< Ezekyèl 26 >
1 Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
И бысть во единонадесятое лето, в первый день месяца, бысть слово Господне ко мне глаголя:
2 “Fis a lòm, akoz Tyr te di konsènan Jérusalem: ‘Ha ha! Gade byen, pòtay a pèp yo fin kraze; koulye a l ap remet nan men m. Mwen va vin ranpli koulye a akoz li devaste nèt;’
сыне человечь, понеже рече Сор на Иерусалима: благоже, сокрушися, погибоша языцы, обратися ко мне, иже бе исполненый, опусте:
3 akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li.
того ради сия глаголет Адонаи Господь: се, Аз на тя, Сор, и приведу на тя языки многи, якоже восходит море волнами своими.
4 Yo va detwi miray a Tyr e demoli tou wo li yo. Anplis, Mwen va grate retire ranblè li yo, e fè l vin yon wòch vid.
И обвалят стены Сора и разорят столпы твоя, и развею прах его из него и дам его во гладок камень.
5 Li va vin yon kote pou ouvri filè nan mitan lanmè a, paske Mwen te pale,’ deklare Senyè BONDYE a. ‘Konsa, li va vin piyaj pou nasyon yo.
Сушение мрежей будет среде моря, яко Аз глаголах, глаголет Адонаи Господь: и будет на пленение языком,
6 Anplis, fi li yo ki lòtbò pi gwo teren an va vin touye pa nepe e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’
и дщери его, яже на поли, мечем убиены будут, и уведят, яко Аз Господь.
7 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va mennen sou Tyr soti nan nò Nebucadnetsar, wa Babylone nan, wadèwa a, ak cheval, cha, kavalye ak yon gwo lame.
Яко сия глаголет Адонаи Господь: се, Аз наведу на тя, Сор, Навуходоносора царя Вавилонска от севера, царь царем есть, с коньми и колесницами и с конниками и собранием многих языков зело:
8 Li va touye fi ou yo sou gwo chan an ak nepe. Li va fè miray syèj kont ou, fè monte yon ran kont ou e fè monte yon gwo boukliye kont ou.
сей дщери твоя на поли мечем избиет, и приставит на тя стражбу и оградит тя, и окопает тя ровом и сотворит окрест тебе острог, и обставит оружием и копия своя прямо тебе поставит,
9 Ak gwo mòso bwa fèt pou kraze a, ke l ap dirije kont miray ou yo, e ak rach li yo li va demoli tou wo ou yo.
стены твоя и пирги твоя разорит оружием своим:
10 Akoz gwo fòs kantite cheval li yo, pousyè leve la yo va kouvri ou. Miray ou yo va souke ak bri kavalye, ak charyo ak cha yo lè l ap antre nan pòtay ou yo tankou lè moun ap antre nan yon vil lè yo fin fè brèch ladann.
от множества коней его покрыет тя прах их, и от ржания коней его и от колес колесниц его потрясутся стены твоя, входящу ему во врата твоя, аки входящу во град с поля:
11 Ak zago cheval li yo, li va foule tout lari ou yo nèt. Li va touye moun ou yo ak nepe. Gwo pilye lafòs ou yo va tonbe atè.
копытами коней своих поперут вся стогны твоя: люди твоя мечем изсечет, и состав крепости твоея на земли повержет,
12 Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo.
и пленит силу твою, и возмет имения твоя, и разсыплет стены твоя, и домы твоя вожделенныя разорит, и древа твоя и камение твое и персть твою среде моря ввержет,
13 Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son ap ou yo p ap tande ankò.
и упразднит множество мусикий твоих, и глас певниц твоих не услышится в тебе ктому.
14 Mwen va fè ou yon wòch vid. Ou va sèvi kon yon kote pou ouvri filè. Ou p ap bati ankò, paske Mwen, SENYÈ a te pale’, deklare Senyè BONDYE a.
И дам тя во камень гладок, сушение мрежное будеши, не соградишися ктому, яко Аз глаголах, глаголет Адонаи Господь.
15 “Konsa pale Senyè BONDYE a a Tyr: ‘Èske peyi kot lanmè yo pa ta souke menm nan son chit ou a lè sila ki blese yo plenn nan gòj yo, lè masak fèt nan mitan nou?
Яко сия глаголет Адонаи Господь Сору: не от гласа ли падения твоего, егда возстенут язвении твои, егда извлечется мечь посреде тебе, потрясутся острови?
16 Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou.
И снидут со престол своих вси князи язык морских, и свергут венцы со глав своих, и ризы своя испещренныя совлекут с себе, ужасом ужаснутся: на земли сядут, и убоятся погибели своея, и возстенут о тебе,
17 Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou: “Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan, Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome ki te pwisan sou lanmè, li menm ak tout moun ki te rete ladann yo, ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”
и приимут о тебе плачь, глаголюще: како погибл и разсыпался еси от моря, граде хвалимый, иже был еси крепок на мори, ты и живущии в тебе, иже даял еси страх твой всем живущым в тебе?
18 Koulye a, peyi bò lanmè yo va tranble nan jou chit ou a. Wi, peyi kot ki bò lanmè yo va vin etone jiskaske yo tranble akoz ou vin disparèt.’
И убоятся (вси) острови от дне падения твоего, и смятутся острови в мори от исхода твоего.
19 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè Mwen fè ou vin yon vil dezole, kon vil ki pa gen moun yo, lè Mwen mennen pwofondè a sou ou pou gwo dlo vin kouvri ou,
Яко сия глаголет Адонаи Господь: егда дам тя град опустевшь, якоже грады ненаселены никогдаже, внегда возведу на тя бездну, и покрыет тя вода многа:
20 konsa, Mwen va fè ou desann ak sila ki desann nan twou fòs la, al jwenn pèp ansyen yo. Mwen va fè ou rete nan pati ki piba sou tè a, tankou ansyen kote dezole yo, ak sila ki desann nan twou fòs la, pou ou pa menm gen moun ki abite nan ou. Men Mwen va mete laglwa nan peyi a vivan yo.
и сведу тя к низходящым в пропасть к людем века, и вселю тя во глубинах земных, яко пустыню вечную с низходящими в пропасть, яко да не населишися, ниже востанеши на земли живота:
21 Mwen va mennen gwo laperèz sou ou e ou p ap egziste ankò. Malgre y ap chache ou, yo p ap janm jwenn ou ankò’, deklare Senyè BONDYE a.”
на пагубу тя отдам, и не будеши ктому, и взыщешися и не обрящешися во век, глаголет Адонаи Господь.