive kote anpil dlo.
I byl ušlechtilý pro svou velikost, a pro dlouhost větví svých; nebo kořen jeho byl při vodách mnohých.
8 Pye sèd nan jaden Bondye yo pa t ka egal ak li. Pye sipre yo pa t ka gen branch tankou l, ni pa t gen lòt bwa ki konpare ak branch li yo. Menm bwa pen an pa t gen branch kon li. Pa t gen pyebwa nan jaden Bondye yo ki ta ka parèy li nan bèlte.
Cedrové v zahradě Boží nepřikryli ho, jedle nevrovnaly se ratolestem jeho, a stromové kaštanoví nebyli podobni větvem jeho. Žádné dřevo v zahradě Boží nebylo rovné jemu v kráse své.
9 Mwen te fè l bèl ak fòs kantite branch li yo, e tout pyebwa Éden yo te jalou devan l.’
Ozdobil jsem jej množstvím větvoví jeho, tak že mu záviděla všecka dříví Eden, kteráž byla v zahradě Boží.
10 “Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz li byenwo nan wotè l, te mete tèt li rive pami nwaj yo, e kè l te awogan nan wotè li,
Protož takto praví Panovník Hospodin: Proto že vysoce vyrostl, a vypustil vrch svůj mezi husté větvoví, a pozdvihlo se srdce jeho příčinou vysokosti jeho:
11 pou sa, Mwen va livre li nan men a pi pwisan an a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li.
Protož vydal jsem jej v ruku nejsilnějšího z národů, aby s ním přísně nakládal; pro bezbožnost jeho vyhnal jsem jej.
12 Etranje yo, pi pwisan a nasyon yo, te koupe li a tè e te kite li. Sou mòn yo e nan tout vale yo, branch li yo te vin tonbe, e gwo branch li yo te vin kase nan tout ravin peyi yo. Konsa, tout pèp sou latè yo te desann kite lonbraj li e te menm kite li.
A tak vyťali jej cizozemci, nejukrutnější národové, a nechali ho tu. Po horách i po všech údolích opadly větve jeho, a slomeny jsou ratolesti jeho na všecky prudké potoky té země. Pročež vystoupili z stínu jeho všickni národové země, a opustili jej.
13 Nan gwo dega li yo, tout zwazo syèl yo va vin demere e tout bèt chan yo va sou branch pa l ki tonbe,
Na němž padlém bydlí všelijaké ptactvo nebeské, a na ratolestech jeho jsou všelijací živočichové polní,
14 pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’
Proto aby se nevyvyšovalo v zrostu svém žádné dříví při vodách, a aby nevypouštělo vrchů svých mezi hustými větvemi, a nevypínalo se nad jiné vysokostí svou žádné dřevo zapojené vodami, proto že všickni ti oddáni jsou k smrti, dolů do země mezi syny lidské s těmi, kteříž sstupují do jámy.
15 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Nan jou ke li te desann nan sejou mò yo, Mwen te koze lamantasyon. Mwen te fèmen pwofondè a sou li epi te bouche rivyè li yo. Epi anpil dlo li yo Mwen te vin bouche nèt. Mwen te fè Liban kriye ak gwo doulè pou li e tout pyebwa nan chan yo te vin fennen akoz li. (Sheol h7585)
Takto praví Panovník Hospodin: Toho dne, v kterýž on sstoupil do hrobu, přivedl jsem k kvílení, a přikryl jsem příčinou jeho propast, a zadržel jsem potoky její, aby se zastavily vody mnohé, a učinil jsem, aby smutek nesl příčinou jeho Libán, a všecko dříví polní příčinou jeho aby umdlelo. (Sheol h7585)
16 Mwen te fè tout nasyon yo tranble nan son a chit li a, lè M t ap fè l desann nan sejou mò yo ak sila ki desann nan twou fòs yo. Tout pyebwa byen wouze Liban yo, pi byen chwazi ak pi meyè a Liban yo, te vin rekonfòte anba tè. (Sheol h7585)
Od hřmotu pádu jeho učinil jsem, že se třásli národové, když jsem jej svedl do hrobu s těmi, kteříž sstupují do jámy. Nad čímž se potěšila na zemi dole všecka dříví Eden, což výborného a dobrého jest na Libánu, vše což zapojeného jest vodou. (Sheol h7585)
17 Yo menm tou te desann avè l nan sejou mò yo akote sila ki te touye pa nepe yo. Epi sila ki te fòs li yo, te rete anba lonbraj li pami nasyon yo. (Sheol h7585)
I ti s ním sstoupili do hrobu k těm, kteříž jsou zbiti mečem, i rámě jeho, i kteříž sedali v stínu jeho u prostřed národů. (Sheol h7585)
18 “‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo. “‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”
Kterému z stromů Eden podoben jsi tak v slávě a velikosti? Však svržen budeš s dřívím Eden dolů na zem, mezi neobřezanci s zbitými mečem lehneš. Toť jest Farao i všecko množství jeho, praví Panovník Hospodin.

< Ezekyèl 31 >