< Ezekyèl 27 >
1 Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
HERRENS Ord kom til mig saaledes:
2 “Ou menm, fis a lòm, leve yon lamantasyon sou Tyr.
Du, Menneskesøn, istem en Klagesang over Tyrus
3 Di a Tyr, ‘Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp anpil peyi bò kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a: “O Tyr, ou te di ‘Mwen pafè nan bèlte.’
og sig til Tyrus, som ligger ved Adgangen til Havet og driver Handel med Folkeslagene paa de mange fjerne Strande: Saa siger den Herre HERREN: Tyrus, du siger: »Fuldendt i Skønhed er jeg!«
4 Lizyè ou nan kè lanmè yo. Sila ki te bati ou yo te fè bèlte ou pafè.
De bygged dig midt i Havet, fuldendte din Skønhed.
5 Yo te fè tout planch ou yo ak pye siprè Senir yo. Yo te chache pye sèd Liban yo pou fè ma pou ou.
De tømred af Senircypresser hver Planke i dig, fra Libanon hented de Cedre at lave din Mast,
6 Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo. Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.
af Basans højeste Ege skar de dig Aarer, de lagde dit Dæk af Fyr fra Kittæernes Strande;
7 Vwal ou te fèt ak len fen ki te sòti an Égypte, ki te sèvi kon mak drapo ou. Anba pwotèj solay byen kolore an ble e mov, ki te sòti nan peyi kòt Élischa yo,
dit Sejl var ægyptisk Byssus i broget Væv, dit Tag var Purpur i blaat og rødt fra Elisjas Strande.
8 mesye Sidon yo ak Arvad t ap bourade zaviwon ou yo. Mesye saj ou yo, O Tyr, te nan ou. Se yo ki te pilòt yo.
Zidons og Arvads Folk var Rorkarle for dig, om Bord var de kyndigste i Zarepta, de var dine Styrmænd,
9 Ansyen a Guebal yo ak mesye saj li yo te avèk nou, pou repare kote ki ouvri yo. Tout bato lanmè yo ak mèt bato yo te la pou okipe machandiz ou yo.
de ældste og kyndigste i Gebal, de bøded din Læk. Alle Havets Skibe med Søfolk var hos dig for at omsætte dine Varer.
10 “‘“Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou, mesye lagè ou yo. Yo te pann boukliye ak kas nan ou. Yo te fè grandè ou parèt byen bèl.
Folk fra Persien, Lydien og Put var i din Hær som Krigsfolk, de ophængte Skjolde og Hjelme i dig; de gav dig Glans.
11 Fis a Avad yo ak lame ou a te sou miray ou yo, e gèrye yo te pann boukliye yo sou miray ou yo toupatou. Yo te vin pèfeksone bèlte ou a.
Arvaditerne og deres Hær stod rundt paa dine Mure, Gammaditerne paa dine Taarne; de ophængte deres Skjolde rundt paa dine Mure, de fuldendte din Skønhed.
12 “‘“Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.
Tarsis var din Handelsven, fordi du havde alskens Gods i Mængde; Sølv, Jern, Tin og Bly gav de dig for dine Varer.
13 “‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”
Javan, Tubal og Mesjek drev Handel med dig; Trælle og Kobberkar gav de dig i Bytte.
14 “‘“Sila nan Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo.”
Togarmas Hus gav dig Køreheste, Rideheste og Muldyr for dine Varer.
15 “‘“Fis a Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin fè mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou fè twòk.
Rodosboerne drev Handel med dig, mange fjerne Strande var dine Handelsvenner; Elfenben og Ibenholt bragte de dig som Vederlag.
16 “‘“Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”
Edom var din Handelsven, fordi du havde Varer i Mængde; Karfunkler, Purpur, brogede Tøjer, fint Linned, Koraller og Rubiner gav de dig for dine Varer.
17 “‘“Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”
Juda og Israels Land drev Handel med dig; Hvede fra Minnit, Bagværk, Honning, Olie og Mastiksbalsam gav de dig i Bytte.
18 “‘“Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”
Damaskus var din Handelsven fordi du havde alskens Gods i Mængde; de kom med Vin fra Helbon og Uld fra Zahar.
19 “‘“Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. Fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.”
Vedan og Javan gav Sager fra Uzal for dine Varer; smeddet Jern, Kassia og Kalmus fik du i Bytte.
20 “‘“Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”
Dedan drev Handel med dig med Sadeldækkener til Ridning.
21 “‘“Arabie ak tout prens a Kédar yo, te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo. Nan tout sa yo, yo te kliyan ou.”
Araberne og alle Kedars Fyrster var dine Handelsvenner; med Lam, Vædre og Bukke handlede de med dig.
22 “‘“Vandè a Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”
Sabas og Ramas Handelsfolk drev Handel med dig; den allerfineste Balsam, alle Slags Ædelsten og Guld gav de dig for dine Varer.
23 “‘“Charan, Canné, ak Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.”
Karan, Kanne og Eden, Assyrerne og hele Medien drev Handel med dig;
24 Yo te fè komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo.
de handlede med dig med smukke Klæder, Purpurkapper, brogede Tøjer, farvede Tæpper, tvundet og fastsnoet Reb paa dine Markeder;
25 “‘“Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo. Epi ou te vin ranpli, te tèlman vin bèl nan kè lanmè yo.
Tarsisskibene tjente dig ved din Omsætning. Du fyldtes, blev saare tung midt ude i Havet.
26 Mèt zaviwon yo te mennen ou nan gwo dlo. Van lès la te vin kraze ou nan kè lanmè yo.
I rum Sø fik de dig ud, dine roende Mænd; da knuste en Østenstorm dig midt ude paa Havet;
27 Richès ou yo, byen ou yo, machandiz ou yo, maren ak pilòt ou yo, Gwo bòs pou ranje bato yo, vandè ki fè komès machandiz, Ak tout mesye lagè ki nan ou yo, ak tout twoup ki pami ou a, va tonbe antre nan kè lanmè yo nan jou boulvèsman ou an.
dit Gods, dine Varer, din Vinding, dine Søfolk og Styrmænd, de, der bøded din Læk, dine Handelsfolk, alt dit Krigsfolk, som var om Bord, alt Mandskab i din Midte styrter i Havets dyb, den Dag du falder.
28 Nan son kri a pilòt ou yo, tè patiraj yo va souke.
Markerne skælver ved dine Styrmænds Skrig.
29 Tout moun ki konn manyen zaviwon, mesye maren ak tout pilòt lanmè yo va desann kite bato yo. Yo va kanpe atè,
Alle, der sidder ved Aarer, gaar da fra Borde, Søfolk og alle Styrmænd gaar da i Land;
30 epi yo va fè vwa yo vin tande sou ou, e yo va kriye anmè. Yo va jete pousyè sou tèt yo. Yo va vire tounen nan mitan sann yo.
de løfter Røsten over dig, klager bittert; paa Hovedet kaster de Jord og vælter sig i Støvet,
31 Anplis, yo va fè tèt yo vin chòv pou ou, e mare senti yo ak twal sak. Yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo, ak yon plenyen byen anmè.
klipper sig skaldet for dig, klæder sig i Sæk, begræder dig, bitre i Hu, med Sjælekvide,
32 Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou: ‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki rete an silans nan mitan lanmè a?’
istemmer jamrende Klage over dig, klager: Ak, hvor Tyrus er øde midt i Havet!
33 Lè tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo, ou te fè kè anpil pèp kontan. Ak fòs kantite richès ak machandiz ou yo, ou te fè wa latè yo vin rich.
Naar din Vinding kom ind fra Havet, mætted du mange Folkeslag; med dit meget Gods og dine Varer gjorde du Jordens Konger rige.
34 Alò, nan moman an, lè ou vin kraze nèt pa lanmè yo, nan fon dlo yo, machandiz ou ak tout twoup ou yo te tonbe pami ou.
Nu led du Skibbrud paa Havet, paa Vandets Dyb, dine Varer og alt dit Mandskab gik under med dig.
35 Tout sila ki rete nan peyi kot lanmè yo te vin efreye de ou, e wa yo vin plen ak gwo laperèz. Vizaj yo vin twouble.
Over dig gyser alle, som bor paa de fjerne Strande, deres Konger er slagne af Angst, deres Ansigt blegner.
36 Komèsan pami pèp yo vin sifle anlè kon koulèv sou ou. Lafèn ou te vreman etonnan, e ou p ap la ankò, jis pou tout tan.”’”
Deres Kræmmere haanfløjter ad dig, til Rædsel blev du, er borte for evigt.