< Ezekyèl 23 >

1 Pawòl SENYÈ a te vini kote Mwen ankò e te di:
بار دیگر خداوند با من سخن گفت و فرمود:
2 “Fis a lòm, te gen de fanm, fi a yon sèl manman.
«ای پسر انسان، دو خواهر بودند که در جوانی در مصر به زناکاری و روسپی‌گری کشانده شدند.
3 Yo te jwe pwostitiye an Égypte. Yo te jwe pwostitiye a nan jenès yo. Tete yo te peze e flè vyèj yo te touche.
4 Non yo se te Ohola ak sè li, Oholiba. Konsa, yo te vin pou Mwen, epi yo te vin fè fis ak fi. Epi pou zafè non yo a, Samarie se Ohola e Jérusalem se Oholiba.
نام خواهر بزرگتر، اهوله، و نام خواهر کوچکتر اهولیبه بود. این دو خواهر، یکی سامره است و دیگری اورشلیم! من با آن دو ازدواج کردم و آنها برایم پسران و دختران زاییدند.
5 “Ohola te jwe pwostitiye a pandan li te pou Mwen an. Li te kouri ak anvi dèyè moun ki renmen li yo, dèyè Asiryen yo, vwazen li yo.
ولی بعد، اهوله از من روگرداند و به بتها دل بست و عاشق و دلباخته همسایه‌اش، قوم آشور شد،
6 Sila yo te abiye an mov, chèf ak ofisye yo. Yo tout te bèl jenn gason, chevalye k ap galope cheval.
چون آنها جوانانی جذاب و خوش‌اندام، فرماندهان و سردارانی با لباسهای آبی خوشرنگ و سوارکارانی ماهر بودند.
7 Li te pataje pwostitiye li ak yo; tout nan yo te dè mesye byen chwazi an Assyrie. Epi avèk yo tout, li te kouri ak anvi lachè a, ak tout zidòl yo, li te souye tèt li.
پس، او با آنها که برگزیده‌ترین مردان آشور بودند زنا کرد، بتهایشان را پرستید و خود را نجس ساخت.
8 Li pa t abandone zak pwostitisyon li yo ki te la depi nan tan Égypte la; paske nan jenès li, gason te kouche avèk li. Yo te manyen tete vyèj li e te vide dezi lachè sou li.
علّتش این بود که وقتی مصر را ترک گفت، از فاحشگی دست نکشید، بلکه همچون دوران جوانی‌اش که با مصری‌ها همخواب می‌شد و زنا می‌کرد، به هرزگی خود ادامه داد.
9 “Akoz sa, Mwen te bay li nan men a moun ki renmen li yo, nan men Asiryen yo. Sou sila yo, li te pote anvi lachè yo.
«پس، من او را به دست آشوری‌ها تسلیم نمودم، به دست کسانی که خدایانشان را اینقدر دوست می‌داشت!
10 Yo te dekouvri nidite li. Yo te pran fis ak fi li yo, men yo te touye li menm ak nepe. Konsa, li te vin yon pawòl avètisman pami fanm yo, e yo te egzekite jijman yo sou li.
ایشان رختهای او را کندند و او را کشتند و بچه‌هایش را برای بردگی با خود بردند. زنان دیگر از سرنوشت او درس عبرت گرفتند و دانستند که او به سزای اعمالش رسیده است.
11 “Alò sè li, Oholiba, te wè sa, men li menm te vin pi konwonpi nan anvi pa li a ke sè li a, e pwostitiye li a te pi mal pase pwostitiye sè li.
«اهولیبه، یعنی اورشلیم، با اینکه دید بر سر خواهرش چه آمد، اما در هوسرانی و زناکاری از او هم فاسدتر شد.
12 Li te gen anvi pou Asiryen yo, chèf yo, ak ofisye yo, sila ki pre yo, sila ki abiye kon prens yo, chevalye k ap galope cheval yo, yo tout se bèl gason byen pòtan.
او به همسایه خود قوم آشور، دل بست که مردانی جذاب، خوش‌اندام و سرداران و سوارکارانی با لباسهای آبی خوشرنگ بودند.
13 Mwen te wè ke li te souye tèt li. Yo toulède te pran menm wout la.
دیدم که او نیز آلوده شد و به راه خواهر بزرگترش رفت.
14 “Konsa, li te fè pwostitiye li a vin pi gwo. Epi li te wè pòtre gason yo sou miray la, imaj a Kaldeyen yo fèt an penti wouj,
«او روز‌به‌روز بیشتر در عمق فساد غرق می‌شد. او مجذوب تصاویری گردید که بر دیوار نقش شده بود، تصاویر سرداران بابِلی با لباسهای قرمز، کمربندهای زیبا و کلاه‌های رنگارنگ!
15 abiye ak sentiwon nan ren yo, avèk mòso twal long nan tèt yo, yo tout te sanble ofisye, tankou Babilonyen ki Chaldée yo, peyi nesans yo.
16 Lè li te wè yo, li te fè gwo anvi lachè dèyè yo, e te voye mesaje kote yo Chaldée.
وقتی این تصاویر را دید، شعله عشق بابِلی‌ها در دلش زبانه کشید. پس قاصدانی فرستاد و ایشان را نزد خود دعوت کرد.
17 Babilonyen yo te vin kote li sou kabann lanmou an e te souye li ak pwostitiye yo. Epi lè li te fin defile ak yo, li te bouke jis li about ak yo.
آنها نیز آمده، با او زنا کردند و آنقدر او را بی‌عصمت و نجس ساختند که سرانجام از ایشان متنفر شد و با ایشان قطع رابطه نمود.
18 Konsa, li te dekouvri zak pwostitisyon li an e li te dekouvri nidite li, epi Mwen te vin about avèk li, menm jan Mwen te about ak sè li a.
«من هم وقتی دیدم که اینچنین خود را در اختیار دیگران می‌گذارد تا با او زنا کنند، از او بیزار شدم، همان‌گونه که از خواهرش بیزار شده بودم.
19 Malgre sa, li te miltipliye pwostitisyon li yo, lè l te sonje jou jenès li yo, lè l te konn jwe pwostitiye nan peyi Égypte la.
اما او دوران جوانی و زناکاریهای خود را در مصر به یاد آورد و به فساد و هوسرانی خود افزود و با مردان شهوتران به فسق و فجور پرداخت.
20 Li te fè lanvi nan kouri dèyè tout moun ki gen chè tankou chè bourik ak ekoulman kon ekoulman cheval yo.
21 Konsa, ou te fè lanvi pou bagay lèd jenès ou yo lè Ejipsyen yo te konn manyen lestonmak ou akoz tete jenès ou yo.
بله، او با حسرت، به فساد و هرزگی خود در مصر می‌اندیشید، به دورانی که بکارت خود را در اختیار مصری‌ها گذاشت!
22 “Akoz sa, Oholiba, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va fè moun ki renmen ou yo soulve kont ou, soti nan sila yo ki pa byen avè w, e Mwen va mennen yo kont ou sou tout kote:
«حال، ای اهولیبه، خداوند یهوه چنین می‌فرماید: «اینک من همان قومهایی را که عاشقشان بودی و اکنون از ایشان متنفر شده‌ای، تحریک خواهم کرد که از هر سو علیه تو گرد آیند.
23 Babilonyen yo ak tout Kaldeyen yo, Pekod, Schoa, Koa, ak tout Asiryen ki avèk yo; yo tout, jenn gason byen pòtan yo, chèf yo ak tout ofisye yo, ofisye ak mesye ki gen bon renome yo, tout sila k ap galope cheval yo.
بله، بابِلیان و تمام کلدانیان از فقود، شوع و قوع، و به همراه ایشان همهٔ آشوری‌ها که جوانانی خوب چهره و والامقام و چابک سوارند، خواهند آمد.
24 Yo va vini kont ou ak zam, cha, ak charyo e avèk yon gwo twoup moun yo. Yo va mete yo menm kont ou avèk zam, cha e avèk gwo twoup moun. Yo va mete yo kont ou tout kote ak nepe, boukliye ak kas. Konsa, Mwen va angaje jijman a yo menm e yo va jije ou selon koutim yo.
ایشان از شمال با سپاهی آماده، همراه با کالسکه‌ها و ارابه‌ها به جنگ تو خواهند آمد. مردانی که تا دندان مسلح می‌باشند، از هر سو تو را محاصره خواهند کرد و من تو را به ایشان تسلیم خواهم نمود تا مطابق راه و رسم خودشان، تو را مجازات نمایند.
25 Mwen va pozisyone jalouzi Mwen kont ou, pou yo ka aji avèk ou nan kòlè a gwo chalè Mwen an. Yo va retire nen ou ak zòrèy ou. Sila ki chape yo va tonbe pa nepe. Yo va pran fis ou yo ak fi ou yo, e sila ki chape yo va manje nan dife.
آتش خشم من بر تو شعله‌ور خواهد شد و خواهم گذاشت که با غضب با تو رفتار کنند. آنان بینی و گوشهایت را خواهند برید، بازماندگانت را خواهند کشت و فرزندانت را به اسارت خواهند برد؛ و هر چه باقی بماند، خواهند سوزاند؛
26 Anplis, yo va retire tout rad sou ou e yo va pran bèl bijou ou yo.
ایشان رختهایت را خواهند کند و جواهرات زیبایت را به یغما خواهند برد.
27 Konsa, Mwen va fè zak lèd ak zak pwostitisyon ke ou mennen sòti an Égypte yo vin sispann nan ou, pou ou pa leve zye ou bay yo, ni sonje Égypte ankò.’
«آنگاه به هرزگی و زناکاری‌ات که از مصر به ارمغان آورده‌ای، پایان خواهم داد تا دیگر مشتاق مصر و خدایانش نباشی.
28 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va livre ou nan men a sila ke ou rayi yo, nan men a yo menm de sila ou te vin ekate yo.
زیرا من تو را در چنگ دشمنانت رها خواهم نمود، یعنی در چنگ همان کسانی که از ایشان بیزار و متنفر هستی.
29 Yo va aji avèk ou ak rayisman, pran tout sa ou posede e kite ou toutouni san anyen menm. Konsa, nidite a zak pwostitisyon ou yo va vin ekspoze, ni zak lèd ou yo, ni zak pwostitisyon ou yo.
آنان با نفرت و کینه، هر چه که داری به زور گرفته، لخت و عریان رهایت خواهند کرد تا رسوایی و زناکاری‌ات بر همه آشکار شود.
30 Bagay sa yo ap fèt a ou menm akoz ou te jwe pwostitiye ak nasyon yo, akoz ou te souye tèt ou ak zidòl yo.
«تمام این بلاها به این علّت بر سرت می‌آید که خدایان قومهای دیگر را پرستش نمودی و با این کار، خود را نجس و ناپاک ساختی؛
31 Ou te mache nan chemen a sè ou a. Pou sa, Mwen va mete tas pa li a nan men ou.’
تو راه خواهرت را در پیش گرفتی، بنابراین، من از جام او به تو نیز خواهم نوشانید.
32 “Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou va bwè tas a sè ou a ki fon e ki laj. Yo va ri sou ou e fè rizib sou ou. Li byen gwo.
«خداوند یهوه چنین می‌گوید: «از جام بزرگ و عمیق مجازات خواهرت، تو نیز خواهی نوشید؛ جامی که از تمسخر و استهزا پر است.
33 Ou va vin plen ak soulay ak tristès, tas a gwo laperèz ak dezolasyon, tas a sè ou a, Samarie.
مستی و اضطراب دامنگیرت خواهد شد، زیرا جام تو مانند جام خواهرت لبریز از دهشت و ویرانی خواهد شد.
34 Ou va bwè li e vide li nèt. Epi ou va manje sou ti mòso chire yo e dechire tete ou; paske Mwen te pale sa a”, deklare Senyè BONDYE a.
تو آن جام را تا به آخر سر خواهی کشید. سپس آن را خُرد خواهی کرد و به سینۀ خود خواهی کوبید. من، خداوند یهوه این را می‌گویم!
35 “Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou te bliye Mwen e te jete Mwen dèyè do ou, se pou ou sipòte, koulye a, pinisyon zak lèd ak zak pwostitisyon ou yo.’”
«از آنجا که مرا فراموش کردی و از من روگردان شدی، سزای زناکاریها و گناهانت را خواهی دید!
36 Anplis, SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, èske ou va jije Ohola ak Oholiba? Alò, deklare a yo menm abominasyon yo.
«ای پسر انسان، اهوله و اهولیبه را محکوم کن! گناهان کثیفشان را اعلام نما!
37 Paske yo te komèt adiltè e yo gen san nan men yo. Konsa, yo te komèt adiltè ak zidòl yo e te menm fè fis yo, ke yo te fè pou Mwen yo, pase nan dife pou sèvi kon manje zidòl.
ایشان مرتکب زنا و قتل شدند، بت‌پرستی کردند، و پسرانی را که برای من زاییده بودند بر مذبحهای خود قربانی کرده، سوزاندند.
38 Ankò, yo te fè M sa: yo te souye sanktyè Mwen an nan menm jou a, e te pwofane Saba Mwen yo.
علاوه بر این کارها، در همان روز، خانهٔ مرا نجس کردند و روز شَبّات را بی‌حرمت ساختند.
39 Paske lè yo te fin masakre tout fis yo pou zidòl yo, yo te antre nan sanktyè Mwen an nan menm jou a pou pwofane li; epi konsa, yo te fè anndan lakay Mwen an.
آری، در همان روزی که فرزندان خود را برای بتهایشان قربانی کردند، به خانه من آمدند تا آن را بی‌حرمت سازند. آری، با این عملشان خانۀ مرا آلوده کردند!
40 “Anplis, sè ou yo te menm voye pou mesye ki te sòti lwen yo, a sila yon mesaje te voye. Epi gade byen, yo te vini. Pou sa a, ou te benyen kò w, pentire zye ou, e dekore tèt ou ak bijou yo.
«این دو خواهر قاصدانی نیز به سرزمینهای دور دست فرستادند تا مردان آنجا را فرا خوانند، یعنی کاهنان و بتهایشان را. هنگامی که آمدند، با استقبال گرم آن دو روبرو شدند. آن دو خواهر، همچون روسپی‌ها، استحمام کردند، به چشمانشان سرمه کشیدند، و خود را به بهترین زیورآلات آراستند.
41 Ou te chita sou yon sofa byen bèl ak yon tab byen ranje devan l sou sila ou te mete lansan Mwen ak lwil Mwen an.
آنگاه با هم روی رختخواب زیبای قلابدوزی نشستند و بخور و روغنی را که از آنِ خانه من بود، بر سفره‌ای در مقابل خود گذاردند.
42 “Bri a yon fèt ki plen moun ki alèz te avèk li. Lezòm klas ba, ak moun banal yo te mennen soti nan dezè a. Yo te mete braslè nan men a fanm sa yo ak bèl kouwòn nan tèt yo.
از آنجا صدای مردان عیاش شنیده می‌شد، مردانی هرزه، میگسار و بیابانگرد؛ آنها النگو به دست ایشان کردند و تاج زیبا بر سرشان گذاردند.
43 Epi Mwen te di a li menm ki te epwize nèt akoz adiltè li yo: ‘Èske yo va jwe pwostitiye ak li, koulye a, pandan li konsa a?
با خود گفتم که آیا ایشان رغبت می‌کنند با این فاحشه‌های زشت و فرتوت زنا کنند؟
44 Men yo te antre ladann konsi yo t ap antre nan yon pwostitiye. Konsa, yo te antre nan Ohola ak Oholiba, fanm zak lèd yo.
با این حال، ایشان با همان میل و رغبت مردان شهوترانی که پیش فاحشه‌ها می‌روند، نزد اُهوله و اُهولیبه، این روسپی‌های بی‌حیا رفتند!
45 Men yo menm, moun ladwati yo, va jije yo ak jijman a yon fanm adiltè, e avèk jijman a yon fanm ki te vèse san, akoz se fanm adiltè ke yo ye, epi yo gen san sou men yo.
بنابراین، اشخاص درستکار، آن دو را محکوم خواهند کرد، زیرا زناکارند و دستشان به خون آلوده است.
46 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Mennen yon twoup kont yo e livre yo a gwo laperèz ak piyaj.
«از این رو، من جماعت بزرگی را علیه ایشان خواهم فرستاد تا ایشان را پریشان ساخته، تاراج نمایند.
47 Twoup sa a va lapide yo ak wòch e rache yo ak nepe yo. Yo va touye fis ak fi yo e brile lakay yo ak dife.
آن جماعت آنان را سنگسار کرده، با شمشیر خواهند درید؛ پسران و دختران ایشان را خواهند کشت و خانه‌هایشان را خواهند سوزاند.
48 “‘Konsa, Mwen va fè zak lèd yo kite peyi a, pou tout fanm yo kapab vin avèti e pa komèt zak lèd jan nou konn fè a.
آنگاه در این سرزمین، به هرزگی و زناکاری پایان خواهم داد، تا این درس عبرتی گردد برای آنانی که بت‌پرستی را دوست می‌دارند.
49 Zak lèd nou yo va vin rekonpanse sou nou e nou va pote pinisyon pou adorasyon zidòl nou yo. Konsa, nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”
آن دو خواهر به سزای تمام زناکاریها و بت‌پرستی‌هایشان خواهند رسید. آنگاه خواهند دانست که من خداوند یهوه می‌باشم!»

< Ezekyèl 23 >