< Ezekyèl 28 >

1 Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di:
The word of the Lord came to me again, saying,
2 “Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Akoz kè ou vin leve, e ou te di: ‘Mwen se yon dye, Mwen chita sou chèz Bondye, nan kè lanmè yo’; malgre, ou se yon nonm e ou pa yon dye; sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—
Son of man, say to the ruler of Tyre, This is what the Lord has said: Because your heart has been lifted up, and you have said, I am a god, I am seated on the seat of God in the heart of the seas; but you are man and not God, though you have made your heart as the heart of God:
3 gade byen, ou pi saj ke Daniel. Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.
See, you are wiser than Daniel; there is no secret which is deeper than your knowledge:
4 Ak sajès ou ak bon konprann ou, ou te vin genyen richès pou tèt ou, e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.
By your wisdom and deep knowledge you have got power for yourself, and put silver and gold in your store-houses:
5 Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou e kè ou vin leve akoz richès ou yo—”
By your great wisdom and by your trade your power is increased, and your heart is lifted up because of your power:
6 “‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te fè kè ou tankou kè Bondye,
For this cause the Lord has said: Because you have made your heart as the heart of God,
7 akoz sa, gade byen, Mwen va mennen etranje yo sou ou, sila ki pi sovaj pami nasyon yo. Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou, e yo va souye gwo bèlte ou a.
See, I am sending against you strange men, feared among the nations: they will let loose their swords against your bright wisdom, they will make your glory a common thing.
8 Yo va mennen ou desann nan twou fòs la, e ou va mouri lanmò a sila ki touye nan kè lanmè yo.
They will send you down to the underworld, and your death will be the death of those who are put to the sword in the heart of the seas.
9 Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’, nan prezans a sila ki te touye ou a? Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye, nan men a sila ki blese ou yo.
Will you say, in the face of those who are taking your life, I am God? but you are man and not God in the hands of those who are wounding you.
10 Ou va mouri lanmò a ensikonsi yo, nan men etranje yo, paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”
Your death will be the death of those who are without circumcision, by the hands of men from strange lands: for I have said it, says the Lord.
11 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Then the word of the Lord came to me, saying,
12 “Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou te genyen so pèfeksyon an, plen sajès e pafè an bèlte.
Son of man, make a song of grief for the king of Tyre, and say to him, This is what the Lord has said: You are all-wise and completely beautiful;
13 Ou te nan Éden, jaden Bondye a. Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou: Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp, Safi, malachi, emwòd, epi lò. Baz kalite travay pou tout prezantasyon te nan ou. Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.
You were in Eden, the garden of God; every stone of great price was your clothing, the sardius, the topaz, and the diamond, the beryl, the onyx, and the jasper, the emerald and the carbuncle: your store-houses were full of gold, and things of great price were in you; in the day when you were made they were got ready.
14 Ou te cheriben onksyone ki kouvri a e Mwen te plase ou la. Ou te sou mòn sen Bondye a. Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.
I gave you your place with the winged one; I put you on the mountain of God; you went up and down among the stones of fire.
15 Ou te san fot nan tout chemen ou yo depi jou ou te kreye a, jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.
There has been no evil in your ways from the day when you were made, till sin was seen in you.
16 Akoz gwo fòs kantite komès ou a, ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans e ou te peche. Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane sòti nan mòn Bondye a. Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a, soti nan mitan wòch dife a.
Through all your trading you have become full of violent ways, and have done evil: so I sent you out shamed from the mountain of God; the winged one put an end to you from among the stones of fire.
17 Kè ou te vin leve wo akoz bèlte ou. Ou te fè sajès ou vin konwonpi akoz gwo bèlte ou a. Mwen te jete ou atè. Mwen te mete ou devan wa yo pou yo wè ou.
Your heart was lifted up because you were beautiful, you made your wisdom evil through your sin: I have sent you down, even to the earth; I have made you low before kings, so that they may see you.
18 Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo, nan enjistis de komès ou a, ou te pwofane sanktyè ou yo. Akoz sa, Mwen te mennen dife soti nan mitan ou. Li fin manje ou nèt. Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a devan zye a tout moun ki wè ou yo.
By all your sin, even by your evil trading, you have made your holy places unclean; so I will make a fire come out from you, it will make a meal of you, and I will make you as dust on the earth before the eyes of all who see you.
19 Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo vin etone jiskaske yo vin sezi de ou. Ou te vin yon gwo etonman laperèz, e ou va sispann egziste jis pou tout tan.”’”
All who have knowledge of you among the peoples will be overcome with wonder at you: you have become a thing of fear, and you will never be seen again.
20 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
And the word of the Lord came to me, saying,
21 “Fis a lòm, mete figi ou vè Sidon. Pwofetize kont li,
Son of man, let your face be turned to Zidon, and be a prophet against it, and say,
22 epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Sidon, e Mwen va vin glorifye nan mitan ou. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen egzekite jijman ladann li, e nan li, Mwen vin sen.
These are the words of the Lord: See, I am against you, O Zidon; and I will get glory for myself in you: and they will be certain that I am the Lord, when I send my punishments on her, and I will be seen to be holy in her.
23 Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l. San ap koule nan ri li yo. Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li, e nepe va antoure l tout kote. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
And I will send on her disease and blood in her streets; and the wounded will be falling in the middle of her, and the sword will be against her on every side; and they will be certain that I am the Lord.
24 “‘“P ap gen pou lakay Israël ankò rakbwa pikan ni yon grenn pikan plen doulè k ap sòti nan sila ki te moke yo. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
And there will no longer be a plant with sharp points wounding the children of Israel, or a thorn troubling them among any who are round about them, who put shame on them; and they will be certain that I am the Lord.
25 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè M rasanble lakay Israël soti nan pèp kote yo gaye yo, e fè sentete Mwen vin parèt nan yo devan zye a tout nasyon yo, nan lè sa a, yo va viv nan peyi ke M te bay a sèvitè Mwen an, Jacob.
This is what the Lord has said: When I have got together the children of Israel from the peoples among whom they are wandering, and have been made holy among them before the eyes of the nations, then they will have rest in the land which is theirs, which I gave to my servant Jacob
26 Yo va viv an sekirite ladann. Wi, yo va bati kay, plante chan rezen e viv ansekirite lè Mwen egzekite jijman sou tout sila ki moke de yo. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a.”’”
And they will be safe there, building houses and planting vine-gardens and living without fear; when I have sent my punishments on all those who put shame on them round about them; and they will be certain that I am the Lord their God.

< Ezekyèl 28 >